Ekriti yo
2 Nefi 28


Chapit 28

Anpil fo legliz pral bati nan dènye jou yo—Yo pral ansenye fo doktrin ki san valè epi ki ensanse—Apostazi pral fè mikalaw poutèt fo enstriktè yo—Dyab la pral anraje nan kè lèzòm—Li pral preche tout kalite fo doktrin. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi frè m yo, m te pale avèk nou, jan Lespri a te oblije m fè; se poutèt sa, m konnen yo dwe fèt sètènman.

2 Epi, bagay ki pral ekri nan aliv la pral gen anpil bvalè pou pitit lèzòm, espesyalman pou desandan nou yo, ki se yon rès nan kay Izrayèl la.

3 Paske, se pral konsa, jou sa a, alegliz ki bati, e ki pa pou Senyè a yo, pral di youn avèk lòt: Se mwen ki legliz Senyè a; e lòt yo pral di: Se mwen menm; se konsa tout moun ki bati legliz pral di, men, se p ap legliz Senyè a—

4 Epi, yo pral chirepit, youn avèk lòt; e prèt yo pral fè chirepit youn avèk lòt, yo pral preche avèk akonesans pa yo, e yo pral nye Sentespri a, ki bay enspirasyon.

5 Epi, yo anye bpouvwa Bondye, Sen Izrayèl la; e yo di pèp la: Koute nou, tande pawòl nou; paske cpa gen Bondye jodi a, paske Senyè a ak Redanmtè a te fin fè travay li, e li te bay lèzòm pouvwa li a.

6 Gade, koute pawòl mwen; si yo di men Senyè a fè yon amirak, pa kwè; paske jodi a li pa yon Bondye ki fè mirak; li fin fè travay li a.

7 Wi, epi gen anpil ki pral di: aManje, bwè, epi fè kè nou kontan, paske demen n ap mouri; e tout bagay pral byen pou nou.

8 Epi tou, gen anpil moun ki pral di: Manje, bwè, e fè kè nou kontan; men pè Bondye—li pral akite yon ti peche pase; wi, fè yon ti bmanti; pran avantaj sou yon moun pou sa li di, pare cpèlen pou vwazen nou; pa gen anyen mal nan sa; fè tout bagay sa yo, paske demen nou pral mouri; e si nou antò, Bondye pral ban nou kèk ti kout frèt, e apre sa nou pral sove nan wayòm Bondye a.

9 Wi, e gen anpil moun ki pral ansenye konsa, afo bdoktrin ki san valè epi ki ensanse, e yo pral fè gwo kòlè nan kè yo, e yo pral chèche kache plan yo pou Senyè a pa konnen; e zèv yo pral fèt nan tenèb.

10 Epi asan sen yo pral kriye anba tè a kont yo.

11 Wi, yo tout te asòti nan chemen an; yo vin bkowonpi.

12 Poutèt alògèy, ak poutèt fo enstriktè, ak fo doktrin, legliz yo vin kowonpi, e legliz yo kare zèpòl yo; e yo chaje avèk lògèy.

13 Yo adechèpiye bpòv yo pou kay adorasyon rafine yo; yo dechèpiye pòv yo pou bèl rad chè yo; e yo pèsekite moun ki dou yo ak moun ki gen kè sansib yo, paske yo chaje avèk clògèy.

14 Yo mache avèk kou yo arèd, ak tèt yo dwat; wi, e poutèt lògèy yo, ak mechanste yo, ak abominasyon yo, ak libètinaj seksyèl yo, yo tout te bpèdi wout la, eksepte kèk ladan yo ki suiv Kris la avèk imilite; se poutèt sa, yo resevwa direksyon ki fè yo pèdi nan anpil fason, paske se enstriksyon lèzòm ki ansèyman yo.

