Ekriti yo
Alma 27


Chapit 27

Senyè a kòmande Amon pou l mennen pèp Anti-Nefi-Leyi yo, yon kote ki byen pwoteje—Lè Amon rankontre Alma kontantman Amon depase fòs li—Nefit yo ba yo peyi Jèchon an—Yo rele yo pèp Amon an. Anviwon 90–77 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, sete konsa, lè Lamanit ki t ale pou fè lagè kont Nefit yo te wè, apre anpil efò pou yo detwi yo, se te san rezilta yo t ap chèche fè sa, yo te retounen nan peyi Nefi a.

2 Epi, se te konsa, Amalekit yo te fache anpil, poutèt sa yo te pèdi. Lè yo te wè, yo pa t kapab tire revanj sou Nefit yo, yo te kòmanse pouse pèp la kont afrè yo, pèp bAnti-Nefi-Leyi a, se poutèt sa, yo te kòmanse detwi yo ankò.

3 Yon fwa aankò pèp sa a te refize pran lèzam, e yo te kite ènmi yo touye yo, daprè volonte ènmi yo.

4 Kounyeya, lè Amon ak frè l yo te wè travay destriksyon sa a nan pami moun yo te renmen anpil yo, e ki te renmen yo anpil la tou—paske yo te konsidere Amon ak frè l yo tankou zanj Bondye te voye pou sove yo anba destriksyon etènèl—se poutèt sa, lè Amon ak frè l yo te wè gwo travay destriksyon sa a, yo te chaje avèk konpasyon, e yo te adi wa a:

5 An nou rasanble pèp Senyè a ansanm, e annou desann nan peyi Zarayemla a, pou n al jwenn frè nou yo, Nefit yo, pou nou sòti anba men ènmi nou yo, pou nou kapab pa detwi.

6 Men, wa a te di yo: gade, Nefit yo pral detwi nou poutèt anpil asasina ak anpil peche nou te fè kont yo.

7 Epi, Amon te di: M pral mande Senyè a e si l di nou, desann al jwenn frè nou yo, èske nou prale?

8 Epi, wa a te di l: Wi, si Senyè a di nou, ale, nou pral jwenn frè nou yo, e n ap tounen esklav yo jistan nou repare anpil asasina ak anpil peche nou te fè kont yo.

9 Men Amon te di l: Lalwa papa m te tabli nan pami frè nou yo pa vle pou gen aesklav nan pami nou; se poutèt sa, ann ale, e frè nou yo ap fè jan yo vle avèk nou.

10 Men, wa a te di l: Mande Senyè a, e si li di nou ale, nou prale; si se pa sa, n ap ret peri nan peyi a.

11 Epi, se te konsa, Amon t al mande Senyè a, e Senyè a te di l:

12 Wete pèp sa a nan peyi a pou yo pa peri; paske, Satan gen gwo pouvwa sou kè Amalekit yo ki pouse Lamanit yo kont frè yo pou touye yo; se poutèt sa, sòti nan peyi a, e pèp ki fè pati nan pami jenerasyon sa a beni, paske m ap prezève yo.

13 Epi, se te konsa, Amon t ale, e li te di wa a tout pawòl Senyè a te di l.

14 Epi, yo te rasanble tout moun yo ansanm, wi, tout moun Senyè a yo, epi yo te rasanble bèt ak pwovizyon yo, yo te pati kite peyi a, e yo t ale nan dezè ki te separe peyi Nefi a ak peyi Zarayemla a, e yo t ale toupre fwontyè peyi a.

15 Epi, se te konsa, Amon te di yo: Mwen menm ak frè m yo, nou prale nan peyi Zarayemla a, e n ap rete la jistan nou retounen, e n ap teste kè frè nou yo pou nou wè si y ap kite nou vini nan peyi yo a.

16 Epi, se te konsa, pandan Amon t aprale nan peyi a, li te rankontre frè Alma yo nan akote yo te gen pou yo rankontre a, e se te yon rankont plen lajwa.

