Ekriti yo
2 Nefi 26


Chapit 26

Kris la pral egzèse ministè l kay Nefit yo—Nefi prevwa destriksyon pèp li a—Vwa yo pral soti anba tè a—Janti yo pral bati fo legliz ak konbinezon sekrè—Senyè a defann lèzòm pratike entrig prèt. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, apre Kris la fin aleve nan pami mò yo, li pral fè nou b l, pitit mwen yo, frè byenneme yo; e pawòl li pral pale nou yo pral sèvi kòm clalwa pou nou obsève.

2 Paske gade, m di nou, m te wè anpil jenerasyon pase, e pral gen gwo lagè ak chirepit nan pami pèp mwen an.

3 Epi, apre Mesi a fin vini, pèp mwen an pral resevwa asiy konsènan bnesans li, lanmò l ak rezirèksyon l; e gran jou sa a pral terib pou mechan yo, paske yo pral peri; yo peri poutèt yo chase pwofèt yo, ak sen yo, e yo lapide yo avèk kout wòch, e yo touye yo; se poutèt sa, kriye csan moun ki sen yo pral sòti nan tè a pou monte anlè kote Bondye kont yo.

4 Se poutèt sa, tout moun ki gen lògèy, e k ap fè mechanste, jou k ap vini an pral l aboule yo, paske, Senyè tout Lame yo di, yo pral tankou pay.

5 Epi, moun ki touye pwofèt yo, ak sen yo, Senyè tout Lame yo di, pwofondè tè a pral alouvri pou vale yo; bmòn yo pral kouvri yo, toubiyon pral pote yo ale, e bilding yo pral tonbe sou yo pou kraze yo fè ti miyètmoso yo pral moulen tankou poud.

6 Epi, loray, ak zeklè, ak tranbleman tè, ak tout kalite destriksyon pral vizite yo, paske dife kòlè Senyè a pral limen kont yo, yo pral tankou pay, e Senyè tout Lame yo di, jou k ap vini an pral kankannen yo.

7 O, nanm mwen ranpli doulè ak lapenn poutèt masak pèp mwen an! Paske, mwen menm Nefi, m te wè l, e sa fè m prèske kankannen devan prezans Senyè a; men, m dwe kriye nan pye Bondye m nan: Chemen ou yo ajis.

8 Men gade, moun ki jis ki koute pawòl pwofèt yo, ki pa detwi yo, e ki rete tann san gade dèyè nan Kris la pou siy yo, malgre tout apèsekisyon—gade, se moun sa yo ki bpap peri.

9 Men, Pitit Gason lajistis la pral aparèt devan yo; li pral bgeri yo, e yo pral gen clapè avèk li, jistan dtwa jenerasyon fin pase, e anpil nan ekatriyèm jenerasyon an pral pase nan lajistis.

10 Epi, lè bagay sa yo te fin pase, yon adestriksyon rapid pral tonbe sou pèp mwen an; menm si sa fè nanm mwen lapenn, m te wè l; se poutèt sa, m konnen l ap pase; e yo vann tèt yo pou anyen; paske, pou rekonpans lògèy ak foli yo, yo pral rekòlte destriksyon; paske yo pito koute dyab la e yo chwazi travay tenèb pase pou yo ta chwazi limyè; se poutèt sa, yo dwe desann nan blanfè.

11 Paske, Lespri Senyè a p ap alite tout tan avèk lèzòm. Epi Lespri a sispann goumen avèk lèzòm, lè sa a, destriksyon tonbe rapid, e sa fè nanm mwen mal.

12 Epi Menm jan m te pale konsènan akonvenk bJuif yo, pou yo konnen Jezi se cKris la reyèlman, se konsa li nesesè pou yo konvenk Janti yo pou yo konnen Jezi se Kris la, Bondye Etènèl la;

13 Epi, li fè tout moun ki kwè nan li wè l, avèk pouvwa aSentespri a; wi, li kapab akonpli gwo mirak, siy, ak mèvèy, nan pami tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp, nan pami pitit lèzòm daprè lafwa yo.

14 Men gade, m ap pwofetize pou nou konsènan adènye jou yo; konsènan jou yo lè Senyè Bondye a pral fè bbagay sa yo rive nan pami pitit lèzòm.

15 Apre desandan m ak desandan frè m yo fin dejenere nan enkredilite, e lè Janti yo fin frape yo; wi, apre Senyè Bondye a fin kanpe tout alantou yo, e lè l fin bare yo avèk yon mòn, lè l fin bati fò pou kont yo, e apre l fin desann yo jouk nan pousyè tè a, jistan yo sispann egziste, lè sa a pawòl moun ki jis yo pral ekri, Bondye pral tande priyè moun ki fidèl yo, e Bondye p ap bliye youn nan moun ki te dejenere nan enkredilite yo.

