Ekriti yo
3 Nefi 28


Chapit 28

Nèf nan douz disip yo vle epi yo resevwa pwomès pou yon eritaj nan wayòm Kris la lè yo mouri—Twa Nefit yo vle epi yo resevwa pouvwa sou lanmò pou yo rete sou tè a jistan Jezi retounen ankò—Yo chanje epi yo wè bagay ki entèdi pou yo pale, epi kounyeya menm, y ap travay nan pami lèzòm. Anviwon 34–35 apre Jezikri.

1 Epi, se te konsa, lè Jezi te fin di pawòl sa yo, li te pale avèk disip li yo youn apre lòt, li te di yo: ki sa nou vle nan men m, lè m fin ale kote Papa m.

2 Epi yo tout, eksepte twa, te reponn, yo te di: Apre nou fin viv jistan nou granmoun, nou vle, apre travay ou te voye nou akonpli a fini, pou nou kapab a l jwenn ou vit nan wayòm ou an.

3 Epi li te di yo: Nou beni poutèt nou te vle bagay sa nan men m; se poutèt sa, lè w gen swasant-douz ane, n ap vin jwenn mwen nan wayòm mwen an; e n ap jwenn arepo avèk mwen.

4 Epi lè l te fin pale avèk yo, li te vire gade twa lòt yo, e li te di yo: Kisa nou vle m fè pou nou, lè m fin ale kote Papa m?

5 Epi yo te tris nan kè yo, paske yo pa t vle pran chans mande l bagay yo te vle a.

6 Epi li te di yo: Gade, m akonnen panse nou yo, e nou vle bagay bJan, byenneme m nan ki te nan ministè m nan, anvan Juif yo te mete m sou kwa a, te vle nan men m nan.

7 Se poutèt sa, nou pi beni, paske nou p ap ajanm goute blanmò; men n ap viv pou nou wè tout zèv Papa a pral fè pou lèzòm, jistan tout bagay fin akonpli daprè volonte Papa a, lè m retounen nan laglwa m avèk cpouvwa syèl la.

8 Epi nou p ap janm soufri doulè lanmò; men lè m retounen nan laglwa m, n ap chanje nan yon klendèy, sòti nan amòtalite pou bimòtalite; e apre sa, n ap beni nan wayòm Papa m nan.

9 Epi ankò, nou p ap gen doulè pandan n ap viv nan kò sa a, ni tristès, eksepte poutèt peche mond lan; e m ap fè tout bagay sa a poutèt bagay nou te vle nan men m nan, paske, nou te vle pou nou kapab amennen nanm lèzòm ban mwen, pandan mond lan kontinye egziste a.

10 Epi poutèt sa, n ap gen yon alajwa konplè; e n ap chita nan wayòm Papa m nan; wi, lajwa nou ap konplè, menm jan Papa a te ban mwen lajwa konplè a; epi n ap menm jan ak mwen, e m menm jan ak Papa a; e Papa a ak mwen nou fè byonn;

11 aSentespri a rann temwayaj konsènan Papa a ak mwen; e Papa a bay lèzòm Sentespri a poutèt mwen.

12 Epi, se te konsa, lè Jezi te fin pale pawòl sa yo, li te touche yo chak avèk dwèt li, eksepte twa sa ki te dwe rete yo, e apre sa li t ale.

13 Epi gade, menm lè a, syèl yo te l louvri, yo te amonte, yo te wè e yo te tande bagay moun pa kapab pale.

14 Epi li te aentèdi yo pale; ni tou yo pa t resevwa pouvwa pou yo pale bagay yo te wè ak bagay yo te tande;

15 Epi yo pa t kapab di si yo te nan kò fizik la oubyen si yo pa t nan kò fizik la; paske, sanble yo te atransfigire, yo te chanje kò sa a pou yon kò imòtèl pou yo te kapab wè zèv Bondye yo.

16 Men, se te konsa, yo te preche ankò sou sifas tè a; men yo pa t preche bagay yo te tande ak bagay yo te wè yo, poutèt kòmandman yo te resevwa sòti nan syèl la.

17 Epi kounyeya, m pa konnen si yo te mòtèl oubyen imòtèl, depi jou yo te transfigire a.

18 Men, sèlman sa m konnen, daprè sa ki te ekri, yo t ale sou sifas tè a, e yo te preche tout pèp la, yo te reyini tout moun ki te kwè nan prèch yo nan legliz la; yo te batize yo, e tout moun ki te batize te resevwa Sentespri a.

