Ekriti yo
Alma 26


Chapit 26

Amon rejwi tèt li nan Senyè a—Senyè a bay moun ki gen lafwa yo fòs ak konesans—Avèk lafwa, lèzòm kapab mennen anpil milye nanm nan repantans—Bondye gen tout pouvwa e li konprann tout bagay. Anviwon 90–77 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, men pawòl Amon te pale frè l yo, li di konsa: Frè m yo, m ap di nou, nou gen anpil rezon pou nou rejwi; paske, èske nou ta kapab sipoze, lè nou te akòmanse nan peyi Zarayemla a, Bondye t ap ban nou gwo benediksyon sa yo?

2 Epi kounyeya, m mande, ki gwo benediksyon sa yo li ban nou an? Èske w kapab di m?

3 Men, ma p reponn pou nou; frè nou yo, Lamanit yo te nan fènwa; wi, yo te menm nan twou fènwa; men, gade konbyen aladan yo ki vin wè bèl limyè Bondye a! Se benediksyon sa yo ki te tonbe sou nou, pou nou kapab sèvi kòm bzouti nan men Bondye pou nou fè gwo travay sa a.

4 Gade, anpil amilye ladan yo rejwi, epi yo te vin fè pa ti nan twoupo Bondye a.

5 Gade, ajaden an te mi, epi nou beni paske nou te pran bkoutodigo a e nou te rekòlte avèk fòs nou; wi, nou te travay tout lajounen, epi gade kantite cgrap ou te keyi! epi, yo pral rasanble nan barik pou yo kapab pa pèdi.

6 Wi, siklòn nan dènye jou a p ap chavire yo atè; wi, ni tou, toubiyon p ap pote yo ale; men, lè asiklòn nan vini, y ap rasanble ansanm nan plas yo pou siklòn nan pa kapab penetre nan mitan yo; wi, ni tou van pa p kapab transpòte yo pasi-pala, kote, ènmi an chwazi pou l voye yo.

7 Men gade, yo nan men Senyè a ki se mèt arekòt la; se pou li yo ye; e li pral bleve yo nan dènye jou a.

8 Se pou non Bondye nou an beni, an nou achante pou laglwa li; wi, an nou bay non sen li a bremèsiman, paske li fè lajistis pou tout tan.

9 Paske si nou pa t monte nan peyi Zarayemla a, chè frè byenneme nou yo, ki te renmen nou anpil la tou, yo t ap toumante avèk arayisman kont nou; wi, e yo t ap etranje devan Bondye jouk kounyeya.

10 Epi, se te konsa, lè Amon te fin di bagay sa yo, frè l la, Aawon te rele dèyè l, li di: Amon, m pè pou kontantman pa fè w gonfle lestomak ou.

11 Men Amon te di l: M pa fè alouwanj poutèt fòs pa m, ni pou lasajès mwen; men, m chaje ak blajwa; wi, kè m chaje ak lajwa, e ma p rejwi nan Bondye m nan.

12 Wi, m konnen m pa anyen; kanta pou fòs pa m, m se yon moun fèb; se poutèt sa, m p ap fè alouwanj pou tèt pa m, men, ma p fè louwanj pou Bondye m nan, paske avèk bfòs li m kapab fè tout bagay; wi, nou fè yon pakèt mirak nan peyi sa a, n ap beni non l pou tout tan poutèt sa.

13 Gade, konbyen milye nan frè nou yo li te demare anba doulè alanfè; e sa te pouse yo bchante lanmou Redanmtè a, poutèt pouvwa pawòl li ki nan nou, se poutèt sa, èske nou pa gen gwo rezon pou nou rejwi?

14 Wi, nou gen rezon pou nou louwe li pou tout tan, paske li se Bondye Ki Pi Wo a, e li te demare frè nou yo anba achenn lanfè.

15 Wi, tenèb etènèl ak destriksyon te ansèkle yo tout kote; men gade, li te mennen yo nan alimyè etènèl, wi, li te mennen yo nan sali etènèl, e yo te antoure avèk lanmou li a ki pa kapab konpare avèk lòt; wi, epi nou te sèvi kòm zouti nan men l pou nou fè gwo bèl travay sa a.

16 Se poutèt sa, aan nou rejwi; wi, bn ap rejwi nan Senyè a; wi, n ap rejwi paske nou ranpli ak lajwa; wi, n ap louwe Bondye pou tout tan. Gade kiyès ki kapab louwe non Senyè a twòp? Wi, kiyès ki kapab pale twòp sou gwo pouvwa li a, ak cmizèrikòd li, ak andirans li pou byen lèzòm? Gade m ap di nou, m pa kapab di ti kal nan sa m santi.

17 Kiyès ki te kapab kwè Bondye nou an ta gen tout mizèrikòd sa a, pou l rale nou nan eta terib, eta peche ak salte nou te ye a?

18 Gade, nou t ale menm avèk kòlè, avèk menas pou nou adetwi legliz li a.

19 O, lè sa a, poukisa li pa t konsiyen nou anba yon destriksyon terib; wi poukisa li pa t kite epe lajistis li tonbe sou nou pou anglouti nou nan dezespwa etènèl?

20 O, nanm mwen preske tankou l ap vole lè m panse bagay sa a. Gade, li pa t egzèse lajistis li sou nou, men, nan pakèt mizèrikòd li, li te retire nou nan agouf lanmò ak mizè etènèl sa a, pou l menm sove nanm nou.

