Ekriti yo
Alma 29


Chapit 29

Alma vle kriye repantans avèk devouman zanj yo—Senyè a bay enstriktè pou tout nasyon—Alma pran plèzi nan travay Senyè a, e nan siksè Amon ak frè l yo. Anviwon 76 anvan Jezikri.

1 O, si m te yon zanj, m ta kapab fè sa ki nan kè m, m ta vle ale pou m pale avèk twonpèt Bondye a, avèk yon vwa pou souke tè a, m ta rele repantans nan zòrèy tout pèp!

2 Wi, m ta deklare chak nanm, tankou vwa yon loray, repantans ak plan redanmsyon an, pou yo kapab repanti, avin jwenn Bondye nou an, pou kapab pa gen plis lapenn sou tout sifas tè a.

3 Men gade, m se yon nonm, e m fè peche poutèt anbisyon m; paske m dwe kontante m avèk bagay Senyè a banmwen.

4 M pa dwe kite dezi pa m toumante dekrè fèm Bondye ki jis la, paske, m konnen li bay lèzòm daprè avolonte yo, menm si se pou lanmò oubyen pou lavi; wi, m konnen li akòde lèzòm, wi, li bay lèzòm lòd ki pa t chanje daprè sa yo bvle, menm si se pou sove yo oubyen pou detwi yo.

5 Wi, m konnen byen ak mal vini devan tout moun; moun ki pa konnen byen ak mal pa gen repwòch; men, moun ki akonnen byen ak mal, moun sa a resevwa daprè volonte l, menm si li vle byen oubyen mal, lavi oubyen lanmò, lajwa oubyen remò bkonsyans.

6 Kounyeya, m konnen bagay sa yo, poukisa pou m ta vle fè plis pase travay yo ban mwen an?

7 Poukisa pou m vle pou m ta yon zanj, pou m kapab pale avèk tout kwen tè a?

8 Paske gade, Senyè a bay atout nasyon, pou tèt pa yo, avèk blang pa yo, pou yo preche pawòl li a; wi, avèk lasajès, tout sa li c ki nesesè pou yo ta genyen; se poutèt sa, nou wè, Senyè a bay konsèy nan lasajès, daprè lajistis ak verite a.

9 M konnen kisa Senyè a kòmande m, e m rejwi ladan l. M pa arejwi m nan tèt pa m, men, m pran plèzi nan sa Senyè a kòmande m; wi, se laglwa pa m, petèt, m kapab sèvi kòm zouti nan men Bondye pou m mennen kèk nanm nan repantans; se lajwa pa m.

10 Epi gade, lè m wè anpil nan frè m yo ki repanti toutbon, ki vin jwenn Senyè a, Bondye yo a, lè sa a, nanm mwen ranpli ak lajwa; lè sa a, m sonje akisa Senyè a te fè pou mwen; wi, li te menm koute lapriyè m; wi, lè sa a, m sonje ponyèt mizèrikòd li lonje ban mwen.

11 Wi, epi tou m sonje kaptivite zansèt mwen yo; paske m konnen toutbon, aSenyè a te delivre yo anba esklavaj, e konsa, li te tabli legliz li a; wi, Senyè Bondye a, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la te delivre yo anba esklavaj,

12 Wi, m te toujou sonje kaptivite zansèt mwen yo; e menm Bondye ki te adelivre yo anba men Ejipsyen yo, te delivre yo anba esklavaj.

13 Wi, epi menm Bondye sa a te tabli legliz li a nan pami yo; wi, menm Bondye sa a te ban m yon apèl ki sen pou m preche pèp li a pawòl la, e li te ban m anpil siksè, ki te fè m ranpli ak alajwa.

14 Men, m pa egzalte m poutèt siksè pa m sèlman; men, m pi ranpli ak lajwa poutèt asiksè frè m yo ki te monte nan peyi Nefi a.

15 Gade, yo te travay anpil, e yo te pwodwi anpil fwi, rekonpans yo pral anpil!

16 Kounyeya, lè m panse avèk siksè frè m yo, nanm mwen transpòte, menm, jistan li tankou l te separe avèk kò m; se konsa m kontan anpil.

17 Epi kounyeya, se pou Bondye akòde frè m yo pou yo chita nan wayòm Bondye a; wi, e tout moun ki se fwi travay frè m yo tou, pou yo pa sòti, men, pou yo beni non l pou tout tan. M mande pou Bondye fè sa daprè pawòl mwen yo, menm jan m di l la. Amèn.