Ekriti yo
3 Nefi 7


Chapit 7

Yo asasinen jij anchèf la, gouvènman an detwi, e pèp la divize an tribi—Jakòb, yon antekris vin tounen wa yon konbinezon sekrè—Nefi preche repantans ak lafwa nan Kris la—Zanj sèvi l chak jou, e li leve frè li a anba lanmò—Anpil moun repanti e yo batize. Anviwon 30–33 apre Jezikri.

1 Kounyeya gade, m ap montre nou, yo pa t tabli yon wa alatèt peyi a, men, nan menm ane sa a, yo te fè destriksyon nan fotèy jijman an, wi, yo te asasinen jij anchèf peyi a.

2 Epi, pèp la te divize youn kont lòt, yo te separe youn ak lòt an tribi, chak moun daprè fanmi l, ak zanmi l, e konsa yo te detwi gouvènman peyi a.

3 Epi, chak tribi te lonmen yon chèf oubyen yon dirijan alatèt li; se konsa yo te vin tounen tribi ak chèf tribi.

4 Kounyeya gade, pa t gen yon nonm nan pami yo ki pa t gen anpil fanmi ak anpil zanmi; se poutèt sa, tribi yo te vin gwo anpil.

5 Kounyeya, tout bagay sa yo te fèt e patko gen lagè nan pami yo; epi tout inikite sa a te vini nan pami pèp la paske yo te alivre tèt yo bay pouvwa Satan.

6 Epi, regleman gouvènman an te detwi poutèt akonbinezon sekrè zanmi ak fanmi moun ki te touye pwofèt yo.

7 Epi, yo te tèlman lakòz yon pakèt chirepit nan pami pèp la, pifò moun ki te jis yo nan pami pèp la te prèske vin mechan nèt; wi, te gen yon ti kras moun ki te jis nan pami yo.

8 Epi konsa, sis ane pa t pase depi plis moun nan pami pèp la te vire do bay lajistis, menm jan avèk yon chen ki retounen nan avomi l, oubyen menm jan avèk yon kochon k ap benyen nan labou.

9 Kounyeya, konbinezon sekrè sa a ki te rale tout inikite sa a sou pèp la te rasanble yo ansanm, e li te mete yon nonm ki rele Jakòb pou dirije yo;

10 Epi, yo te rele l wa; se poutèt sa, li te vin tounen wa alatèt bann mechan sa yo; e li te yonn nan moun ki te pale kont pwofèt yo ki te temwaye konsènan Jezi a.

11 Epi, se te konsa, yo pa t anpil menm jan avèk tribi pèp ki te reyini ansanm nan, eksepte dirijan yo ki te tabli lalwa pou yo, pou chak moun daprè tribi li a; men, yo te ènmi; malgre yo pa t yon pèp ki jis, yo te mete ansanm pou rayi sa yo ki te fè alyans pou yo detwi gouvènman an.

12 Se poutèt sa, Jakòb te wè ènmi yo plis pase pèp li a, li te wa gwoup la, se poutèt sa, li te kòmande pèp li a pou yo kouri al nan pati nò peyi a, pou yo bati yon awayòm, jistan rebèl vin jwenn yo, (paske li te flate yo pou anpil fè rebelyon) yo te vin anpil ase pou yo te goumen avèk bann tribi yo, e yo te fè sa.

13 Epi, yo te tèlman mache vit, moun pa t kapab rete yo jistan yo te mache jwenn pèp la. Se konsa trantyèm ane a te pase e se konsa sitiyasyon pèp Nefi a te ye.

14 Epi, se te konsa, nan tranteyinyèm ane a, yo te divize an tribi, chak moun selon fanmi l ak zanmi l yo; yo te pwomèt pou yo pa fè lagè youn ak lòt; men yo pa t gen menm lalwa ak sistèm gouvènman, paske, yo te tabli daprè panse moun ki te chèf ak dirijan yo. Men, yo te tabli lalwa sevè pou yon tribi pa pran pye sou yon lòt; tèlman sa, yo te yon jan gen lapè nan peyi a; men, kè yo te lwen Senyè Bondye yo a, yo te lapide pwofèt yo avèk kout wòch, e yo te chase pwofèt yo nan pami yo.

15 Epi, se te konsa, zanj te vizite aNefi, e li te tande vwa Senyè a; se poutèt sa, kòm li te wè zanj yo, li te temwen avèk je pa l, li te resevwa pouvwa pou l kapab konnen konsènan travay Kris la, e li te temwen jan yo retounen vit soti nan lajistis pou yo tonbe nan mechanste ak abominasyon an.

16 Se poutèt sa, nan afliksyon l pou jan kè yo te di ak jan panse yo te avèg—li t ale nan pami yo nan menm ane sa a, e li te kòmanse temwaye yo repantans kareman ak remisyon pou peche yo pa mwayen lafwa nan Senyè Jezikri.

17 Epi, li te preche yo anpil bagay; tout bagay sa yo pa t kapab ekri, e yon pati ladan yo pa t ap ase; se poutèt sa, yo pa t ekri nan liv sa a. Epi Nefi te preche avèk apouvwa e avèk anpil otorite.

18 Epi, se te konsa, yo te fache kont li, menm poutèt li te gwo ak pi gwo pouvwa pase yo; paske, li apa t posib pou yo pa ta kwè pawòl li yo, paske lafwa li te tèlman gwo nan Senyè Jezikri, zanj te sèvi l chak jou.

19 Epi, nan non Jezi, li te chase dyab yo ak alespri sal yo; li te menm leve frè l la nan pami mò yo apre pèp la te fin lapide l avèk kout wòch, e li te fin soufri lanmò anba men yo.

20 Epi, pèp la te wè sa, yo te temwen bagay sa a, e yo te fache kont li poutèt pouvwa l; e li te fè aanpil lòt mirak devan je pèp la, nan non Jezi.

21 Epi, se te konsa, tranteyinyèm ane a te pase, te gen sèlman yon tikras ki te konvèti nan Senyè a; men, tout moun ki te konvèti, yo te montre pèp la toutbon, yo te resevwa vizit pouvwa ak Lespri Bondye ki te nan Jezikri yo te kwè a.

22 Epi, tout moun ki te gen dyab soti sou yo, e ki te geri anba maladi yo ak domaj yo, yo te temwaye pèp la toutbon Lespri Bondye te tonbe sou yo, e yo te geri; yo te montre siy tou, e yo te fè kèk mirak nan pami pèp la.

23 Konsa trant-dezyèm ane a te pase tou. Epi, Nefi te kriye bay pèp la nan kòmansman trant-twazyèm ane a, epi li te preche yo repantans ak remisyon pou peche yo.

24 Kounyeya m ta vle fè nou sonje tou, pa t gen youn ki te vini nan repantans ki pa t abatize avèk dlo.

25 Se poutèt sa, Nefi te òdone moun nan travay sa a pou tout moun ki te vin jwenn yo kapab batize avèk dlo kòm temwen, pou yo temwaye devan Bondye ak devan pèp la, yo te repanti, epi yo te resevwa aremisyon pou peche yo.

26 Epi, te gen anpil moun nan kòmansman ane sa a ki te batize pou repantans, e se konsa plis jou nan ane a te pase.