Ekriti yo
Alma 18


Chapit 18

Wa Lamoni konprann Amon se Gran Lespri a—Amon preche wa a konsènan Kreyasyon an, konsènan relasyon Bondye avèk lèzòm, epi konsènan redanmsyon k ap vini pa mwayen Kris la—Lamoni kwè, epi li tonbe atè a tankou l te mouri. Anviwon 90 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, wa Lamoni te fè sèvitè l yo vini pou yo temwaye tout sa yo te wè konsènan sitiyasyon an.

2 Epi lè yo tout te temwaye konsènan sa yo te wè, epi wa a te vin konnen Amon te pwoteje bèt li yo avèk fidelite, ak gwo pouvwa li te genyen pou l goumen avèk moun ki te vle touye l yo, wa a te etone anpil, epi li te di: Tout bon, sa plis pase yon nonm. Ou kwè se pa gran Lespri ki te voye gwo malediksyon sa a sou pèp la poutèt asasina yo te fè yo?

3 Epi, yo te reponn wa a, e yo te di: Nou pa konnen si li se yon gran Lespri oubyen si li se yon nonm, men, nou sèlman konnen ènmi wa yo apa kapab touye l, ni tou, yo pa kapab gaye bèt wa yo lè l avèk nou, poutèt ladrès ak pakèt fòs li; se poutèt sa, nou kwè li se zanmi wa a. Epi kounyeya o, Wa, nou pa konnen yon nonm kapab gen gwo pouvwa sa a, paske nou konnen li pa kapab mouri.

4 Epi kounyeya, lè wa a te tande bagay sa yo, li te di yo: Kounyeya, m konnen se gran Lespri a; li te desann pou l vin sove lavi nou, pou m kapab pa atouye w menm jan m te touye frè w yo. Se gran Lespri zansèt nou yo t ap pale a.

5 Se te tradisyon Lamoni te resevwa nan men papa l, papa l te di l gen yon gran Lespri. Malgre yo te kwè nan yon agran Lespri, yo te konprann tout sa yo fè te bon; men Lamoni te kòmanse pè anpil pou se pa t peche l te fè lè l te touye sèvitè l yo;

6 Paske li te touye anpil ladan yo poutèt frè yo te gaye bèt yo bò kote dlo a; se konsa yo te mouri poutèt bèt yo te gaye.

7 Lamanit yo te gen abitid kanpe bò kote dlo ki te rele Sebis a pou yo dispèse bèt pèp la, pou yo te kapab trennen anpil nan bèt ki dispèse yo nan peyi pa yo; se yon fason yo te konn fè pou yo piye.

8 Epi, se te konsa, wa Lamoni te mande sèvitè l yo: Kote nonm ki gen pouvwa sa a?

9 Epi, yo te di l: L ap bay cheval ou yo manje. Kounyeya anvan sèvitè yo t al bay bèt yo bwè dlo, wa a te kòmande yo pou yo prepare cheval ak charyo li yo, pou yo mennen l nan peyi Nefi a, paske papa Lamoni, ki te wa nan peyi Nefi a, te ba l randevou pou yon gwo fèt nan tout peyi a.

10 Kounyeya lè wa Lamoni te tande Amon t ap prepare cheval ak charyo l yo, li te pi etone, poutèt fidelite Amon, li te di: Tout bon pa janm gen sèvitè nan pami tout sa m genyen yo ki fidèl tankou nonm sa a, paske, li sonje tout kòmandman m yo pou l egzekite yo.

11 Kounyeya, m konnen tou se gran Lespri a, e m vle pou l ta vin kote m; men, m p ap pran chans.

12 Epi, se te konsa, lè Amon te fin prepare cheval ak charyo pou wa a ak sèvitè li yo, li t al jwenn wa a, Epi li te wè figi wa a chanje; se poutèt sa, li ta pral retounen sòti nan prezans wa a.

13 Epi, youn nan sèvitè wa a te di l: Rabana, ki siyifi, wa plen pouvwa, oubyen gran wa, yo te konsidere wa yo a plen pouvwa, e li di l Rabana, wa a vle w rete.

14 Se poutèt sa, Amon te retounen al jwenn wa a e li di l: Kisa w vle m fè pou ou, O, Wa? Epi, wa a pa t reponn li pou yon peryòd inèdtan, daprè sistèm lè yo te genyen an, paske li pa t konnen kisa pou l te di l.

15 Epi, se te konsa, Amon te di l ankò: Kisa w vle m fè pou ou? Men wa a pa t reponn li.

16 Epi, se te konsa, Amon te ranpli avèk Lespri Bondye, se poutèt sa, li te sispèk apanse wa a, e li di l: Èske se poutèt ou tande m te defann sèvitè w yo ak bèt ou yo, paske m te touye sèt nan frè sèvitè w yo avèk fistibal e avèk epe a, e paske m te koupe ponyèt kèk lòt pou m te kapab defann bèt ou yo ak sèvitè w yo; èske se sa ki fè w sezi?

