Ekriti yo
Alma 13


Chapit 13

Lèzòm resevwa apèl kòm gran prèt, poutèt gwo lafwa yo ak bon zèv yo—Yo dwe ansenye kòmandman yo—Poutèt lajistis yo, yo sanktifye, epi yo antre nan repo Senyè a—Mèlkisedèk se te youn ladan yo—Zanj ap deklare bòn nouvèl nan tout peyi a—Y ap deklare Kris la k ap vini an tout bon. Anviwon 82 anvan Jezikri.

1 Epi ankò, frè m yo, m ta vle fè nou sonje epòk Senyè Bondye a te bay pitit li yo kòmandman sa yo, e m ta vle nou sonje Senyè Bondye a te aòdone prèt daprè lòd pa l, ki nan lòd Pitit Gason li a pou aprann pèp la bagay sa yo.

2 Epi prèt sa yo te òdone daprè alòd Pitit Gason li a, yon bfason pou pèp la kapab konnen ki jan pou yo chèche redanmsyon nan Pitit Gason li a.

3 Epi, se te nan fason sa a yo te òdone yo—yo te arele yo epi yo te bprepare yo depi nan cfondasyon mond lan, daprè dpresyans Bondye, poutèt gwo lafwa ak bon zèv yo; tou dabò, Bondye te kite yo echwazi byen oubyen mal; poutèt yo te chwazi byen, e poutèt yo te egzèse yon gwo flafwa, yo te resevwa yon gapèl ki sen, wi, yon apèl ki te sen ki te prepare e ki te fèt daprè yon redanmsyon ki te preòdone pou moun konsa.

4 Se konsa yo te resevwa aapèl ki te sen sa a poutèt lafwa yo, pandan lòt moun te rejte Lespri Bondye poutèt kè yo ki te di ak panse yo ki te avèg, e si se pa t pou sa, yo t ap kapab gen gran bprivilèj tankou frè yo.

5 Oubyen, alafen, tou dabò, yo te nan amenm pozisyon avèk frè yo; se konsa, apèl ki te sen sa a te prepare depi nan fondasyon mond lan pou moun ki pa fè kè di, moun ki fè pati nan e pa mwayen ekspyasyon Sèl Pitit Gason Literal la, ki te prepare a—

6 Se konsa yo te resevwa apèl ki te sen sa a, epi yo te òdone nan gran prètriz la daprè lòd ki sen Bondye a, pou yo ansenye pitit lèzòm kòmandman li yo pou yo kapab antre nan arepo li a tou—

7 Paske gran prètriz sa a nan lòd Pitit Gason li a, lòd sa a ki te la depi nan fondasyon mond lan; otreman di, paske li apa gen jou li te kòmanse oubyen li pa gen ane pou l fini, paske li te prepare depi nan letènite jouk nan tout letènite daprè bpresyans li nan tout bagay—

8 Kounyeya, men fason yo te aòdone—yo te resevwa yon apèl ki te sen, e yo te òdone avèk yon òdonans ki te sen, e yo te pran gran lòd prètriz ki sen an sou tèt yo, apèl sa a, ak òdonans sa a, ak gran prètriz sa a, ki san kòmansman, oubyen finisman an—

9 Se konsa, yo vin tounen agran prèt pou tout tan, daprè lòd Pitit Gason an, Sèl Pitit Literal Papa a, ki san kòmansman jou oubyen finisman ane, ki plen blagras, ak egalite, ak laverite. Se konsa sa ye. Amèn.

10 Kounyeya, jan m te pale konsènan lòd ki te sen sa a, oubyen agran prètriz sa a, te gen anpil ki te òdone, epi ki te vin tounen gran prèt Bondye a; e se te poutèt gwo lafwa yo, ak brepantans yo, ak lajistis yo devan Bondye, yo te pito chwazi pou yo repanti epi pou yo fè zèv lajistis tan pou yo ta peri;

11 Se poutèt sa, yo te aple daprè lòd ki te sen sa a, yo te asanktifye, e brad yo te lave blanch nan san Ti Mouton an.

12 Kounyeya apre lè aSentespri a te fin bsanktifye yo, rad yo te fin pwòp, cpi, san tach devan Bondye, yo pa t kapab gade dpeche san yo pa te gen erepiyans; e te gen anpil moun, anpil anpil moun, ki te vin pi, e ki te antre nan repo Senyè, Bondye yo a.

13 Epi kounyeya, frè m yo, m ta vle pou nou gen imilite devan Bondye, pou nou pote afwi ki bon pou repantans, pou nou kapab antre nan repo sa a tou.

14 Wi, imilye tèt nou menm jan ak pèp nan epòk aMèlkisedèk la, Mèlkisedèk te yon gran prèt daprè menm lòd m te pale a, ki te resevwa gran prètriz la sou tèt li pou tout tan.