17 Kounyeya, Amon te tèlman gen alajwa, kè l te ranpli; wi, li t ap neye nan lajwa Bondye li a, jistan li te bpèdi fòs li, e li te tonbe atè a cankò.

18 Kounyeya, èske sa pa t yon gwo lajwa? Gade, se lajwa pèsonn pa resevwa, si se pa moun ki repanti e k ap chèche bonè ak imilite.

19 Kounyeya, lajwa Alma te gwo anpil, toutbon, lè li te rankontre frè l yo, ni lajwa Aawon, ak lajwa Omnè, ak lajwa Imni; men, lajwa yo pa t depase fòs yo.

20 Epi kounyeya, se te konsa, Alma te kondi frè l yo tounen nan peyi Zarayemla a; li te menm mennen yo lakay pa l. Yo t al di jij aanchèf la tout sa ki te pase yo nan peyi Nefi a, nan pami frè yo, Lamanit yo.

21 Epi, se te konsa, jij anchèf la te voye yon pwoklamasyon nan tout peyi a, pou l kapab konnen vwa pèp la konsènan frè yo, ki te pèp Anti-Nefi-Leyi a.

22 Epi, se te konsa, pèp la te fè tande vwa l, ki te di: N ap bay peyi Jèchon an, ki nan kote lès bò lanmè ki kontre nan peyi Abondans la, nan bò kote sid peyi Abondans la. Se peyi Jèchon sa a n ap bay frè nou yo pou yo eritye.

23 Epi gade, n ap mete lame nou yo nan mitan peyi Jèchon an ak peyi Nefi a pou nou kapab pwoteje frè nou yo nan peyi Jèchon an; epi n ap fè sa, poutèt frè nou yo pè pran lezam kont frè yo pou yo pa fè peche; yo pè paske yo te repanti toutbon, nan anpil asasina ak mechanste terib yo te fè.

24 Epi kounyeya, n ap fè sa pou frè nou yo, pou yo kapab eritye peyi Jèchon an, e n ap pwoteje yo kont ènmi yo avèk lame nou yo, ak kondisyon pou yo ban nou yon pati nan pwovizyon yo pou nou kapab kenbe lame nou yo.

25 Kounyeya, se te konsa, lè Amon te tande sa, li te retounen bò kote pèp Anti-Nefi-Leyi a, epi tou, Alma t ale avèk li, nan dezè a, kote yo te plante tant yo, e yo te fè yo konnen tout bagay sa yo. Epi, Alma te rakonte yo akonvèsyon l, ak Aawon ak frè l yo.

26 Epi, se te konsa, li te mete anpil lajwa nan pami yo. Epi yo te desann nan peyi Jèchon an, e yo te pran peyi Jèchon an, e Nefit yo te rele yo: Pèp Amon an, se poutèt sa, non sa a te distenge yo depi lè sa a.

27 Yo te nan pami pèp Nefi a, epi tou, yo te konte nan pami moun legliz Bondye a. Epi yo te distenge pou devouman yo devan Bondye, ak devan lèzòm, paske yo te pafètman aonèt e yo te bdwat nan tout bagay; epi yo te fèm nan lafwa nan Kris la jiska lafen.

28 Epi, pou yo fè san frè yo koule se te yon bagay kite trè meprizab, e yo pa t janm kapab pran lèzam kont frè yo, pou yo pa t avili tèt yo, e yo pa t pè lanmò menm yon ti kras, poutèt esperans yo ak konsiderasyon yo te genyen pou Kris la ak rezirèksyon an. Se poutèt sa, pou yo, lanmò te anglouti nan viktwa Kris la te ranpòte sou li.

29 Se poutèt sa, yo ta prefere soufri alanmò nan fason pi grav ak pi agonizan frè yo te kapab panse aflije yo, pou yo ta pran epe oubyen ponya pou yo ponyade yo.

30 Se konsa, yo te yon pèp devwe, yo te emab, Senyè a te fè yo anpil favè.