Ekriti yo
3 Nefi 29


Chapit 29

Aparisyon Liv Mòmon an se yon siy ki fè konnen Senyè a te kòmanse rasanble Izrayèl, epi Li te kòmanse akonpli alyans Li yo—Moun ki rejte revelasyon ak don L yo ki nan dènye jou yo ap modi. Anviwon 34–35 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya gade, m di nou konsa, lè Senyè a wè l nesesè, nan lasajès li, pou bagay sa yo avin jwenn janti yo, daprè jan li te di a, lè sa a, nou mèt konnen balyans Papa a te fè avèk pitit Izrayèl yo, konsènan restorasyon yo nan peyi eritaj yo a deja kòmanse akonpli.

2 Epi nou kapab konnen tout pawòl Senyè a pwofèt sen yo te pale a pral akonpli; e nou pa bezwen di konsa Senyè a pran twòp atan pou l vin jwenn pitit Izrayèl yo.

3 Epi nou pa bezwen panse nan kè nou, pawòl ki te pale yo san valè, paske, reyèlman, Senyè a ap sonje alyans li yo li te fè avèk pèp li a, kay Izrayèl la.

4 Epi lè nou wè pawòl sa yo vini nan pami nou, lè sa a, nou dwe sispann meprize zèv Senyè a yo, paske, aepe blajistis la nan men dwat li; e reyèlman, jou sa a, si nou meprize zèv li yo, l ap fè nou peye pou sa.

5 Malè ayon moun ki bmeprize zèv Senyè a yo; wi, malè yon moun ki cnye Kris la ak zèv li yo!

6 Wi, malè ayon moun ki nye revelasyon Senyè a yo, e ki di konsa, Senyè a pa bay revelasyon ankò, oubyen pwofesi, oubyen bdon, oubyen lang, oubyen gerizon, oubyen pouvwa Sentespri a.

7 Wi, e jou sa a, malè yon moun ki di konsa, Jezikri apa kapab fè mirak ankò, pou l kapab tire bpwofi; paske, yon moun ki fè sa, l ap vin tankou cpitit gason pèdisyon an, pa t gen mizèrikòd pou li a, daprè sa Kris la te di a!

8 Wi, e nou pa dwe kontinye amoke, ni bmeprize, ni pase cJuif yo nan betiz, ni okenn rès nan kay Izrayèl la; paske, reyèlman, Senyè a sonje alyans li te fè avèk yo a, e l ap fè sa l te sèmante pou l te fè pou yo a.

9 Se poutèt sa, pa panse nou kapab fè men dwat Senyè a tounen men goch li, pou l pa egzekite jijman pou l akonpli alyans li te fè avèk kay Izrayèl la.