Ekriti yo
Alma 36


Kòmandman Alma te bay Elaman, pitit gason li a.

Depi nan chapit 36 jouk nan 37.

Chapit 36

Alma temwaye bay Elaman konsènan konvèsyon li apre Alma te fin wè yon zanj—Li te soufri doulè yon nanm kondane; li te rele non Jezi, epi li te refèt nan Bondye—Gwo lajwa te chaje nanm li—Li te wè yon pakèt kantite zanj ap louwe Bondye—Anpil moun konvèti te goute epi yo te wè menm jan li te goute epi li te wè a. Anviwon 74 anvan Jezikri.

1 aPitit gason m nan, koute pawòl mwen yo; paske, m garanti ou, tout otan ou respekte kòmandman Bondye yo w ap pwospere nan peyi a.

2 M ta vle pou w ta fè tankou m, sonje kaptivite zansèt nou yo; paske yo te nan aesklavaj, epi pèsonn pa t kapab delivre yo, eksepte bBondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, epi li te delivre yo tout bon anba afliksyon yo.

3 Kounyeya, pitit mwen an, Elaman, ou jèn toujou, se poutèt sa, m priye w pou w tande pawòl mwen yo, epi pou w aprann nan men m; paske m konnen, nenpòt moun ki mete konfyans nan Bondye, y ap jwenn sipò nan atraka yo, ak pwoblèm yo, ak afliksyon yo, epi yo pral bmonte anlè nan dènye jou a.

4 M pa vle w panse, m akonnen pou kont pa m—Non pa avèk materyèl la, men avèk espirityèl la; non pa avèk panse bchanèl la, men avèk panse Bondye.

5 Kounyeya, m di w, si m pa t afèt nan Bondye, m pa bt ap konnen bagay sa yo, men, avèk bouch sen zanj li, Bondye te fè m konnen bagay sa yo. Non pa avèk cdiyite pa m.

6 Paske, m t ale tout kote avèk pitit gason Mozya yo, pou m chèche adetwi legliz Bondye a, men, Bondye te voye zanj sen li a pou rete nou.

7 Epi, li te pale avèk nou tankou vwa loray, epi tout tè a te atranble anba pye nou, epi nou tout te tonbe atè, paske blakrent Senyè a te anvayi nou.

8 Men, vwa a te di m: Leve. M te leve kanpe, epi m te wè zanj la.

9 Epi, li te di m: Si w pa vle detwi tèt pa w, sispann eseye detwi legliz Bondye a.

10 Epi, se te konsa, m te tonbe atè a; m pa t kapab louvri bouch mwen pou atwa jou ak twa nuit, ni tou m pa t kapab sèvi avèk janm mwen ni ponyèt mwen.

11 Epi, zanj la te di m anpil bagay frè m yo te tande, men, m pa t tande yo; paske, lè m te tande pawòl sa yo—Si w pa vle detwi tèt ou, pa chèche detwi legliz Bondye a ankò a—Yon gwo krent ak etònman te frape m, m te pè pou m pa detwi, m te tonbe atè a, epi m pa t tande anyen ankò.

12 Men, m te kòde anba touman aetènèl, paske nanm mwen te dechire nan dènye limit, epi tout peche m yo te toumante nanm mwen.

13 Wi, m te sonje tout peche ak inikite m yo, yo te fè m atoumante anba soufrans lanfè; wi, m te wè m te fè rebèl kont Bondye, epi m pa t respekte kòmandman sen li yo.

14 Wi, m te touye anpil nan pitit li yo, oubyen, m te fè yo tonbe nan destriksyon; wi, lè fini, inikite m yo te tèlman gwo, lè m te sèlman panse pou m ta vin nan prezans Bondye, sa te toumante nanm mwen anba yon doulè m pa kapab esplike.

15 O, m te panse, Bondye te akapab entèdi m, epi nanm mwen ak kò m te kapab elimine pou m kapab pa vin kanpe nan prezans Bondye, pou l jije m daprè bzèv mwen.