19 Epi moun ki pa t manm legliz la te mete yo nan prizon. Epi aprizon yo pa t kapab kenbe yo, paske prizon yo te fann ande.

20 Epi moun te fouye twou mete yo anba, men yo te frape tè a avèk pawòl Bondye, e avèk apouvwa l yo te delivre sòti anba pwofondè tè a; e konsa, moun pa t kapab fouye twou ki te fon ase pou mete yo.

21 Epi yo te jete yo nan yon afouno dife twa fwa, e anyen pa t rive yo.

22 Epi yo te lage yo nan atwou bèt sovaj de fwa; e gade, yo te jwe avèk bèt yo tankou yon timoun avèk yon mouton ki te nan tete, e anyen pa t rive yo.

23 Epi, se te konsa, yo t ale nan pami tout pèp Nefi a, epi yo te preche tout moun nan peyi a alevanjil Kris la; e moun yo te konvèti nan Senyè a, yo te reyini nan legliz Kris la, epi konsa, pèp bjenerasyon sa a te beni jan Jezi te di a.

24 Epi kounyeya, mwenmenm Mòmon, m sispann pale konsènan bagay sa yo pou yon tan.

25 Gade, m ta pral ekri anon moun sa yo ki pa t dwe janm goute lanmò a, men Senyè a te entèdi m; se poutèt sa, m pa ekri yo, paske yo kache devan mond lan.

26 Men gade m te wè yo, e yo te pale avèk mwen.

27 Epi gade, yo pral nan pami Janti yo, e Janti yo p ap konnen yo.

28 Yo pral nan pami Juif yo tou, e Juif yo p ap konnen yo.

29 Epi, se pral konsa, lè Senyè a wè l nesesè nan lasajès pa l pou yo preche tribi Izrayèl ki adispèse yo, ak tout nasyon, fanmi, lang ak pèp, e pou yo mennen anpil nanm nan pami yo bay Jezi, pou volonte yo kapab akonpli, epi tou poutèt pouvwa konvenkan Bondye a ki nan yo.

30 Epi, yo tankou azanj Bondye yo, e si yo priye Papa a nan non Jezi, yo kapab fè nenpòt moun yo vle, wè yo.

31 Se poutèt sa, yo pral fè zèv gwo ak mèveye, anvan agran jou k ap vini an, lè tout moun dwe kanpe toutbon devan fotèy jijman Kris la;

32 Wi, menm nan pami Janti yo, yo pral fè zèv agwo ak mèvèy, anvan jou jijman sa a.

33 Epi si nou te gen tout ekriti yo, ki rakonte istwa tout zèv mèveye Kris la, nou t ap konnen, daprè pawòl Kris la, bagay sa yo dwe rive toutbon.

34 Epi malè yon moun ki apa vle koute pawòl Jezi yo, epi tou ak bmoun yo li te chwazi, e li te voye nan pami yo; paske yon moun ki pa aksepte pawòl Jezi, ak pawòl moun li te voye yo, moun sa pa resevwa l; e se poutèt sa, li p ap resevwa yo nan dènye jou a.

35 Epi, li t ap pi bon pou yo si yo pa t fèt. Paske, èske nou panse nou kapab sòti anba lajistis yon Bondye ki te ofanse, ki te apilonnen anba pye lèzòm, pou sali ta ka vini konsa?

36 Epi kounyeya, gade jan m te pale konsènan moun yo Senyè a te chwazi a, wi, twa moun sa yo menm ki te monte nan syèl la, moun sa yo m pa t konnen si yo te sòti nan mòtalite pou al nan imòtalite—

37 Men gade depi m te ekri a, m te mande Senyè a, e li te fè m konnen, te gen chanjman ki te fèt nan kò yo; san sa, yo t ap goute lanmò;

38 Se poutèt sa, yon achanjman te fèt nan kò yo, pou yo te kapab pa soufri doulè, ni lapenn, eksepte pou peche mond lan.

39 Chanjman sa a pa t menm jan avèk sa ki pral fèt nan dènye jou a; men yon chanjman te opere nan yo, konsa Satan pa t kapab gen okenn pouvwa sou yo, konsa li pa t kapab atante yo; e kò yo te bsanktifye, konsa yo te csen, e pouvwa tè yo pa t kapab gen kontwòl sou yo.

40 Epi y ap rete konsa jouk nan jou jijman Kris la; e nan jou sa a, yo pral resevwa yon pi gran chanjman, e yo pral antre nan wayòm Papa a pou yo pa janm sòti; men, pou yo rete pou tout tan avèk Bondye nan syèl la.