21 Epi kounyeya gade, frè m yo, ki moun anatirèl ki konnen bagay sa yo? M di nou, pa gen yo youn ki bkonnen bagay sa yo, eksepte moun ki repanti yo.

22 Wi, moun ki arepanti, ki egzèse blafwa, ki fè bon zèv e ki priye tout tan, se moun sa yo ki kapab konnen cmistè Bondye; wi, y ap konnen bagay ki pa t janm revele; wi, epi y ap gen pouvwa pou yo mennen anpil milye nanm nan repantans la, menm jan nou te gen pouvwa pou nou te mennen frè nou yo nan repantans la.

23 Kounyeya, èske nou sonje, frè m yo, nou te di frè nou yo nan peyi Zarayemla a, nou ta prale nan peyi Nefi a pou preche frè nou yo, Lamanit yo, e yo te pase nou nan betiz?

24 Yo te di nou: Nou panse nou kapab fè Lamanit yo konnen verite? Èske nou panse nou kapab konvenk Lamanit yo sou atradisyon zansèt yo ki pa kòrèk ak bjan kou yo rèd la; ak kè yo ki pran plèzi nan koule san, ak tout lavi yo ki pase nan move inikite, ak chemen yo ki menm chemen yon transgresè depi nan kòmansman an? Kounyeya, frè m yo, nou sonje se konsa yo te pale.

25 Epi ankò, yo te di: An nou pran lèzam kont yo, annou detwi yo ak inikite yo sou tè a pou yo pa anvayi nou, e pou yo pa detwi nou.

26 Men gade, frè byenneme m yo, nou pa t vini nan dezè a avèk entansyon pou nou detwi frè nou yo, men, avèk entansyon pou, petèt, nou ta kapab sove kèk nan nanm yo.

27 Kounyeya, lè kè nou te deprime, e nou te nan wout pou nou tounen, gade Senyè a te akonsole nou, e li te di: Ale nan pami frè nou yo, Lamanit yo, sipòte bafliksyon nou yo avèk cpasyans, e m ap fè nou gen siksè.

28 Epi kounyeya gade, nou te vini, e nou te mache nan pami yo, e nou te pran pasyans nan soufrans nou yo, e nou te soufri tout privasyon; wi nou te mache nan chak kay, nou te lage kò nou nan men mond lan—Pa nan men mond lan sèlman, men, nan men Bondye.

29 Epi, nou te antre lakay yo e nou te preche yo, e nou te preche yo nan lari; wi, nou te preche yo sou kolin yo, e tou, nou te antre nan tanp yo ak sinagòg yo, e nou te preche yo. Yo te chase nou, yo te moke nou, yo te krache sou nou, yo te souflete nou, yo te lapide nou, yo te pran nou, yo te mare nou avèk kòd solid, e yo te jete nou nan prizon, e avèk pouvwa e avèk lasajès Bondye, nou te delivre ankò.

30 Epi, nou te soufri tout kalite afliksyon, e tout sa te pase petèt pou nou ta kapab sèvi kòm zouti pou nou sove kèk nanm, e nou t ap ranpli ak alajwa, si, petèt, nou ta kapab sèvi kòm zouti pou nou sove kèk nanm.

31 Kounyeya gade, nou kapab leve tèt pou nou wè fwi travay nou; èske yo ti kras? Mwen di nou, non; yo aanpil; wi, epi nou kapab temwaye konsènan senserite yo, poutèt lanmou yo pou frè yo ak pou nou.

32 Paske gade, yo te pito asakrifye lavi yo, tan pou yo ta pran lavi ènmi yo, e yo te bantere zam pou lagè yo fon anba tè, poutèt lanmou yo te genyen pou frè yo.

33 Epi kounyeya gade, m di nou, èske te janm gen lanmou ki te gwo konsa nan tout peyi a? Gade m di nou, non, pa t gen sa menm nan pami Nefit yo.

34 Paske gade, yo t ap pran lezam kont frè yo; yo pa t ap kite Lamanit yo touye yo. Men, gade ki kantite nan moun sa yo ki te bay lavi yo, e nou konnen y al jwenn Bondye yo a poutèt lanmou yo te genyen youn pou lòt ak rayiman yo te genyen pou peche.

35 Kounyeya, èske nou pa gen rezon pou nou rejwi? Wi, m di nou, pa t janm gen moun ki te gen gwo rezon pou yo te rejwi tankou nou, depi mond lan te kòmanse, wi, e kontantman m depase limit, jistan m ap fè chèlbè nan Bondye m nan; paske li gen tout apouvwa, tout konpreyansyon, li bkonprann tout bagay, li se yon Èt ki gen cmizèrikòd, menm pou l sove moun ki repanti, e ki kwè nan non l.

36 Kounyeya, si bagay sa a se chèlbè, m ap fè chèlbè menm. Paske se lavi m ak limyè m, lajwa m ak sali m ak redanmsyon k ap wete m nan touman etènèl. Wi, non Bondye m nan beni, li pa bliye pèp li a, ki se yon abranch nan pyebwa Izrayèl la, ki te separe nan kò a, pou l pèdi nan yon peyi etranje; wi, m di, non Bondye m nan beni; li te sonje nou menm ki se bpèleren nan yon peyi etranje.

37 Kounyeya, frè m yo, nou wè Bondye sonje chak amoun, nan nenpòt peyi yo ye; wi, li konte pèp li a, e zantray mizèrikòd li sou tout tè a. Se lajwa pa m ak gwo remèsiman m; wi, m ap remèsye Bondye m nan pou tout tan. Amèn.