Ekriti yo
2 Nefi 27


Chapit 27

Fènwa ak apostazi pral kouvri tè a nan dènye jou yo—Liv Mòmon an pral parèt—Twa temwen pral rann temwayaj konsènan liv la—Nonm save a pral di li pa kapab li liv sele a—Senyè a pral fè yon gwo travay ak yon mèvèy—Konpare Ezayi 29. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Men, gade nan adènye jou yo, oubyen nan jou Janti yo—wi, tout nasyon Janti ak Juif yo, ni moun ki vini nan peyi sa a ak moun ki nan lòt peyi, wi, menm moun ki nan tout peyi sou tè a, gade, yo pral sou nan inikite ak tout kalite abominasyon—

2 Epi, lè jou sa a rive, Senyè tout Lame yo pral vizite yo, avèk loray, avèk tranbleman tè, avèk gwo bri, avèk siklòn, avèk tanpèt, avèk aflanm dife devoran.

3 Epi tout anasyon ki bgoumen kont Siyon, e ki mete l nan detrès pral tankou yon rèv nan yon vizyon nan nuit; wi, yo pral tankou yon nonm grangou ki konprann li pral manje, nan rèv, e lè l reveye, li wè nanm li vid; oubyen tankou yon nonm swaf ki reve li pral bwè, e lè l leve li fèb e nanm li swaf; wi, se konsa anpil moun nan tout nasyon ki goumen kont Mòn Siyon yo pral ye.

4 Paske gade, tout moun k ap fè inikite, ki fou kanpe gade, paske nou gen pou nou louvri gòj nou pou nou rele, nou pral kriye; wi, nou pral sou san nou pa bwè diven, nou pral gaga san nou pa bwè kleren.

5 Paske gade, Senyè a te fè yon lespri dòmi desann sou nou. Paske, nou te fèmen je nou, nou te rejte pwofèt yo; e li te kache dirijan nou, ak vwayan yo poutèt inikite nou.

6 Epi, se pral konsa, Senyè Bondye a pral voye pawòl yon aliv ba bou, e se pral pawòl moun ki repoze anba tè a.

7 Epi gade, liv la pral asele; e nan liv la pral gen yon brevelasyon Bondye, depi nan kòmansman mond lan jouk nan cfinisman l.

8 Se poutèt sa, poutèt bagay ki asele yo, bagay ki sele yo pa kapab bpibliye nan jou mechanste ak abominasyon pèp la. Se poutèt sa, liv la pral rete ansekrè pou yo.

9 Men yon anonm pral resevwa liv la, e li pral pran pawòl liv la, ki se pawòl moun ki repoze anba tè a, e li pral bay yon lòt bnonm pawòl sa yo;

10 Men, li p ap bay pawòl ki sele yo, ni tou, li p ap bay liv la. Paske liv la pral sele avèk pouvwa Bondye, e revelasyon ki te sele a pral rete kache nan liv la jistan Senyè a vle l soti deyò; paske, yo revele tout bagay depi nan fondasyon mond lan jouk nan finisman l.

11 Epi gade, gen yon jou k ap vini, pawòl nan liv la ki te sele yo pral li sou tèt kay yo; yo pral li yo avèk pouvwa Kris la; e tout bagay ki te pase pami pitit lèzòm, e ki pral pase jouk nan finisman tè a pral arevele pami pitit lèzòm.

12 Se poutèt sa, jou sa a, lè moun m te pale a resevwa liv la, liv la pral kache devan je mond lan; pou je pèsonn pa wè l, eksepte atwa btemwen ki pral wè l, avèk pouvwa Bondye, apa moun ki pral resevwa liv la; e yo pral rann temwayaj konsènan verite ki nan liv la ak bagay ki nan liv la.

13 Epi, pa gen okenn lòt ki pral wè l, eksepte kèk moun, daprè volonte Bondye, pou yo kapab rann pitit lèzòm temwayaj konsènan pawòl li; paske Senyè Bondye a te di pawòl fidèl yo pral pale tankou se anan bouch mò yo soti.

14 Se poutèt sa, Senyè Bondye a pral pibliye pawòl liv la; e li pral tabli pawòl li nan bouch kantite moun ki nan lide l; e malè pou moun ki arejte pawòl Bondye!

15 Men gade, se pral konsa, Senyè Bondye a pral di nonm li bay liv la: Pran pawòl sa yo ki pa sele, bay yon lòt nonm yo, pou l kapab montre moun save a, pou l di: m priye w, ali sa a. Epi, nonm save a pral di: Al chèche liv la pou m kapab li l.

