Ekriti yo
3 Nefi 11


Jezikri te fè pèp Nefi a wè l, pandan foul la te rasanble ansanm nan peyi Abondans la, e li te preche yo; epi se konsa li te fè yo wè l.

Kòmanse avèk chapit 11.

Chapit 11

Papa a rann temwayaj konsènan Pitit Gason Byenneme Li a—Kris la parèt e Li pwoklame Ekspyasyon Li a—Pèp la touche mak blesi nan pye L ak bò kòt Li yo—Yo kriye Ozana—Li esplike fason ak jan batèm dwe fèt—Se nan dyab la lespri chirepit soti—Doktrin Kris la se pou lèzòm kwè, pou yo batize epi pou yo resevwa Sentespri a. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, yon gwo foul nan moun pèp Nefi a te rasanble ansanm alantou tanp ki te nan peyi abondans la; yo te etone, e youn t ap montre lòt agwo chanjman etonan ki te fèt.

2 Epi tou, yo t ap pale konsènan moun ki rele Jezikri a, ak asiy ki te temwaye konsènan lanmò li a.

3 Epi, se te konsa, pandan youn t ap pale ak lòt, yo te tande yon avwa ki te sanble ki te soti nan syèl la; epi yo te voye je yo tou pa tou, paske yo pa t konprann vwa yo te tande a; epi li pa t yon vwa wòk, ni tou li pa t yon vwa fò; men, malgre se te yon bti vwa, li te tèlman penetre andedan moun ki te tande l yo, pa t gen yon pati nan kò yo li pa t fè fremi; wi li te penetre jouk nan nanm yo, epi li te chofe kè yo.

4 Epi, se te konsa, yo te tande vwa a ankò, e yo pa t konprann li.

5 Epi, yon twazyèm fwa yo te tande vwa a ankò, e yo te louvri zòrèy yo pou yo tande l; e je yo te nan direksyon son an; epi yo te fikse je yo pou gade syèl la, kote vwa a t ap sòti a.

6 Epi, gade, twazyèm fwa a yo te konprann vwa yo te tande a; e li te di yo:

7 Men aPitit Gason Byenneme m se bnan li m pran plèzi, e se nan li m glorifye non m—koute l.

8 Epi, se te konsa, kòm yo te konprann, yo te voye je yo anlè a nan direksyon syèl la; epi gade, yo te a yon nonm ki t ap desann sòti nan syèl; li te abiye avèk yon wòb blanch; li te desann e li te kanpe nan mitan yo; je tout foul la te vire sou li e yo pa t pran chans louvri bouch yo pou yo menm pale yonn ak lòt, e yo pa t kapab imajine, kisa sa te vle di paske yo te konprann se te yon zanj ki te parèt devan yo.

9 Epi, se te konsa, li te lonje men l e li te pale avèk pèp la, li te di:

10 Gade, m se Jezikri pwofèt yo te temwaye ki gen pou l vin nan mond lan.

11 Epi gade m se alimyè ak lavi mond lan; m te bwè nan btas anmè Papa m te ban mwen an, e m te glorifye Papa m lè m cte pran peche mond lan sou tèt mwen; nan bagay sa a, m te aksepte dvolonte Papa m nan tout bagay depi nan kòmansman.

12 Epi, se te konsa, lè Jezi te fin pale pawòl sa yo, tout foul la te tonbe atè a; paske yo te sonje gen apwofesi nan pami yo ki te fè konnen Kris la t ap fè yo wè l apre l fin monte nan syèl la.

13 Epi, se te konsa, Senyè a te pale avèk yo, li te di yo konsa:

14 Avanse leve vin jwenn mwen, pou nou kapab amete men nou bò kòt mwen, epi tou pou nou kapab btouche mak klou yo nan men m ak nan pye m, pou nou kapab konnen m cse Bondye Izrayèl la, ak Bondye tout d a, e m te mouri pou peche mond lan.

15 Epi, se te konsa, foul la te avanse e yo te mete men yo bò kòt li, e yo te touche mak klou yo nan men l ak nan pye l; e yo te fè sa, yo te avanse yonn apre lòt jistan yo tout te avanse, e yo te wè avèk je yo, e yo te touche avèk men yo, yo te konnen ak asirans, e yo te rann temwayaj, se te konsènan ali menm, pwofèt yo te ekri, ki te gen pou l vini an.

