Ekriti yo
3 Nefi 5


Chapit 5

Nefit yo repanti e yo abandone peche yo—Mòmon ekri istwa pèp li a, e li deklare yo pawòl etènèl la—Izrayèl pral rasanble sòti nan dispèsyon long li a. Anviwon 22–26 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya gade, pat gen yon nanm nan pami tout pèp Nefit yo ki te doute yon ti kras konsènan pawòl tout pwofèt sen yo te pale yo; paske, yo te konnen pawòl sa yo te dwe akonpli.

2 Epi, yo te konnen li te nesesè pou Kris la vini, poutèt tout kantite siy yo te resevwa daprè pawòl pwofèt yo; e poutèt bagay ki te deja pase yo, yo te konnen li nesesè pou tout bagay ki te pale yo akonpli.

3 Se poutèt sa, yo te kite tout peche yo, ak abominasyon yo, ak idolatri seksyèl yo te konn fè, epi yo te sèvi Bondye lajounen kou nan nuit.

4 Epi kounyeya, se te konsa, lè yo te fin fè tout vòlè yo tounen prizonye, yo youn pa t sove san l pa t mouri, yo te mete yo nan prizon, e yo te fè preche prizonye yo pawòl Bondye a; tout sa ki te repanti nan peche yo, e ki te fè alyans pou yo pa asasinen moun ankò, yo te gen alibète.

5 Men, tout sa ki pa t fè alyans, e ki te kontinye kenbe asasina sekrè sa yo nan kè yo, wi, tout sa yo te jwenn ki t ap pwononse menas kont frè yo, yo te pini yo daprè lalwa a.

6 Epi, konsa yo te fini avèk tout mechanste, ak sekrè, ak konbinezon abominab ki te lakòz yon pakèt mechanste ak yon pakèt asasina.

7 Epi konsa, avenndezyèm ane a te pase, venntwazyèm ane a tou, vennkatriyèm ak vennsenkyèm nan te pase, e se konsa vennsenk ane te pase.

8 Epi, anpil bagay te fèt, ki te gwo, e ki te bèl anpil devan je kèk moun; men, tout pa t kapab ekri nan liv sa a; wi, liv sa a pa kapab kenbe menm yon asantyèm nan bagay ki te fèt nan pami tout moun sa yo nan vennsenk;

9 Men gade, gen arejis ki gen tout istwa pèp sa a; e Nefi te bay yon istwa pi kout; men, ki vre.

10 Se poutèt sa, m te fè rejis mwen konsènan bagay sa yo daprè rejis Nefi yo, ki te ekri sou plak ki te rele plak Nefi.

11 Epi gade, m fè rejis la sou plak m te fè avèk men pa m.

12 Epi gade, m rele aMòmon, menm jan avèk bpeyi Mòmon an, tè kote Alma te tabli legliz la nan pami pèp la, wi, premye legliz ki te tabli nan pami yo apre transgresyon yo.

13 Gade, m se yon disip Jezikri, Pitit Gason Bondye a. Li te chwazi m pou m deklare pawòl nan pami pèp li a pou yo kapab gen lavi pou tout tan.

14 Epi, li te vin nesesè pou m aekri bagay m te fè yo, daprè volonte Bondye, pou priyè moun ki te pase yo, moun ki te sen yo, kapab akonpli daprè lafwa yo—

15 Wi, yon ti istwa konsènan sa k te pase depi lè Leyi te kite Jerizalèm, jouk kounyeya.

16 Se poutèt sa, m ekri istwa m yo daprè rejis moun ki te la anvan m yo te ekri depi lè m te fèt;

17 Epi, apre sa, m aekri bagay m te wè avèk je pa m.

18 Epi, m konnen istwa m ap ekri yo jis e yo se verite; men, gen anpil bagay nou pa kapab aekri daprè lang nou.

19 Epi kounyeya, m sispann pale pou tèt pa m; m kòmanse pale konsènan bagay ki te la anvan m yo.

20 M se Mòmon, m se yon vrè desandan Leyi. M gen rezon pou m beni non Bondye m nan ak sovè m nan, Jezikri, poutèt li te wete zansèt nou yo nan peyi Jerizalèm nan (apèsonn pa t konn sa, eksepte limenm ak moun yo li te retire nan peyi a) e li te ban mwen ak pèp mwen an anpil konesans pou sove nanm nou.

21 Tout bon, li te beni akay bJakòb la, epi li te gen cmizèrikòd pou desandan Jozèf yo.

22 Epi, atoutotan pitit Leyi yo te respekte kòmandman l yo, li te beni yo, e li te fè yo pwospere daprè pawòl li.

23 Wi, epi tout bon l ap mennen yon arès nan desandan Jozèf yo nan bkonesans Senyè Bondye yo a.

24 Epi, menm jan Senyè a vivan tout bon an, l ap arasanble nan kat kwen tè a, tout rès desandan Jakòb yo ki dispèse sou tout sifas tè a.

25 Epi, menm jan l te fè alyans avèk tout kay Jakòb la, se konsa alyans li te fè avèk kay Jakòb la pral akonpli nan tan pa l pou l arestore tout kay Jakòb la nan konesans alyans li te fè avèk yo a.

26 Epi, lè sa a, yo pral akonnen redanmtè yo a ki se Jezikri, Pitit Gason Bondye a; e lè sa a, yo pral rasanble sòti nan kat kwen tè a, pou y ale nan pwòp peyi pa yo a, kote yo te sòti a; wi, menm jan Senyè a vivan, se konsa sa ap fèt. Amèn.