15 Epi, se te menm Mèlkisedèk sa a, aAbraram te konn peye bladim nan; wi, menm papa nou, Abraram te konn peye ladim, yon dizyèm nan tout sa li te genyen.

16 Kounyeya, Bondye te bay aòdonans sa yo nan fason sa a, pou pèp la kapab ret tann Pitit Gason Bondye a, ki se bmodèl daprè lòd li a, oubyen ki se lòd li a, pou yo kapab ret tann padon pou peche yo nan limenm, pou yo kapab antre nan repo Senyè a.

17 Kounyeya Mèlkisedèk sa a, te wa nan peyi Salèm, epi pèp li a te vin tonbe nan inikite ak abominasyon, wi, yo te chaje avèk tout kalite mechanste;

18 Men, paske Mèlkisedèk te egzèse anpil lafwa, e paske li te resevwa ofis gran prètriz la, daprè alòd sen Bondye a, li te preche pèp li a repantans. Epi, yo te repanti; e Mèlkisedèk te tabli lapè nan peyi a nan epòk li a; se poutèt sa, yo te rele li prens lapè a, paske li te wa peyi Salèm, e li te kòmande sou lòd papa l.

19 Te gen aanpil anvan l, e te gen anpil apre l, men, yo byoun pa t pi gran pase l; se poutèt sa, yo pale konsènan li espesyalman.

20 Kounyeya, m pa bezwen fè repetisyon konsènan bagay sa a; m di ase. Gade aekriti yo devan nou; si nou brejte yo, se pou destriksyon tèt pa nou.

21 Epi kounyeya, se te konsa, lè Alma te fin di yo pawòl sa yo, li te lonje men l ba yo, e li te rele byen fò, li te di: kounyeya li lè pou nou arepanti, paske jou sali a ap pwoche;

22 Wi, pa mwayen abouch zanj yo vwa Senyè a dwe deklare nan tout nasyon; wi, li deklare l pou yo kapab gen bon nouvèl ki bay anpil lajwa; wi, li fè bòn nouvèl sa yo sonnen pami tout pèp li a; wi, menm nan pami moun ki gaye sou sifas tè a; se poutèt sa, nou tande yo tou.

23 Epi, yo ban nou yo nan yon langaj aklè, pou nou kapab konprann, pou nou kapab pa twonpe tèt nou; e sa fèt paske nou se bpèleren nan yon peyi etranje; se poutèt sa, nou te jwenn anpil, paske nou resevwa piblikasyon bòn nouvèl sa yo, tout kote nan jaden nou yo.

24 Paske gade, gen azanj k ap pibliye l bay anpil moun kounyeya nan peyi nou an; epi sa fèt pou prepare kè pitit lèzòm pou yo kapab resevwa pawòl li nan epòk aparisyon li nan laglwa li a.

25 Epi kounyeya, nou sèlman ap ret tann pou nou tande bòn nouvèl bouch zanj yo ap deklare nou konsènan aparisyon li a; paske, lè a ap pwoche, nou pa akonnen nan konbyen tan. M espere Bondye ta fè sa pandan m vivan an! Men, menm si se kounyeya oubyen apre, sa ap fè m plèzi.

26 Epi, lè l ap vini an, gen bouch zanj ki pral fè moun ki ajis ak moun ki sen yo konnen pou pawòl zansèt nou yo kapab akonpli daprè sa yo te di konsènan li, daprè Lespri pwofesi ki te nan yo.

27 Epi kounyeya frè m yo, m aswete, nan tout fon kè m wi, avèk anpil anksyete ki fè m mal, pou nou ta koute pawòl mwen yo, e pou nou chase peche nou yo, e pou nou pa ranvwaye jou repantans nou an.

28 Men, pou nou imilye nou devan Senyè a, pou nou rele non li, pou nou aveye e pou nou priye tout tan, pou nou kapab pa btante plis pase nou kapab sipòte, e konsa, pou Lespri Sen an dirije nou pou nou kapab vin enb, pou nou kapab vin cdou, pou nou kapab soumi, pasyan, pou nou kapab chaje avèk lanmou ak andirans;

29 Pou nou agen lafwa nan Senyè a; pou nou espere gen lavi pou tout tan; pou nou gen blanmou Bondye nan kè nou tout tan pou nou kapab leve nan dènye jou yo, pou nou antre nan crepo li a.

30 Epi se pou Senyè a akòde nou repantans, pou nou kapab pa rale kòlè li sou tèt nou, pou nou pa mare anba chenn alanfè, pou nou pa soufri dezyèm blanmò a.

31 Epi, Alma te pale anpil lòt pawòl devan pèp la, ki pa ekri nan liv sa a.