16 Epi, lè yo tout te fin avanse e yo te konnen pou tèt pa yo, yo te rele ansanm, yo te di konsa:

17 Ozana! Se pou non Bondye Ki Pi Wo a beni! Epi yo te tonbe nan pye Jezi e yo te aadore l.

18 Epi, se te konsa, li te pale avèk aNefi (paske Nefi te nan pami foul la) e li te kòmande l pou l avanse.

19 Epi, Nefi te leve e l te avanse; li te bese devan Senyè a e li te bo pye l.

20 Epi Senyè a te kòmande l pou l leve. Li te leve e li te kanpe devan l.

21 Epi Senyè a te di l: m ba w apouvwa pou w bbatize pèp sa a lè m retounen monte nan syèl la.

22 Epi, Senyè a te rele alòt moun ankò, e li te di yo menm jan an; e li te ba yo pouvwa pou yo batize. Epi li te di yo konsa: Se konsa pou nou batize; e bpap gen diskisyon nan pami nou.

23 Anverite m di nou, nenpòt moun ki repanti nan peche li yo poutèt apawòl nou yo, e ki bvle batize nan non m, se konsa pou nou batize yo—Gade, n ap desann ckanpe nan dlo a, e n ap batize yo nan non m.

24 Epi kounyeya gade, men pawòl n ap di, n ap site non yo, e n ap di:

25 Paske m te resevwa aotorite nan men Jezikri, m batize w nan non bPapa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a. Amèn.

26 Epi w ap aplonje yo anba dlo a, e n ap wete yo nan dlo a.

27 Epi se konsa n ap batize nan non m; paske, gade, anverite m ap di nou, Papa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a fè ayoun; e m nan Papa a, e Papa a nan mwen, e Papa a ak mwen fè yon sèl.

28 Epi se jan m kòmande nou an pou nou batize. Epi p ap gen adiskisyon nan pami nou jan sa te konn ye a; ni tou p ap gen diskisyon nan pami nou konsènan pwen doktrin mwen an, jan sa te konn ye a.

29 Paske anverite anverite, m ap di nou, yon moun ki gen alespri bchirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit, epi li soulve kè lèzòm pou yo goumen nan kòlè youn ak lòt.

30 Gade, se pa doktrin pa m, pou soulve kè lèzòm nan kòlè youn kont lòt; men, doktrin mwen se pou bagay konsa sispann.

31 Gade, anverite anverite, m ap di nou, m ap deklare nou adoktrin mwen an.

32 Epi, men adoktrin mwen an, e se doktrin Papa a te ban mwen; m rann btemwayaj konsènan Papa a, e Papa a rann temwayaj konsènan mwen, e cSentespri a rann temwayaj konsènan Papa a ak mwen; e m rann temwayaj, Papa a kòmande tout moun, tout kote, pou yo repanti e kwè nan mwen.

33 Epi nenpòt moun ki kwè nan mwen, e ki abatize, moun sa yo ap bsove; e se yo k ap ceritye wayòm Bondye a.

34 Epi nenpòt moun ki pa kwè nan mwen, ap kondane.

35 Anverite anverite, m ap di nou, se doktrin mwen an sa, e m rann nou temwayaj se nan Papa a li sòti; e nenpòt moun ki akwè nan mwen, kwè nan Papa a tou; e Papa a ap rann li temwayaj konsènan m, paske l ap vizite l avèk bdife e avèk cSentespri a.

36 Epi konsa, Papa a ap rann temwayaj konsènan mwen, e Sentespri a ap rann li temwayaj konsènan Papa a ak mwen; paske Papa a ak mwen, ak Sentespri a fè yon sèl la.

37 Epi ankò m di nou, nou dwe repanti, e nou dwe avin tankou yon timoun piti, e nou dwe batize nan non m oubyen nou pa kapab resevwa bagay sa yo nan okenn fason.

38 Epi ankò, m di nou, nou dwe repanti, batize nan non m e vin tankou yon timoun piti, san sa, nou pa kapab eritye wayòm Bondye a nan okenn fason.

39 Anverite anverite, m ap di nou, se doktrin mwen an sa, e nenpòt moun ki abati sou sa, li bati sou wòch mwen an, e bpòt lanfè a p ap kapab gen pouvwa sou li.

40 Epi nenpòt moun ki deklare plis, oubyen mwens pase sa, e ki pretann se doktrin mwen an, moun sa a, se malen an ki voye l, e li pa bati sou wòch mwen an; men li bati sou yon fondasyon asab, e pòt lanfè a rete louvri pou resevwa moun sa a lè dlo yo desann e van an ap frape yo.

41 Se poutèt sa, al jwenn pèp sa a, e deklare tout kwen tè a pawòl m te deklare yo.