Ekriti yo
Alma 23


Chapit 23

Pwoklamasyon fèt pou libète relijyon—Lamanit nan sèt peyi ak vil konvèti—Yo rele tèt yo Anti-Nefi-Leyi yo, epi malediksyon an sòti sou yo—Amalekit yo ak Amilonit yo repouse verite a. Anviwon 90–77 anvan Jezikri.

1 Gade kounyeya, se te konsa, wa Lamanit yo te voye yon apwoklamasyon nan pami tout pèp li a, pou yo pa t leve men sou Amon, Aawon, Omnè, Imni ak tout frè yo ki t al preche pawòl Bondye a, nenpòt kote yo ta ye, nan peyi a.

2 Wi, li te voye yon dekrè nan pami pèp la, pou pèp la pa t mete men sou yo pou mare yo, oubyen pou jete yo nan prizon, ni pou krache sou yo, ni pou ba yo kou, ni pou chase yo nan sinagòg yo, ni pou bat yo, ni pou l apide yo, men, pou yo gen antre lib nan kay yo, ak tanp yo, ak kay adorasyon yo.

3 Epi konsa, yo te kapab al preche pawòl la jan yo vle, paske, wa a te konvèti nan Senyè a ak tout moun ki te lakay li. Se poutèt sa, li te voye pwoklamasyon li a nan peyi a, pou pawòl Bondye a te kapab pa gen anpechman, men pou l te kapab ale nan tout peyi a, pou l te kapab konvenk pèp li a konsènan atradisyon mechan zansèt li yo, e pou l te kapab konvenk yo, yo tout se frè, e yo pa dwe asasinen, ni fè piyay, ni vòlè, ni fè adiltè, ni fè nenpòt kalite mechanste.

4 Epi kounyeya, se te konsa, lè wa a te fin voye pwoklamasyon an, Aawon ak frè l yo te mache nan yon vil al nan yon lòt, e yo te mache nan yon kay lapriyè al nan yon lòt kay lapriyè pou yo tabli legliz, konsakre prèt ak enstriktè tout kote nan pami Lamanit yo, pou preche e pou yo ansenye pawòl Bondye a nan pami yo. Se konsa yo te kòmanse gen anpil siksè.

5 Epi, anpil milye Lamanit te vin konnen Senyè a; wi, anpil milye te vin kwè nan atradisyon Nefit yo, epi yo te aprann yo bistwa ak pwofesi ki te pase nan yon men al nan lòt, jouk kounyeya.

6 Epi, menm jan Senyè a vivan tout bon an, se konsa, tout moun ki kwè oubyen ki te vin gen konesans konsènan verite a, pa mwayen predikasyon Amon ak frè l yo, daprè lespri revelasyon ak lespri pwofesi a, e pouvwa Bondye a fè mirak nan pami yo—wi, m di nou, menm jan Senyè a vivan se konsa tout Lamanit ki te kwè nan predikasyon yo, epi ki te akonvèti nan Senyè a, yo pa t bjanm kite legliz la.

7 Paske, yo te vin tounen yon pèp ki jis, yo te mete zam rebelyon yo atè, pou yo pa t goumen avèk Bondye ankò ni avèk okenn nan frè yo.

8 Kounyeya, men amoun yo ki te konvèti nan Senyè a:

9 Pèp Lamanit yo ki te nan peyi Ismayèl la;

10 Pèp Lamanit yo ki te nan peyi Midoni an tou;

11 Pèp Lamanit yo ki te nan vil Nefi a tou;

12 Ak pèp Lamanit yo ki te nan peyi aChilòm nan, ki te nan peyi Chèmlon an ak vil Lemyèl la epi vil Chimnilòm nan tou.

13 Epi, se te non vil Lamanit yo ki te akonvèti nan Senyè a, e se moun sa yo ki te depoze zam rebelyon yo, wi, tout zam lagè yo, e yo tout se te Lamanit.

14 Epi, Amalekit yo pa t akonvèti, eksepte yon sèl; ni bAmilonit yo tou; men, yo te fè kè yo di, e yo te fè kè Lamanit ki te nan peyi sa yo di tou, tout kote yo te rete; wi, tout vilaj yo ak tout vil yo.

15 Se poutèt sa, nou te site non tout vil Lamanit ki te repanti yo, ki te vin gen konesans verite a, e ki te konvèti.

16 Epi kounyeya, se te konsa, wa a ak moun ki te konvèti yo te vle gen yon non pou distenge yo avèk frè yo; se poutèt sa, wa a te konsilte Aawon ak anpil nan prèt yo konsènan non pou yo ta pran pou yo kapab distenge tèt yo.

17 Epi, se te konsa, yo te rele tèt yo aAnti-Nefi-Leyi; e se non sa yo te genyen, epi yo pa t rele Lamanit ankò.

18 Epi, yo te kòmanse vin tounen yon pèp ki travay anpil nan zafè lindistri; wi, yo te fè zanmi avèk Nefit yo, se poutèt sa, yo te louvri yon korespondans avèk Nefit yo, e amalediksyon Bondye pa t tonbe sou yo ankò.