15 O, moun ki asaj, moun save, moun rich, ki chaje avèk blògèy nan kè yo, e tout moun ki ansenye fo doktrin, e tout moun ki nan libètinaj seksyèl, ki chanje chemen dwat Senyè a, cmalè, malè, malè yo, paske Senyè Bondye Toupuisan an di, yo pral desann nan lanfè!

16 Malè moun ki fè amoun ki jis pase pou anyen, ki meprize sa ki bon, e ki di li san valè! Paske jou a pral vini rapid pou Senyè Bondye a vizite abitan yo ki sou tè a; e lejou yo bantyèman pouri nan inikite, yo pral peri.

17 Men gade, Senyè tout Lame yo di, si abitan yo ki sou tè a repanti nan mechanste ak abominasyon yo, yo p ap detwi.

18 Men gade, gwo legliz abominab la, apostitye ki kouvri tout tè a, dwe btonbe atè, e l ap tonbe fò.

19 Paske wayòm dyab la dwe asouke, e moun ki fè pa ti ladan l yo dwe chèche repantans, san sa, bdyab la pral mare yo avèk cchenn etènèl li a, li pral pwovoke yo nan kòlè pou yo peri.

20 Paske gade, jou sa a, li pral aanraje nan kè pitit lèzòm, e li pral pwovoke yo nan kòlè kont bagay ki bon.

21 Epi gen lòt moun li pral a lapè, pou l andòmi yo nan sekirite chanèl, e yo pral di: Tout bagay byen nan Siyon; wi, Siyon ap pwospere, tout bagay byen—se konsa bdyab la pral vòlè nanm yo, pou l mennen yo desann nan lanfè avèk prekosyon.

22 Epi gade, gen lòt moun li pral flate, li pral di yo pa gen alanfè; e li di yo: M pa dyab, paske pa gen okenn dyab—se konsa li chichote nan zòrèy yo, jistan l mare yo avèk bchenn terib li a, kote pa gen delivrans la.

23 Wi, lanmò ak lanfè sezi yo; e lanmò, ak lanfè, ak dyab la, ak tout moun yo sezi yo dwe kanpe devan twòn Bondye a, pou yo ajije daprè zèv yo, pou yo kapab ale nan kote ki te pare pou yo a, menm yon blak dife ak souf, ki se yon mizè ki san finisman.

24 Se poutèt sa, malè moun ki alèz nan Siyon!

25 Malè moun k ap rele di: Tout bagay byen!

26 Wi, malè moun ki akoute pawòl lèzòm, e ki nye pouvwa Bondye, ak don Sentespri a!

27 Wi, malè yon moun ki di: Nou fin resevwa, nou apa bezwen ankò!

28 Epi, alafen, malè pou tout moun ki tranble, e ki afache poutèt verite Bondye a! Paske, yon moun ki bati sou bwòch la resevwa verite a ak kontantman; men yon moun ki bati sou yon fondasyon sab, tou pè pou l pa tonbe.

29 Malè yon moun ki di: Nou te resevwa pawòl Bondye, e anou pa bezwen bpawòl Bondye ankò, paske nou gen ase!

30 Paske gade, Senyè Bondye di: M pral bay pitit lèzòm liy apre liy, aenstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò; epi moun ki koute enstriksyon m ak konsèy mwen yo beni, paske yo pral aprann blasajès; paske moun ki cresevwa, m pral ba yo dplis; men moun ki di, Nou gen ase, m pral pran menm sa yo genyen an.

31 Ralè yon moun ki mete akonfyans li nan yon moun, oubyen ki mete konfyans li sou ponyèt li, oubyen ki koute enstriksyon lèzòm, eksepte lè pouvwa Sentespri a ba yo enstriksyon yo.

32 Senyè Bondye tout Lame yo di, amalè pou Janti yo! Paske menm si m pral lonje men m ba yo jou apre jou, yo pral nye m; men, m pral gen mizèrikòd pou yo, si yo repanti e si yo vin jwenn mwen; paske bponyèt mwen lonje tout lajounen, se sa Senyè Bondye tout Lame yo di.