Ekriti yo
2 Nefi 24


Chapit 24

Izrayèl pral rasanble, e li pral jwi repo milenyòm nan—Yo te chase Lisifè sòti nan syèl la kòm rebèl—Izrayèl pral triyonfe sou Babilòn (mond lan)—Konpare Ezayi 14. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Paske Senyè a pral gen mizèrikòd pou Jakòb, e li pral achwazi Izrayèl ankò, li pral tabli yo nan tè yo a; epi betranje yo pral melanje ak yo, e yo pral fè tèt kole avèk kay Jakòb la.

2 aEpi pèp la pral pran yo pou mennen yo nan plas yo a; wi, sòti lwen nan tout kwen tè a; epi yo pral retounen nan btè pwomiz yo a. Epi kay Izrayèl la pral posede l ankò, tè Senyè a pral pou csèvitè ak bòn; epi yo pral mete nan prizon moun ki te mete yo nan prizon yo a; epi yo pral gouvène opresè yo.

3 Epi, se pral konsa, jou sa a, Senyè a pral ba w arepo, anba lapenn ou, ak lakrent ou, ak anba esklavaj di sa yo te mete w la.

4 Epi, se pral konsa, jou sa a, ou pral fè sa tounen pwovèb e kont wa aBabilòn nan, ou pral di: Kote opresè a pase, kote vil lò a pase!

5 Senyè a te kase baton mechan yo, baton dominatè yo.

6 Moun ki te frape pèp la avèk vanjans la, ki t ap plede bat li a, moun ki te gouvène nasyon yo ak kòlè a, kounyeya, li nan pèsekisyon, e pèsonn pa pote l sekou.

7 Tout tè a ap repoze, yo nan trankilite; yo tonbe achante.

8 Wi, apye bwapen yo, ak pye bwa sèd Liban yo rejwi pou ou, yo di: Depi lè w btonbe a cpèsonn pa vini pou koupe nou ankò.

9 aLanfè a louvri zantray li pou l vin rankontre w; li leve b yo pou ou, menm tout gwo tèt ki te mouri yo; li te fè tout wa nasyon yo leve sou twòn yo.

10 Yo tout pral pale e yo pral di ou: Èske ou vin fèb tankou nou tou? Èske w vin tankou nou?

11 Gran pan-pan ou yo desann nan tonm; moun pa tande vyolon ou yo; vè gaye sou ou, e vè kouvri ou.

12 aKòman ou fè tonbe sòti nan syèl la, O bLisifè, pitit gason maten an! Èske se chit ou, sa fè nasyon yo te afebli!

13 Paske, nan kè w, ou te di: aM pral monte anwo nan syèl la, m pral mete fotèy mwen pi wo zetwal Bondye yo; m pral chita sou mòn kongregasyon an, nan ekstremite b a;

14 M pral monte anlè sou tèt nyaj yo; m pral vin tankou Bondye Ki Pi Wo a.

15 Men, ou pral desann nan lanfè, nan ekstremite atwou a.

16 Moun ki wè w, yo pral apwoche pi pre w, yo pral gade w, e yo pral di: Èske se nonm sa a ki te fè tè a tranble a, e ki te souke wayòm yo?

17 Ki te fè mond lan tankou yon dezè, ki te detwi vil yo, e ki pa t louvri kay prizonye l yo?

18 Tout wa nasyon yo, wi, yo tout kouche nan laglwa, yo chak nan akay pa yo.

19 Men yo jete w sou tonm ou tankou yon avye branch, e tankou rès moun ki te mouri yo, ki te tonbe anba kout epe, ki desann sou bwòch yo nan twou a; tankou kadav yo pilonnen.

20 Ou p ap antere menm kote avèk yo, paske w detwi peyi w, e ou touye pèp ou a; adesandan bmechan yo p ap janm gen bon renome.

21 Pare destriksyon timoun li yo poutèt ainikite papa yo, pou yo pa leve, pran peyi a, ni tou pou yo pa ranpli sifas mond lan avèk vil.

22 Paske Senyè tout Lame yo di: M pral leve kont yo, e Senyè a di: M ap wete anon Babilòn nan, ak rès yo, ak pitit gason yo, ak bneve yo.

23 Senyè tout Lame yo di: M pral fè l tounen akay pou bèt ak marekaj e m pral bale l avèk bale destriksyon m.

24 Senyè tout Lame yo te fè sèman, li di: Sètènman, jan m te panse a, se konsa l ap pase; epi jan m te vle a se konsa l ap rete—

25 M pral mennen aAsiryen yo nan peyi m nan, e m pral pyetine l sou mòn bmwen an; lè sa a cpouvwa l pral soti sou yo, e fado li pral soti sou zèpòl yo.

26 aSa se desizyon m pran avèk tout tè a; epi sa se men ki lonje sou tout nasyon yo.

27 Paske, Senyè tout Lame yo te pran desizyon, ki moun ki kapab detounen l? Epi, men l lonje, ki moun ki kapab desann li?

28 Pwofesi sa a te fèt nan aane wa bAkaz te mouri a.

29 Pa rejwi nou, moun Filisti, paske baton moun ki t ap frape w la kase; paske yon ti koulèv pwazonnen pral sòti nan rasin manman koulèv la, e pitit li a pral yon sèpan dife avèk zèl.

30 Epi premye pitit pòv yo pral jwenn manje, epi moun ki nan bezwen yo pral repoze nan sekirite; epi m pral touye rasin ou avèk famin, epi li pral touye rès ou yo.

31 Jemi, O baryè; kriye, O vil; ou menm, tè Filisti nan, ou fini; paske yon lafimen pral leve nan nò, e pèsonn p ap pou kont li nan lè yo ba li a.

32 Kisa moun k ap preche nasyon yo pral di? Yo pral di Senyè a te fè fondasyon aSiyon, e moun bpòv yo ki nan pami pèp li a pral chèche refij ladan l.