Ekriti yo
2 Nefi 7


Chapit 7

Jakòb kontinye li nan Ezayi a: Ezayi pale sou Mesi a—Mesi a pral gen lang moun save—Li pral bese do Li devan bouwo L yo—yo p ap kapab konfonn Li—Konpare Ezayi 50. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Wi, Senyè a di konsa: Èske m te voye nou nan kwen, oubyen, èske m te chase w pou tout tan? Senyè a di konsa: Kote papye divòs manman w? Kote ki moun m te voye w, oubyen bay kiyès nan moun mwen dwe yo m te vann ou? Wi, bay kiyès m te vann ou? Gade w, poutèt inikite ou, ou te avann tèt pa w, e poutèt transgresyon ou yo, m voye manman w nan kwen.

2 Se poutèt sa, lè m te vini pa t gen onkenn moun; wi, lè m te arele pa t gen onkenn moun pou reponn. O kay Izrayèl la, èske men m vin kout ki fè l pa kapab rachte pèsonn, oubyen èske m pa gen pouvwa pou m delivre pèsonn? Lè m pase lòd, blanmè a seche, m fè crivyè yo tounen yon dezè, e m fè dpwason yo santi paske dlo yo seche, e yo mouri anba swaf.

3 M abiye syèl yo tou anwa, e m kouvri yo avèk bsak.

4 Senyè Bondye a te ban m alangaj moun save pou m kapab konnen kòman pou m pale avèk ou lè tan an rive, O kay Izrayèl la. Lè w fatige, li reveye maten apre maten. Li reveye zòrèy mwen pou m tande tankou moun save.

5 Senyè Bondye a te louvri azòrèy mwen, e m pa t fè rebèl ni tou m pa t vire do ba li.

6 M te bese do m bay abouwo yo, e m te lonje figi m bay moun ki t ap rache bab mwen yo. M pa t kache figi m anba wont ak krache.

7 Paske, Senyè Bondye a pral ede m, se poutèt sa, yo p ap kapab konfonn mwen. Se poutèt sa, m fè figi m di tankou yon wòch, e m konnen m p ap wont.

8 Senyè a tou pre, e li jistifye m. Kiyès ki kapab goumen avèk mwen? An nou kanpe ansanm. Kote advèsè mwen an? Kite l vin prè m, epi m ap frape l avèk fòs bouch mwen.

9 Paske, Senyè Bondye a pral ede m. Epi tout moun ki akondane m, gade, y ap vin granmoun tankou yon vye rad, e vèmin ap manje yo.

10 Kiyès nan pami nou ki pè Senyè a, ki obeyi avwa sèvitè l yo, ki mache nan fènwa e ki pa gen limyè?

11 Gade, ou menm ki limen dife, ki antoure kò ou avèk etensèl, mache nan limyè adife w la ak nan etensèl ou te limen an. Men sa m ap ba ou—w ap dòmi nan tristès.