Ekriti yo
2 Nefi 25


Chapit 25

Nefi pran plèzi nan bagay ki klè—Moun pral konprann pwofesi Ezayi yo nan dènye jou yo—Juif yo pral retounen sòti nan Babilòn, yo pral krisifye Mesi a, yo pral dispèse e yo pral sibi chatiman—Yo pral restore lè yo kwè nan Mesi a—Premyèman, li pral vini nan sissan ane apre Leyi te fin kite Jerizalèm—Nefit yo respekte lalwa Moyiz e yo kwè nan Kris la, ki se Sen Izrayèl la. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, mwen menm Nefi, m ap yon jan pale konsènan pawòl m te ekri, ki te soti nan bouch Ezayi yo. Paske gade, Ezayi te pale anpil bagay ki te adifisil pou anpil moun nan pèp mwen an te konprann; paske yo pa t konnen anyen konsènan pawòl pwofesi nan pami Juif yo.

2 Paske, mwen menm Nefi, m pa t ansenye yo anpil bagay konsènan manyè Juif yo; paske azèv yo te zèv tenèb, e bagay yo te fè sete bagay abominab.

3 Se poutèt sa, m ekri pou pèp mwen an, pou tout moun ki pral resevwa bagay m ekri yo, pou yo kapab konnen jijman Bondye yo, ki vini sou tout nasyon, daprè pawòl li te pale.

4 Se poutèt sa, koute, O pèp mwen an, ki fè pati nan kay Izrayèl la, tande pawòl mwen yo; paske pawòl Ezayi yo pa klè pou nou, men yo klè pou tout moun ki ranpli avèk alespri bpwofesi a. Men, m ap ba nou yon pwofesi, daprè lespri ki nan mwen; se poutèt sa, m pral pwofetize daprè cklète ki te nan mwen depi lè m te kite Jerizalèm avèk papa m; paske gade, nanm mwen pran plèzi nan bagay klè pou pèp mwen an, pou yo kapab aprann.

5 Wi, nanm mwen pran plèzi nan pawòl aEzayi yo, paske m te soti nan Jerizalèm, e je m te wè bagay bJuif yo, e mwen konnen Juif yo konprann bagay pwofèt yo, e pa gen okenn lòt pèp ki konprann bagay yo te pale Juif yo tankou yo, sèlman si yo te ansenye yo daprè jan bagay Juif yo fèt.

6 Men gade, mwen menm Nefi, m pa t ansenye pitit mwen yo daprè jan Juif yo fè; pou tèt pa m, m te rete nan Jerizalèm, m konnen konsènan rejyon an; e m te pale avèk pitit mwen yo konsènan jijman Bondye, ki te atonbe sou Juif yo, pou pitit mwen yo, daprè tout sa Ezayi te pale, e m pa ekri yo.

7 Men gade, m ap kontinye ak pwofesi pa m, selon aklète mwen; e m konnen pèsonn pa kapab pèdi ladan l; se poutèt sa, lè pwofesi Ezayi yo akonpli lèzòm pral konnen sètènman, lè yo akonpli.

8 Se poutèt sa, yo gen avalè pou pitit lèzòm, e yon moun ki konprann yo pa gen valè, se avèk moun sa a menm m ap pale, men m ap limite pawòl yo pou bpwòp pèp mwen an; paske m konnen yo pral gen anpil valè pou yo nan cdènye jou yo; paske jou sa yo pral konprann yo; se poutèt sa, m te ekri pou byen yo.

9 Epi, menm jan yon jenerasyon te adetwi nan pami Juif yo poutèt inikite li, se konsa yo te detwi depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon daprè inikite yo; e youn ladan yo pa t janm detwi san pwofèt Senyè a yo pa t bavèti yo konsènan sa.

10 Se poutèt sa, yo te resevwa avètisman konsènan destriksyon yo ki te gen pou tonbe sou yo, imedyatman apre papa m te fin kite Jerizalèm; men, yo te fè kè di; e daprè pwofesi pa m, yo deja adetwi, eksepte moun yo bmennen prizonye nan Babilòn yo.

11 Epi kounyeya, m di sa akoz lespri a ki nan mwen an. Epi, malgre yo te mennen yo lwen, yo pral retounen ankò pou yo posede tè Jerizalèm nan; se poutèt sa, yo pral atabli ankò nan tè eritaj yo a.

12 Men gade, yo pral gen lagè, ak mouvman pou lagè; epi lè jou a rive pou aSèl Pitit Literal Papa a, wi, Papa syèl ak tè a menm, fè yo wè l nan kò fizik la, yo pral rejte l, poutèt inikite yo, ak kè di yo, ak kou rèd yo.

13 Gade, yo pral akrisifye l; e apre l fin dòmi nan yon btonm pou ctwa jou, li pral dleve nan pami mò yo, avèk gerizon nan zèl li; epi tout moun ki kwè nan non li pral sove nan wayòm Bondye a. Se poutèt sa, nanm mwen pran plèzi pou l pwofetize konsènan li, paske m te e epòk li a, e kè m mayifye non sen li a.

14 Epi gade se pral konsa, apre aMesi a fin leve nan pami mò yo, e li te fin fè pèp li a wè l, lè l fin fè tout moun ki kwè nan non l yo wè l, lè sa a, Jerizalèm pral bdetwi ankò; paske, malè pou moun ki goumen kont Bondye ak pèp legliz li a.

