Ekriti yo
2 Nefi 5


Chapit 5

Nefit yo pa fè kò ak Lamanit yo, yo kenbe lalwa Moyiz la, e yo bati yon tanp—Poutèt enkwayans yo, Senyè a rejte Lamanit yo nan prezans li, yo modi, e yo tounen yon chatiman pou Nefit yo. Anviwon 588–559 anvan Jezikri.

1 Gade, se te konsa, mwen menm, Nefi, m te kriye anpil nan pye Senyè Bondye m nan, poutèt akòlè frè m yo.

2 Men gade, kòlè yo te ogmante kont mwen tèlman, yo te vle detwi lavi m.

3 Wi, yo te plenyen kont mwen, yo te di konsa: Ti frè nou an vle agouvène nou; epi nou te pase anpil traka poutèt li; se poutèt sa, an nou touye l, pou l pa aflije nou plis avèk pawòl li yo. Paske nou p ap aksepte l gouvène nou; paske se dwa pa nou, ki pi gran, pou nou gouvène pèp sa a.

4 M pa ekri tout pawòl yo te plenyen kont mwen sou plak sa yo. Men, li ase pou m di konsa, yo te chèche detwi lavi m.

5 Epi, se te konsa, Senyè a te aavèti m, mwen menm bNefi, pou m pati sòti nan pami yo e pou m sove ale nan dezè a, avèk tout moun ki ta vle ale avèk mwen.

6 Se poutèt sa, se te konsa, mwen menm Nefi, m te pran fanmi m, e aZoram ak fanmi l, ak Sam, gran frè m nan ak fanmi l, ak Jakòb ak Jozèf, ti frè m yo, ak sè m yo, ak tout moun yo ki te vle ale avèk mwen. Epi tout moun yo ki te vle ale avèk mwen, se te yo menm ki te kwè nan bavètisman ak revelasyon Bondye yo; se poutèt sa, yo te koute pawòl mwen yo.

7 Epi nou te pran tant nou yo ak tout bagay ki te posib pou nou, epi nou te vwayaje nan dezè a pou anpil jou. Epi apre nou te fin vwayaje pandan anpil jou, nou te plante tant nou yo.

8 Epi pèp mwen an te vle pou nou rele kote a aNefi; se poutèt sa, nou te rele l Nefi.

9 Epi tout moun ki te avèk mwen yo te konsanti pou yo rele tèt yo apèp Nefi a.

10 Epi nou te eseye respekte jijman ak regleman ak kòmandman Senyè a yo nan tout bagay, daprè alalwa Moyiz la.

11 Epi Senyè a te avèk nou; e nou te pwospere anpil; paske nou te plante semans, epi nou te rekòlte ankò avèk abondans. Epi nou te kòmanse gade twoupo, ak bèt gadinaj, ak tout kalite bèt.

12 Epi tou, mwen menm Nefi, m te pote rejis ki te ekri sou aplakderen yo; ak bboul la, oubyen ckonpa Senyè a te prepare avèk men l pou papa m, daprè sa ki ekri a.

13 Epi, se te konsa, nou te kòmanse pwospere anpil, e nou te miltipliye nan peyi a.

14 Epi mwen menm Nefi, m te pran aepe Laban an, m te fè anpil epe menm jan avèk li, pou si, petèt, pèp ki te rele bLamanit yo ta vin sou nou pou yo detwi nou; paske m te konnen lahèn yo kont mwen, kont pitit mwen yo ak kont moun yo te rele pèp mwen an.

15 Epi m te aprann pèp mwen an fè konstriksyon, ak tout kalite travay ak bwa, ak a, ak kuiv, ak eren, ak metal, ak lò, ak lajan, ak melanj metal chè, ki te la an abondans.

16 Epi mwen menm Nefi, m te bati yon atanp; epi m te bati l tankou btanp Salomon an, eksepte li pa t bati avèk tout kalite cbagay chè sa yo; paske nou pa t kapab jwenn yo nan peyi sa a, se poutèt sa, li pa t kapab bati tankou tanp Salomon an. Men konstriksyon an te tankou tanp Salomon an; e kalite travay la te bèl anpil.

17 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te fè pèp mwen an vin atravayè, e pou yo travay avèk men yo.

18 Epi, se te konsa, yo te vle pou m tounen awa yo. Men, mwen menm Nefi, m pa t vle yo gen onkenn wa; men m te fè sa m te kapab pou yo.

19 Epi gade, pawòl Senyè a yo te akonpli kont frè m yo, pawòl li te pale konsènan yo, ki te fè konnen m t ap vin tounen adirijan ak benstriktè yo. Se poutèt sa, m te tounen dirijan ak enstriktè yo, daprè kòmandman Senyè a yo, jis lè yo te vle detwi lavi m nan.

20 Konsa, pawòl Senyè a te pale avèk mwen an te akonpli, pawòl la ki te di konsa: Toutotan yo apa koute pawòl ou yo, Senyè a ap rejte yo nan prezans li. Epi, gade, li te brejte yo nan prezans li.

21 Epi, li te fè amalediksyon an tonbe sou yo, wi, yon gwo malediksyon, poutèt inikite yo. Paske, yo te fè kè di kont li; yo te vin di tankou wòch; se poutèt sa, kòm yo te blan, ak te bbèl anpil, e agreyab, Senyè Bondye a te fè cpo yo vin fonse pou yo kapab pa sedui pèp mwen an.

22 Epi, Senyè Bondye a di: m ap fè yo vin tounen yon akochma devan pèp ou a, si yo pa repanti nan inikite yo.

23 Epi, desandan tout moun ki amelanje avèk desandan yo ap modi; paske, menm malediksyon an ap tonbe sou yo. Epi, Senyè a te di l, epi sa te fèt.

24 Epi, poutèt malediksyon ki te sou yo a, yo te vin tounen yon apèp parese, mètdam anpil, plen mechanste, e yo fè lachas dèyè bèt fewòs nan dezè a.

25 Epi, Senyè Bondye te di m: y ap tounen yon frèt pou desandan w yo, pou fè yo sonje m; e tout tan yo pa vle sonje m, pou yo koute pawòl mwen yo, y ap kale yo jistan yo detwi.

26 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te akonsakre Jakòb ak Jozèf prèt ak enstriktè nan peyi pèp mwen an.

27 Epi, se te konsa, nou te viv nan bonè.

28 Epi, trant ane te pase depi nou te kite Jerizalèm.

29 Epi, mwen menm Nefi, jiskaprezan, m te kenbe istwa pèp mwen an sou plak m te fè yo.

30 Epi, se te konsa, Senyè Bondye a te di m: Fè alòt plak; Epi, ou pral ekri anpil bagay sou yo, ki bon devan je m, pou avantaj pèp ou a.

31 Se poutèt sa, mwen menm Nefi, pou m kapab obeyi kòmandman Senyè a yo, m te ale, m te fè aplak sa yo, e m te ekri bagay sa yo sou yo.

32 Epi, m te ekri bagay ki fè Bondye plèzi. E si pèp mwen an pran plèzi nan zafè Bondye, y ap pran plèzi nan bagay m ekri sou plak sa yo.

33 Epi, si pèp mwen an vle konnen bagay ki pi nesesè nan istwa pèp mwen an, yo dwe fouye lòt plak mwen yo.

34 Epi, li ase pou m di karant ane te pase e nou te deja gen lagè ak kontansyon avèk frè nou yo.