Ekriti yo
2 Nefi 23


Chapit 23

Destriksyon Babilòn nan reprezante yon modèl destriksyon nan Dezyèm vini an—Se pral yon jou kòlè ak vanjans—Babilòn (mond lan) pral tonbe pou tout tan—Konpare Ezayi 13. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 aAvètisman kont bBabilòn, Ezayi, pitit Amòz la te resevwa.

2 Leve yon adrapo sou tèt gwo mòn nan, rele fò pou yo tande, bvoye men ba yo pou yo ka antre nan pòt moun debyen yo.

3 M te kòmande moun asanktifye m yo, m te rele moun puisan m yo tou, paske kòlè m pa sou moun ki rejwi nan majeste m.

4 Epi bri foul moun yo sou mòn yo tankou vwa yon gran pèp, gwo bri anpil awayòm nasyon ki brasanble ansanm, Senyè tout Lame yo ap enspekte sòlda li yo.

5 Yo sòti nan yon peyi lwen, nan ekstremite syèl la, wi, Senyè a ak zam endiyasyon li yo, pou detwi tout tè a.

6 Jemi, paske jou Senyè a tou pre; li pral vin tankou yon destriksyon ki sòti kote Toupuisan an.

7 Se poutèt sa tout men pral febli, kè chak moun pral kase;

8 Epi yo pral pè; doulè ak tristès pral anvayi yo; youn pral sezi wè lòt; figi yo pral tankou flanm.

9 Gade, jou Senyè a rive, jou raj ak vanjans e avèk move kòlè, pou l fè tè a tounen dezè; e li pral adetwi pechè yo sou tè a.

10 Paske, zetwal ak lòt limyè nan syèl la pral sispann klere; asolèy la pral fènwa pandan l ap vire, e lalin nan pral fè limyè l etenn.

11 Epi, m pral apini mond lan poutèt move zèv, ak mechan yo, poutèt inikite yo; m pral fè awogans moun bògeye yo sispann, e m pral kraze frekansite moun ki gen gwo kòlèt.

12 M pral fè yon anonm pi chè pase lò rafine; pi chè menm pase lò rafine ki nan peyi Ofi.

13 Se poutèt sa m pral souke syèl la, e tè a pral asòti nan plas li, nan kòlè Senyè tout Lame yo, e nan jou vanjans li a.

14 E, li pral tankou bèt k ap kouri devan chasè ak mouton abandone; e chak moun pral leve kont fanmi l, e chak moun pral sove kite peyi pa l.

15 Tout moun ki gen lògèy pral tonbe; wi, e tout moun ki fè pati nan pami mechan yo pral tonbe anba epe.

16 Pitit yo pral rache fè ti myètmoso devan je yo; kay yo pral ravaje e moun pral vyole madanm yo.

17 Gade, m pral fè moun peyi Mèd yo leve kont yo, pou yo pa okipe ni lajan ak lò, ni pran plezi nan sa.

18 Flèch yo pral rache jèn gason yo fè ti myètmoso; yo p ap gen pitye pou fwi ki nan vant; je yo p ap pase kite timoun.

19 Epi, Babilòn ki fè laglwa wayòm yo, pi abèl nan tout bèl bagay Kalde a, pral vin tankou lè Bondye te chavire bSodòm ak Gomò.

20 Li p ap janm gen aabitan, ni tou moun p ap janm rete ladan l depi nan yon jenerasyon jouk nan lòt: ni Arab p ap mete tant yo ladan l; ni bèje p ap gade mouton ladan l.

21 Men abèt sovaj nan dezè a pral vini ladan l; kay yo pral ranpli avèk vye bèt enfreyan; koukou pral rete ladan yo, e bdemon pral danse ladan l.

22 E, bèt sovaj nan zile yo pral rele nan akay abandone yo, e bdragon nan bèl palè yo; tan Babilòn prèske rive, e jou li p ap pwolonje. Paske, m pral detwi l preseprese; wi, paske m pral gen mizèrikòd pou pèp mwen an, men, mechan yo pral peri.