15 Se poutèt sa, aJuif yo pral bdispèse nan pami tout nasyon; wi, e cBabilòn pral detwi tou; se poutèt sa, lòt nasyon pral dispèse Juif yo.

16 Epi, apre yo fin dispèse, e Senyè Bondye a te fin fè lòt nasyon chatye yo pandan anpil jenerasyon, wi, menm depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon jistan yo oblije akwè nan Kris la, Pitit Gason Bondye a, ak ekspyasyon an, ki enfini pou tout limanite a—e lè yo kwè nan Kris la, ak adore Papa a nan non li, avèk kè pi ak men pwòp, san rete tann yon lòt Mesi ankò, lè sa a, li pral nesesè pou yo kwè nan bagay sa yo.

17 Epi, Senyè a pral lonje men l yon dezyèm fwa pou l arestore pèp li a anba eta pèdi ak chit yo a. Se poutèt sa, li pral kòmanse fè yon bgwo travay ak yon mèvèy nan pami pitit lèzòm.

18 Se poutèt sa, li pral pote apawòl li ba yo, se pawòl sa yo ki pral bjije yo nan dènye jou yo, paske rezon pawòl sa yo se pou ckonvenk yo konsènan vrè Mesi a, yo te rejte a; e pou konvenk yo pou yo pa ret tann yon lòt Mesi k ap vini, paske p ap gen okenn lòt Mesi k ap vini, eksepte yon dfo Mesi ki pral twonpe pèp la; paske pwofèt yo te pale konsènan yon sèl Mesi, e se Mesi sa a Juif yo pral rejte a.

19 Paske, daprè pawòl pwofèt yo, aMesi a pral vini nan bsissan ane kòmanse nan lè papa m te kite Jerizalèm nan; e daprè pawòl pwofèt yo, ak pawòl czanj Bondye a, yo pral rele li Jezikri, Pitit Gason Bondye a.

20 Epi kounyeya, frè m yo, m te pale klè pou nou pa egare. Epi menm jan Senyè Bondye a ki te fè Izrayèl asòti nan peyi Ejip la vivan, e li te bay Moyiz pouvwa pou l bgeri nasyon yo lè csèpan pwazonnen an te fin pike yo a, si yo ta gade sèpan li te mete devan yo a, e menm jan li te bay Moyiz pouvwa pou l frape dwòch la pou dlo te kapab sòti; wi, gade, m di nou, menm jan bagay sa yo se verite, e menm jan senyè Bondye a vivan, pa gen okenn lòt enon anba syèl la, eksepte Jezikri sa a m te pale a, se li menm sèl ki kapab sove lèzòm.

21 Se poutèt sa, Senyè Bondye a te pwomèt mwen pou l konsève bagay m aekri yo, e l ap pase yo pou desandan m, depi nan youn jenerasyon jouk nan youn lòt jenerasyon, pou pwomès li te fè Jozèf la kapab akonpli, lè l te di l, desandan li yo p ap janm bperi tout tan tè a egziste.

22 Se poutèt sa, tout tan tè a egziste, bagay sa yo ap pase depi nan yon jenerasyon jouk nan yon lòt jenerasyon; e yo prale pase daprè volonte Bondye; e nasyon ki posede yo gen pou yo ajije daprè pawòl ki ekri yo.

23 Paske nou travay avèk dilijans pou nou ekri, pou nou apèsyade pitit nou yo ak frè nou yo, pou yo kwè nan Kris la, e pou yo rekonsilye ak Bondye; paske nou konnen se pa mwayen blagras nou sove apre tout sa nou kapab c.

24 Epi, poutèt sa si nou kwè nan Kris la, nou arespekte lalwa Moyiz la, e nou espere Kris la san gade dèyè, jistan lalwa a akonpli.

25 Paske yo te, ban nou alalwa a, poutèt sa, lalwa a te vin bsan valè pou nou, nou vin vivan nan Kris la poutèt lafwa nou; men nou kenbe lalwa a poutèt kòmandman yo.

26 Epi, anou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, bnou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, e nou ekri daprè pwofesi nou yo, pou cpitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche dpadon pou peche yo.

27 Se poutèt sa, nou pale konsènan lalwa a pou pitit nou yo kapab konnen akonplisman lalwa a; e si yo konnen akonplisman lalwa, pou yo kapab chèche lavi ki nan Kris la, e pou yo kapab konnen poukisa yo te ban nou lalwa a. Epi, apre lalwa a fin akonpli nan Kris, yo pa dwe fè kè di kont li lè lalwa a dwe fini.

28 Epi kounyeya, gade pèp mwen an, ou se yon pèp ki gen akou rèd; se poutèt sa, m te pale klè pou nou kapab konprann. Epi, pawòl m te pale yo ap sèvi kòm yon btemwayaj kont nou; paske yo ase pou canseye nenpòt moun bon chemen an; paske bon chemen an se pou nou kwè nan Kris la, pou nou pa nye l; paske lè nou nye l la, ou nye pwofèt yo ak lalwa a.

29 Kounyeya, m di nou bon chemen an se pou nou kwè nan Kris la, pou nou pa nye l; e Kris la se Sen Izrayèl la; se poutèt sa, nou dwe bese tèt devan l, nou dwe adore l avèk tout apouvwa, panse, ak fòs, ak tout nanm nou; e si nou fè sa, pa gen okenn fason pou yo chase nou.

30 Epi, tout tan li posib, nou dwe respekte rekòmandasyon ak aòdonans Bondye yo jistan lalwa Moyiz te resevwa a akonpli.