Ekriti yo
2 Nefi 6


Chapit 6

Jakòb rakonte istwa Juif: Kaptivite yo nan Babilòn ak retou yo; ministè ak krisifiksyon Sen Izrayèl la; èd yo te resevwa nan men Janti yo; epi retablisman Juif yo nan dènye-jou yo, lè yo kwè nan Mesi a. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Pawòl Jakòb, frè Nefi a, te pale avèk pèp Nefi a:

2 Gade frè byenneme m yo, mwen Jakòb, Bondye te chwazi m e m te resevwa òdinasyon daprè lòd sen li a, e frè m nan, Nefi, te konsakre m. Nefi nou gade tankou yon awa ak yon pwotektè a, li menm ki plase pou pwoteje nou an, gade nou konnen m te pale nou yon pakèt bagay.

3 Men m ap pale avèk nou ankò; paske m vle byennèt nanm nou. Wi, m gen anpil sousi akoz nou; e nou konnen se konsa sa te toujou ye. Paske, m te egzòte nou avèk anpil dilijans; m te ansenye nou pawòl papa m yo; epi m pale nou konsènan tout bagay ki te ekri, depi nan kreyasyon mond lan.

4 Epi, kounyeya, gade m vle pale nou konsènan bagay ki egziste, epi ki gen pou pase; se poutèt sa, m pral li pawòl aEzayi yo pou nou. Epi, se pawòl sa yo frè m nan vle pou m pale nou. Epi, m ap pale nou pou byen nou; pou nou kapab aprann epi pou nou kapab glorifye non Bondye nou an.

5 Epi, pawòl m pral li yo, se pawòl Ezayi te pale konsènan tout kay Izrayèl la; se poutèt sa, nou kapab pratike yo, paske nou fè pati nan pèp Izrayèl la. Epi, gen anpil bagay Ezayi pale, nou kapab pratike paske nou fè pati nan kay Izrayèl la.

6 Epi kounyeya, men pawòl yo: aMen sa Senyè Bondye a di: Gade, m pral leve men m sou Janti yo, epi m pral leve bdrapo m devan pèp yo; epi yo pral pote pitit gason nou yo sou ponyèt yo e yo pral pote pitit fi nou yo sou zèpòl yo.

7 Epi, wa yo pral sèvi nou tankou papa pou nouri yo, e rèn yo pral ba nou manje; yo pral bese tèt devan nou, ak figi yo gade atè, e yo pral niche pousyè nan pye nou; e nou pral konnen m se Senyè a; paske moun k ap arete tann mwen yo p ap wont.

8 Epi, kounyeya, mwen menm Jakòb, m ta vle yon jan pale konsènan pawòl sa yo. Paske Senyè a te montre m moun ki nan aJerizalèm yo depi lè nou te pati a, yo te touye yo e yo te bmennen yo prizonye.

9 Men, Senyè a te montre m yo pral aretounen ankò. Epi li te montre m tou Senyè Bondye, Sen Izrayèl la pral manifeste tèt li devan yo nan kò fizik la; e apre l fin manifeste tèt li, yo pral bat li e yo pral bkrisifye l, daprè pawòl zanj la te pale avèk mwen an.

10 Epi, apre yo fin fè kè di ak kou yo rèd kont Sen Izrayèl la, lè sa a, gade ajijman Sen Izrayèl l ap tonbe sou yo. Epi, yon jou pral vini, yo pral modi e yo pral tonbe nan afliksyon.

11 Epi, zanj la te di, lè moun fin chase yo pasi-pala, anpil pral aflije nan kò fizik la, men Senyè a p ap kite yo peri, poutèt priyè moun ki gen lafwa yo; yo pral dispèse, moun pral bat yo, e moun pral rayi yo; men, Senyè a pral gen mizèrikòd pou yo, a yo vin bkonnen Redanmtè yo a, y ap vin crasanble ansanm ankò nan tè eritaj yo a.

12 Epi, aJanti yo pwofèt la t ap pale a pral beni, paske si yo repanti e si yo pa goumen kont Siyon, e si yo pa reyini tèt yo avèk bgwo legliz abominab la, y ap sove; paske Senyè Bondye a pral akonpli calyans li te fè avèk pitit li yo; e se poutèt sa, pwofèt la te ekri bagay sa yo.

13 Se poutèt sa, moun ki goumen kont Siyon, ak pèp alyans Senyè a a, pral niche pousyè nan pye yo; e pèp Senyè a p ap awont. Paske, pèp Senyè a se moun k ap brete tann li yo; paske jis kounyeya y ap ret tann aparisyon Mesi a.

14 Epi, daprè pawòl pwofèt la, Mesi a pral tabli tèt li ankò pou l pote yo sekou yon adezyèm fwa; se poutèt sa, li pral bmanifeste tèt li devan yo ankò nan pouvwa ak anpil laglwa pou l cdetwi ènmi yo, lè jou sa rive, lè yo kwè nan li; e li p ap detwi onkenn moun ki kwè nan li.

15 Epi, moun ki pa kwè nan li, y ap adetwi nan bdife ak tanpèt, ak tranbleman tè, ak masak, ak clapès, ak famin. E, y ap konnen Senyè a se Bondye, li se Sen Izrayèl la.

16 aPaske, èske yo kapab sezi yon prizonye nan men yon nonm puisan, oubyen èske yo kapab libere yon prizonye blalwa kondane?

17 Men sa Senyè a di: Menm aprizonye yon nonm fò pral sòti nan men l, e sa yon nonm te sezi nan batay gen pou yo delivre, paske bBondye Toupuisan an pral cdelivre pèp alyans li. Paske Senyè a di: M ap fè kont avèk moun ki fè kont avèk nou—

18 Epi, moun ki matirize nou, m ap fè yo manje chè ki sou kò pa yo; e yo pral sou avèk pwòp san pa yo tankou moun ki bwè diven dous; epi tout moun ap konnen, Mwen menm, Senyè a, m se Sovè nou ak aRedanmtè nou, bToupuisan Jakòb la.