17 M mande w, poukisa ou sezi konsa? M se yon nonm, e m se sèvitè w, se poutèt sa, nenpòt sa ou vle, ki bon, m ap fè l pou ou.

18 Kounyeya, lè wa a te tande pawòl sa yo, li te etone ankò, paske li te wè Amon te kapab akonnen panse l; men, malgre sa, wa Lamoni te louvri bouch li, e li te di l: Kiyès ou ye? Èske w se gran Lespri ki bkonnen tout bagay yo?

19 Amon te reponn, epi li te di l: Non, se pa mwen.

20 Epi, wa a te di: Kòman w fè konnen sa ki nan kè m? Pale kareman, pale m konsènan bagay sa yo, e di m avèk ki pouvwa w te touye e w te koupe ponyèt frè m yo ki te gaye bèt mwen yo—

21 Epi si w di m bagay sa yo, m ap ba w nenpòt sa w mande m, e si se ta nesesè, m t ap pwoteje w avèk lame m yo, men, m konnen w pi fò pase yo tout; men, nenpòt sa w vle nan men m, m ap ba w l.

22 Kounyeya, Amon ki te saj, men, inofansif, li te di Lamoni: Èske w ap koute pawòl mwen si m di w avèk ki pouvwa m te fè bagay sa yo? Se sa m vle nan men w.

23 Wa a te reponn li, e li te di: Wi, m ap kwè tout sa w di. Se konsa, wa a te pran l nan fent.

24 Amon te kòmanse pale avèk li akareman, e li te di l: Èske w kwè gen yon Bondye?

25 Li te reponn, e li te di l: M pa konnen kisa sa vle di.

26 Epi, Amon te di: Èske w kwè gen yon gran Lespri?

27 Epi, li te di, wi.

28 Epi Amon te di: Se Bondye. Epi, Amon te di l ankò: Èske w kwè gran Lespri sa a, ki se Bondye a te kreye tout bagay ki nan syèl ak sou tè a?

29 Epi, li te di: Wi, m kwè li te kreye tout bagay ki sou tè a, men m pa konnen syèl la.

30 Epi, Amon te di l: Syèl la se kote Bondye rete avèk tout zanj ki sen li yo.

31 Epi, wa Lamoni te di: èske syèl la anlè tè a?

32 Epi, Amon te di: Wi, e l ap gade anba sou tout pitit lèzòm, e li konnen tout apanse ak entansyon ki nan kè yo; paske, se avèk men l yo te kreye depi nan kòmansman.

33 Epi, wa Lamoni te di: M kwè tout bagay ou di yo; èske w te sòti kote Bondye?

34 Amon te di l: M se yon moun, e amoun te kreye depi nan kòmansman, daprè imaj Bondye, e Lespri Sen li an te rele m pou m bpreche pèp ou a bagay sa yo, pou yo kapab konnen sa ki jis ak sa ki vre;

35 Epi yon pòsyon nan aLespri sa a rete nan mwen, ki ban m bkonesans ak pouvwa daprè lafwa ak volonte m genyen nan Bondye.

36 Kounyeya, lè Amon te di pawòl sa yo, li te kòmanse nan kreyasyon mond lan ak kreyasyon Adan, Epi li te di l tout bagay konsènan chit lòm nan, li te arakonte l e li te mete rejis yo ak bekriti pèp la devan l, ekriti cpwofèt yo te pale yo, jouk nan lè papa yo, Leyi, te kite Jerizalèm nan.

37 Epi, li te rakonte yo tou (paske se te wa a ak sèvitè l yo), tout vwayaj zansèt yo nan dezè a, tout soufrans grangou, ak swaf, ak traka yo, eksetera.

38 Epi, li te pale yo konsènan rebelyon Laman, ak Lemyèl ak pitit gason Ismayèl yo; wi, li te rakonte yo tout rebelyon yo te fè, e li te pale yo konsènan tout rejis ak ekriti depi lè Leyi te kite Jerizalèm, jouk nan tan kounyeya.

39 Men, se pa tout; li te pale yo konsènan aplan redanmsyon an, ki te prepare depi nan fondasyon mond lan; li te fè yo konnen konsènan Kris la ki gen pou l vini an, e li te fè yo konnen tout travay Senyè a.

40 Epi, se te konsa, lè l te fin di tout bagay sa yo, e li te fin ekspoze yo devan wa a, wa a te kwè nan pawòl li yo.

41 Epi, li te kòmanse kriye nan pye Senyè a, li di: O, Senyè gen mizèrikòd, daprè jan ou te fè pèp Nefi a gen amizèrikòd avèk abondans la; gen mizèrikòd pou mwen ak pèp mwen an.

42 Epi kounyeya, lè l te fin di sa, li te tonbe atè tankou l te mouri.

43 Epi, se te konsa, sèvitè l yo te pran l, e yo te pote l bay madanm li, e yo te mete l kouche sou yon kabann; li te kouche tankou l te mouri pou de jou ak de nuit; e madanm ak pitit gason ak pitit fi l yo te kriye, jan Lamanit yo konn fè a, yo te kriye anpil pou lanmò li.