Ekriti yo
3 Nefi 12


Chapit 12

Jezi rele douz disip yo epi Li ba yo responsablite—Li bay Nefit yo yon mesaj menm jan ak mesaj sou montay la—Li pale de Beyatitid yo—Ansèyman Li yo depase epi vin pi enpòtan pase lalwa Moyiz la—Lèzòm resevwa kòmandman pou yo vin pafè menm jan Li menm ak Papa L pafè a—Konpare Matye 5. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Epi, se te konsa, lè Jezi te fin pale pawòl sa yo avèk Nefi, e avèk moun ki te resevwa apèl yo, (kantite moun ki te resevwa apèl yo, e ki te resevwa pouvwa ak otorite pou fè batèm yo, te adouz) li te lonje men l devan foul la, li te louvri bouch li fò, li te di: n ap bbeni si nou koute pawòl douz moun m te cchwazi nan pami nou pou preche nou, e ki pou tounen sèvitè nou; e m te ba yo pouvwa pou yo kapab batize nou nan dlo, apre sa, m ap batize nou avèk dife e avèk Sentespri a; se poutèt sa nou beni si nou kwè nan mwen, e si nou batize apre nou fin wè m, e nou konnen m egziste.

2 Epi ankò, moun k ap akwè nan pawòl nou yo paske n ap temwaye yo nou te wè m e m egziste, ap pi beni. Wi, moun k ap kwè nan pawòl nou yo, k ap bdesann nan pwofondè imilite, k ap batize, yo beni, paske cdife ak Sentespri a ap vizite yo, e y ap resevwa remisyon pou peche yo.

3 Wi, moun ki apòv nan lespri, ki bvin jwenn mwen, y ap beni, paske wayòm syèl la se pou yo.

4 Epi ankò, moun ki nan lapenn, yo beni, paske y ap rekonfòte.

5 Epi moun ki adou, yo beni, paske y ap eritye b a.

6 Epi tout moun ki agrangou, epi ki bswaf clajistis, yo beni, paske Sentespri a ap ranpli yo.

7 Epi moun ki bezwen amizèrikòd, yo beni, paske y ap jwenn mizèrikòd.

8 Epi moun ki gen kè api, yo beni, paske y ap b Bondye.

9 Epi tout amoun ki renmen mete lapè, yo beni, paske y ap rele yo bpitit Bondye.

10 Epi tout moun yo apèsekite poutèt non mwen, yo beni, paske wayòm syèl la ap pou yo.

11 Epi nou beni paske lè lèzòm meprize nou, epi yo pèsekite nou, e lè yo di tout kalite bagay mal kont nou san se pa vre, poutèt mwen menm;

12 Paske n ap gen gwo lajwa, e n ap kontan anpil, paske n ap gen gwo arekonpans nan syèl la; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt yo ki te anvan nou yo.

13 Anverite anverite, m ap di nou, m vle nou tounen asèl pou tè a; men, si sèl la pèdi gou l kòman tè a ap fè sale? Lè sa a, sèl la p ap bon pou fè anyen eksepte pou yo voye l jete e pou lèzòm foule l anba pye yo.

14 Anverite anverite, m ap di nou, m vle pou nou tounen limyè pèp sa a. Yon vil ki bati alatèt yon kolin pa kapab kache.

15 Gade, èske lèzòm limen yon abalèn pou yo mete l anba yon panye? Non, okontrè yo mete l sou yon chandelye, e li bay limyè pou tout moun ki nan kay la;

16 Se poutèt sa, kite alimyè nou an limen devan pèp sa a, pou yo kapab wè bon zèv nou e pou yo glorifye Papa nou ki nan syèl la.

17 Pa panse m te vini pou m kraze lalwa Moyiz la oubyen pwofèt yo. M pa t vini pou m kraze, m te vini pou m akonpli.

18 Paske gade, m di nou, yon tikras ni yon tikal p ap soti nan alalwa a, men l ap akonpli nan mwen.

19 Epi gade m te ba nou lalwa ak kòmandman Papa m yo, pou nou kapab kwè nan mwen, pou nou kapab repanti nan peche nou yo, e pou nou kapab vin jwenn mwen avèk yon akè brize e avèk yon lespri kontri. Gade nou gen kòmandman yo devan nou e blalwa a akonpli.