16 Epi kounyeya, poutèt laglwa mond lan, e yo pral di sa pou yo kapab tire apwofi, men se pa pou laglwa Bondye.

17 Epi, nonm nan pral di: M pa kapab vini avèk liv la, paske li sele.

18 Lè sa a, nonm save a pral di: M pa kapab li l.

19 Se poutèt sa, se pral konsa, Senyè Bondye a pral bay nonm ki pa save a liv la ak pawòl ki ladan l yo ankò; e nonm ki pa save a pral di: M pa save.

20 Lè sa a, Senyè Bondye a pral di l: Moun ki save yo p ap li yo, paske yo rejte yo, e m kapab fè travay mwen; se poutèt sa, ou pral li pawòl m pral ba ou yo.

21 aPa touche bagay ki sele yo, paske m pral pibliye yo lè m vle; paske, m pral montre pitit lèzòm m kapab fè travay mwen.

22 Se poutèt sa, lè w te fin li pawòl m te kòmande w yo, e lè w te fin jwenn atemwen m te pwomèt ou yo, lè sa a, ou pral sele liv la ankò, e w pral kache l nan mwen, pou m kapab prezève pawòl ou pa t li yo, jistan m pral wè l nesesè daprè lasajès pa m pou m revele tout bagay pou pitit lèzòm.

23 Paske gade, m se Bondye; m se yon Bondye ki konn fè amirak; e m pral montre mond lan m se bmenm nan, ayè, jodi a, ak pou tout tan; e m pa fè anyen nan pami pitit lèzòm eksepte cdapre lafwa yo.

24 Epi ankò, se pral konsa, Senyè a pral di nonm ki te li pawòl yo li te resevwa a:

25 aTout tan, pèp sa a pwoche kote m avèk bouch yo, e yo bonore m avèk lèv yo, men yo mete kè yo lwen m, e lakrent yo gen pou mwen an, se clakrent lèzòm ansenye—

26 Se poutèt sa, m pral fè yon agwo travay nan pami pèp sa a, wi, yon bgwo travay ak yon mèvèy, paske lasajès moun save yo pral peri, e konpreyansyon moun ki gen pridans yo pral kache.

27 Epi, amalè pou moun ki chèche kache plan yo pou Senyè a pa konnen! Epi ki fè zèv yo nan tenèb; e di: Kiyès ki wè nou, e kiyès ki konnen nou? Epi tou, yo di: Sètènman, jan ou pral vire tounen bagay yo, se pral vin tankou ajil nan men bmoun k ap fè po. Men gade Senyè tout Lame yo di: M pral montre yo m konnen tout sa yo pral fè. Paske, èske travay la kapab di moun ki fè l la pa t fè l? Oubyen, èske bagay ki fèt la kapab di moun ki te fè l la pa entèlijan?

28 Men gade, Senyè tout Lame yo di: M pral montre pitit lèzòm nan yon tikras tan ankò, Liban pral tounen yon peyi ki plen jaden; e jaden yo pral tounen yon forè.

29 aEpi, jou sa a, moun ki soud pral tande pawòl liv la, e avèg pral wè nan tenèb, ak nan fènwa.

30 Epi, amoun ki dou yo pral vin plis, e blajwa yo pral nan Senyè a, e pòv nan pami lèzòm yo pral rejwi nan Sen Izrayèl la.

31 Paske, asireman menm jan Senyè a vivan, yo pral wè amoun ki terib la pral tounen anyen, mokè a pral boule, e tout moun k ap chèche fè inikite yo pral rejte;

32 Epi, moun ki ajije yon nonm pou yon pawòl li di, e ki tann pèlen pou moun ki t ap defann li nan bpòt la, e ki crepouse moun ki jis tankou yo san valè.

33 Se poutèt sa, Senyè a, ki rachte Abraram nan, di konsènan kay Jakòb la: Jakòb p ap wont, ni tou figi l p ap dekonpoze.

34 Men, lè l a pitit li yo, zèv men pa m yo, bò kote l, yo pral sanktifye non mwen, yo pral sanktifye Sen Jakòb la, e yo pral pè Bondye Izrayèl la.

35 Moun ki te gen lespri aegare yo pral vin konprann, e moun ki t ap plenyen yo pral baprann doktrin nan.