16 Paske moun ki ap detwi yo pral apale avèk yo anba tè a, pawòl yo pral soti tou ba nan pousyè tè a, e vwa yo pral tankou vwa yon moun ki gen lespri familye; paske Senyè Bondye a pral ba li pouvwa, pou l kapab chichote konsènan yo, tankou li te soti anba tè a; e pawòl yo pral chichote soti nan pousyè tè a.

17 Paske Senyè Bondye a di: aYo pral ekri bagay k ap pase nan pami yo, yo pral ekri yo e yo pral sele yo nan yon liv, e moun ki dejenere nan enkredilite yo p ap jwenn liv la, paske yo bchèche detwi bagay Bondye.

18 Se poutèt sa, moun ki te detwi yo te detwi rapid; e pakèt moun terib yo pral tankou apay k ap pase—wi, Senyè Bondye a di: Li pral pase nan yon ti moman, rapid—

19 Epi, se pral konsa, ak men yo Janti yo pral afrape moun ki te dejenere nan enkredilite yo.

20 Janti yo leve tèt yo avèk alògèy, e yo bkilbite poutèt gwo cobstak yo te genyen, nan bati anpil dlegliz, men, yo pyetine pouvwa ak mirak Bondye yo, e yo preche lasajès ak ekonesans pa yo, pou yo kapab fè lajan e pou yo kapab fgraje figi pòv yo.

21 Epi, gen anpil legliz bati ki lakòz aanvi, mezantant, ak malveyans.

22 Epi, gen akonbinezon sekrè tou, tankou nan tan lontan, jan konbinezon dyab la ye a, paske li se fondatè tout bagay sa yo; wi, li se kreatè asasina, ak zèv tenèb yo; wi, e li mennen yo avèk yon ti kòd fen nan kou yo, jistan li mare yo nèt avèk yon gwo kòd pou tout tan.

23 Paske gade, frè byenneme m yo, m ap di nou, Senyè Bondye a pa travay nan fènwa.

24 Li pa fè anyen si se pa pou benefis mond lan; paske li arenmen mond lan tèlman, li bay lavi pa l pou l kapab atire btout moun sou li. Se poutèt sa, li pa kòmande pèsonn pou yo pa pran pa nan sali pa li a.

25 Gade èske li louvri bouch pou l di okenn moun: Retire kò ou bò kote m? M di nou, Non; men li di: aVin jwenn mwen, noumenm tout ekstremite tè a, bachte lèt ak myèl, san lajan e san pri.

26 Gade èske li te kòmande okenn moun pou yo soti nan sinagòg yo, oubyen nan kay adorasyon an? M di nou, Non.

27 Èske li te kòmande okenn moun pou yo pa pran pa nan asali pa li a? M di nou, Non; men, li te bbay li gratis pou tout moun; e li te kòmande pèp li a pou yo konvenk tout moun pou crepanti.

28 Gade èske Senyè a te kòmande okenn moun pou yo pa patisipe nan bonte l? M di nou, Non; men atout moun gen menm privilèj la, ni youn ni lòt, li pa anpeche yo youn.

29 Li kòmande pou pa gen aentrig prèt; paske entrig prèt se lè moun preche, pou yo monte tèt yo tankou limyè pou mond lan, pou yo kapab jwenn pwofi ak blouwanj mond lan; men, yo pa travay pou byen Siyon.

30 Gade, Senyè a te entèdi bagay sa yo; se poutèt sa, Senyè Bondye a te bay yon kòmandman pou tout moun gen acharite, charite sa a ki se blanmou. Epi, si yo pa gen charite yo pa anyen. Paske, si yo gen charite, yo p ap kite travayè ki nan Siyon an peri.

31 Men, travayè nan Siyon an pral travay pou aSiyon; paske si yo travay pou blajan y ap peri.

32 Epi ankò, Senyè Bondye a te akòmande pou lèzòm pa asasinen lòt; pou yo pa fè manti; pou yo pa vòlè; pou yo pa lonmen non Senyè a, Bondye yo a banven; pou yo pa gen anvi; pou yo pa fè malfezan; pou yo pa goumen youn ak lòt; pou yo pa fè libètinaj seksyèl; e pou yo pa fè okenn nan bagay sa yo; paske nenpòt moun ki fè yo pral peri.

33 Paske pa gen youn nan inikite sa yo ki soti nan Senyè a; paske li fè sa ki bon nan pami pitit lèzòm; e li pa fè anyen ki pa klè nan pami pitit lèzòm; e li envite tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l; e li pa arejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; e li sonje bpayen yo; e ctout moun se menm pou Bondye, ni Juif, ni Janti.