20 Se poutèt sa, vin jwenn mwen, pou nou vin sove; paske, anverite m di nou, si nou pa respekte kòmandman m ba nou kounyeya pa gen okenn fason pou nou antre nan wayòm syèl la.

21 Nou te tande moun lontan yo di, e sa ekri devan nou, nou pa dwe atouye, e nenpòt moun ki touye ap an danje pou l pase anba jijman Bondye.

22 Men, m di nou, nenpòt moun ki fache kont frè l, l ap an danje pou l pase anba jijman Bondye. Epi nenpòt moun ki di frè l, Raka, ap an danje anba jijman konsèy la; e nenpòt moun ki di, moun fou, yo tout ap an danje anba dife lanfè.

23 Se poutèt sa, si n ap vin jwenn mwen oubyen si nou vle vin jwenn mwen e nou sonje frè nou te gen yon bagay kont nou—

24 A l jwenn frè nou an, arekonsilye avèk frè nou an, e apre sa, vin jwenn mwen avèk tout kè nou e m ap resevwa nou.

25 Fè aranjman vit avèk advèsè nou an pandan nou nan wout la avèk li pou l pa pran nou pou jete nou nan prizon.

26 Anverite, anverite, m ap di nou konsa, nou p ap kapab soti ladan l jistan nou peye dènye senk kòb la. Epi pandan nou nan prizon an, èske n ap menm kapab peye yon akòb? Anverite an verite m di nou, Non.

27 Gade, moun lontan yo te ekri, nou pa dwe fè aadiltè;

28 Men m di nou, nenpòt moun ki gade yon fi aavèk anvi, li deja fè adiltè nan kè l.

29 Gade, m ba nou kòmandman pou nou pa kite bagay sa yo antre nan a nou;

30 Paske li pi bon pou nou debarase kò nou anba bagay sa yo, konsa pou nou pote akwa nou tan pou nou t ale nan lanfè.

31 Yo te ekri: Nenpòt moun ki rejte madanm li, li dwe ba li yon lèt adivòs.

32 Anverite anverite, m di nou, nenpòt moun ki arejte madanm li eksepte poutèt bfònikasyon, li fè l fè cadiltè; e nenpòt moun ki marye ak fi divòse a, fè adiltè.

33 Epi ankò, ekriti yo di nou pa dwe fè asèman, men nou dwe fè sa nou te dakò pou nou fè devan Senyè a;

34 Men anverite anverite, m di nou konsa, pa fè asèman ditou; ni sou syèl la, paske se twòn Bondye;

35 ni sou tè a, paske se machpye l;

36 ni tou nou pa dwe sèmante sou tèt nou, paske nou pa kapab fè yon branch cheve nou vin blanch oubyen nwa;

37 men, lè nou di wi, se wi; Non, se non; paske nenpòt sa ki plis pase sa, pa bon.

38 Epi gade, ekriti yo di, aje pou je, dan pou dan;

39 Men, m di nou, nou pa dwe areziste ak mal, men, nenpòt moun ki ba nou yon souflèt nan bò machwè dwat la, bvire lòt bò a ba li tou;

40 Epi, si nenpòt moun ta rele nou nan tribinal, e li pran rad nou, kite l pran manto nou tou;

41 Epi, si nenpòt moun ta fòse nou pou nou mache yon kilomèt, mache de kilomèt avèk li.

42 aBay moun ki mande nou, e pa refize moun ki mande nou prete.

43 Epi gade, yo te ekri tou: Renmen vwazen nou epi rayi ènmi nou;

44 Men, m di nou, renmen aènmi nou yo, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou yo, e bpriye pou moun yo ki maltrete nou ak moun ki yo ki pèsekite nou;

45 Pou nou kapab vin pitit Papa nou ki nan syèl la; konsa, li fè solèy li leve sou mechan yo ak sou moun ki jis yo.

46 Se poutèt sa, konsa, bagay tan ansyen sa yo, ki te fè pati lalwa Moyiz la, yo akonpli nan mwen.

47 Bagay aansyen yo pase, e tout bagay ansyen yo vin nouvo.

48 Se poutèt sa, m ta vle pou nou vin apafè menm jan avèk mwen oubyen menm jan Papa nou ki nan syèl pafè a.