Ekriti yo
2 Nefi 30


Chapit 30

Janti konvèti yo pral konte pami pèp alyans la—Anpil Lamanit ak Juif pral kwè nan pawòl la, e yo pral vin agreyab—Izrayèl pral restore epi mechan yo pral detwi. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi gade, frè byenneme m yo, m ta vle pale avèk nou; paske mwen, Nefi, m p ap kite nou sipoze nou pi jis pase Janti yo. Paske si nou pa respekte kòmandman Bondye yo, nou tout pral peri menm jan; e poutèt pawòl ki te pale yo, nou pa bezwen sipoze Janti yo detwi nèt.

2 Paske gade, m di nou tout Janti ki repanti, se pèp aalyans Senyè a; e tout bJuif ki pa repanti pral rejte; paske Senyè a pa fè alyans avèk okenn moun si yo pa crepanti e si yo pa kwè nan Pitit Gason li a, ki se Sen Izrayèl la.

3 Epi kounyeya, m ap pwofetize yon ti jan plis konsènan Juif ak Janti yo. Paske lè liv m te pale a fin pibliye, lè yo fin ekri l pou Janti yo, e lè yo fin sele l nan Senyè a, gen anpil moun ki pral akwè nan pawòl ki ekri yo; e yo pral bmennen pawòl yo bay rès desandan nou yo.

4 Epi lè sa a, rès desandan nou yo pral konnen konsènan nou, yo pral konnen kijan nou te sòti nan Jerizalèm, e se desandan Juif yo ye.

5 Epi, moun pral deklare levanjil Jezikri a nan pami ayo; se poutèt sa, byo pral gen ckonesans konsènan zansèt yo, epi tou konsènan Jezikri ki te vini pami zansèt yo.

6 Epi lè sa a, yo pral rejwi; paske yo pral konnen se yon benediksyon ki sòti nan men Bondye; e kras fènwa ki nan je yo a pral kòmanse tonbe; e anvan anpil jenerasyon pa pase nan pami yo, yo pral vin tounen yon apèp ki agreyab.

7 Epi, se pral konsa, aJuif ki dispèse yo pral kòmanse kwè nan Kris la; e yo pral bkòmanse rasanble sou sifas peyi a; e tout moun ki pral kwè nan Kris la, yo pral vin yon pèp agreyab tou.

8 Epi, se pral konsa, Senyè Bondye a pral kòmanse travay li nan pami tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp, pou l kapab restore pèp li a sou tè a.

9 Epi, aSenyè Bondye a pral bjije pòv yo avèk lajistis, e li pral chatye ak lajistis pou cmoun dou yo ki sou tè a. Li pral modi tè a avèk baton bouch li; e li pral touye mechan yo avèk van bouch li.

10 Paske atan an ap vini rapid pou Senyè Bondye a mete yon gwo bdivizyon nan pami pèp la, e li pral detwi mechan yo; li pral cepaye pèp li, wi, menm si li dwe ddetwi mechan yo avèk dife.

11 Epi, alajistis pral sèvi l sentiwon nan ren, fidelite pral sèvi kòd nan ranch li.

12 aEpi lè sa a, lou pral rete avèk mouton; leyopa pral repoze bò kote ti kabrit, ak ti bèf, ak ti lyon, ak bèf gra ansanm; e yon timoun piti pral mennen yo.

13 Femèl bèf ak lous pral manje ansanm; pitit yo pral repoze ansanm; e lyon an pral manje zèb tankou towo bèf.

14 Epi timoun nan tete pral jwe sou twou ti koulèv pwazonnen, e timoun sevre pral mete men nan twou koulèv.

15 Yo p ap blese ni yo p ap detwi nan tout mòn sen mwen an; paske tè a pral ranpli avèk konesans Senyè a menm jan dlo kouvri lanmè.

16 Se poutèt sa, bagay ki pase nan pami atout nasyon pral revele; wi, tout bagay pral bdevwale devan pitit lèzòm.

17 Pa gen sekrè ki p ap arevele, pa gen okenn zèv tenèb ki p ap vin nan limyè, e pa gen anyen sele sou tè a ki p ap demare.

18 Se poutèt sa, tout bagay ki te revele bay pitit lèzòm pral devwale nan jou sa a; e Satan p ap gen pouvwa sou kè pitit lèzòm aankò, pou anpil tan. Epi, kounyeya, frè byenneme m yo, m sispann pale.