16 Kounyeya, pou twa jou ak twa nuit, m te kòde anba touman, menm anba doulè yon nanm ki adane.

17 Epi, se te konsa m t ap kòde anba touman, pandan rapèl pakèt peche m yo t ap atoumante m, reyèlman, m sonje m te tande pwofesi papa m devan pèp la, konsènan vini yon Jezikri, yon Pitit Gason Bondye ki gen pou l ekspye peche mond lan.

18 Kounyeya, pandan panse m te sou bagay sa a, m te kriye nan kè m: O, Jezi, Pitit Gason Bondye a, gen mizèrikòd pou mwen ki aandedan fyèl anmè a, epi tout kò m mare avèk bchenn lanmò etènèl.

19 Kounyeya, reyèlman, lè m te panse bagay sa a, m pa t kapab sonje soufrans mwen yo ankò; wi, m pa t atoumante anba rapèl peche m yo ankò.

20 O, gade yon alajwa, ak yon limyè mèveye m te wè; wi, nanm mwen te chaje avèk anpil lajwa, ki te konparab avèk kantite lapenn m te genyen yo.

21 Wi, m di, pitit gason m nan, pa t gen anyen pi pike ak pi anmè pase lapenn mwen yo. Wi, epi m di w pitit gason m nan, pa t gen anyen pi dous pase lajwa m te genyen an.

22 Wi, m sonje m te wè, tankou papa nou aLeyi te wè a, Bondye chita sou twòn li, antoure avèk anpil anpil zanj ki sanble yo t ap chante epi yo t ap louwe Bondye yo a; wi, epi nanm mwen te vle pou l te la tou.

23 Men, ponyèt mwen yo ak janm mwen yo te vin pran afòs ankò; m te kanpe sou pye m epi m te fè pèp la konnen m te bfèt nan Bondye.

24 Wi, depi lè sa a, jis pou kounyeya, m travay san rete pou m kapab mennen nanm nan repantans; pou m kapab fè yo agoute anpil lajwa m te goute yo, pou yo kapab fèt nan Bondye epi pou yo kapab branpli avèk Sentespri a.

25 Wi, kounyeya pitit gason m nan, Senyè a ban m anpil lajwa nan fwi travay mwen;

26 Poutèt apawòl m te jwenn yo, anpil moun te fèt nan Bondye, yo te goute jan m te goute a, epi yo wè je nan je, jan m te wè a; se poutèt sa, yo konnen bagay m te pale yo, menm jan m konnen an; epi konesans mwen genyen an, se nan Bondye.

27 Epi, m te jwenn sipò anba tribilasyon ak tout kalite traka ak pwoblèm, wi, epi nan tout kalite afliksyon; wi, Bondye te delivre m nan prizon, anba esklavaj, ak lanmò; wi, m mete konfyans mwen nan li, epi l ap toujou adelivre m.

28 M konnen l ap aleve m nan dènye jou a, pou m kapab rete avèk li nan blaglwa; wi, ma p louwe l pou tout tan, paske, li te cretire zansèt nou yo nan peyi Ejip, li te anglouti dEjipsyen yo nan Lanmè Wouj la; epi li te mennen zansèt nou yo nan tè li te pwomèt yo a avèk pouvwa l; wi, epi li te delivre yo anba esklavaj ak kaptivite tanzantan.

29 Wi, epi tou, li te retire zansèt nou yo nan peyi Jerizalèm nan, avèk pouvwa etènèl li a, li te delivre yo anba aesklavaj ak kaptivite tanzantan jouk kounyeya; m toujou sonje kaptivite yo; wi, epi tankou nou dwe toujou sonje kaptivite yo.

30 Kounyeya, pitit gason m nan, se pa tout la sa; paske w dwe konnen, menm jan m konnen an, atoutotan ou respekte kòmandman Bondye yo, w ap pwospere nan peyi a; epi ou dwe konnen tou, toutotan ou pa respekte kòmandman Bondye yo, l ap chase w nan prezans li. Epi, se daprè pawòl li.