Ekriti yo
Alma 40


Chapit 40

Jezikri a reyalize rezirèksyon tout moun—Mò ki jis yo, ale nan paradi epi mechan yo ale deyò nan tenèb pou yo ret tann jou rezirèksyon yo a—Tout bagay pral restore nan nòmal yo, nan yon eta pafè, lè Rezirèksyon an. Anviwon 74 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, pitit gason m nan, men kèk bagay plis m ta vle di w; paske, m sispèk panse w toumante konsènan rezirèksyon mò yo.

2 Reyèlman, m di w konsa, pa gen rezirèksyon—oubyen, m ta di konsa, kò mòtèl sa a pa p vin aimòtèl, koripsyon sa a pa p bvin enkoriptib jouk capre Kris la vini.

3 Reyèlman, li reyalize arezirèksyon mò yo. Men, koute, pitit gason m nan, rezirèksyon an poko ap fèt. Kounyeya, m louvri yon mistè ba ou; men, gen anpil bmistè ki ckache pou okenn moun pa konnen yo, eksepte Bondye limenm. Men, m montre w yon bagay m te mande Bondye avèk dilijans pou l fè m konnen—se konsènan rezirèksyon an.

4 Reyèlman gen yon dat ki tabli pou tout moun sòti anba lanmò. Kounyeya pa gen moun ki konnen nan ki dat lè sa a ap rive; men Bondye akonnen dat ki te tabli a.

5 Kounyeya, menm si gen yon dat, yon adezyèm dat oubyen yon twazyèm dat pou lèzòm sòti nan tonb yo, se pa sa ki enpòtan; paske Bondye bkonnen tout bagay sa yo; epi li ase pou mwen pou m konnen se konsa sa ye—gen yon dat ki tabli pou tout moun leve sòti nan tonb yo.

6 Kounyeya, dwe gen yon espas tan pandan apre lanmò a ak lè rezirèksyon an.

7 Epi kounyeya, m ap mande, ki sa k pral pase ananm lèzòm depi nan dat lanmò sa a jouk nan dat ki te tabli pou rezirèksyon an?

8 Kounyeya, menm si gen yon dat ki tabli pou lèzòm leve sòti nan tonb yo, se pa sa ki enpòtan; paske tout moun pa mouri menm dat, epi se pa sa ki enpòtan; Tout espas tan se tankou yon sèl jou pou Bondye, epi se sèlman lèzòm ki mezire tan.

9 Konsa, gen yon dat tabli pou lèzòm leve sòti nan tonb yo; epi gen yon espas tan depi nan dat lanmò a jouk nan dat rezirèksyon an. Kounyeya, pandan espas tan sa a, sa k pral pase nanm lèzòm, se bagay sa m te mande Senyè a avèk dilijans pou l fè m konnen; epi se bagay sa m konnen an.

10 Epi lè dat la rive pou tout moun leve, lè sa a y ap konnen Bondye konnen tout atan ki te tabli pou lèzòm nan.

11 Kounyeya, daprè sa k pral pase nanm yo pandan espas tan ant alanmò ak rezirèksyon an—Reyèlman yon zanj te fè m konnen, sito lespri tout moun kite kò mòtèl sa a, wi, lespri tout moun, menm si yo bon oubyen move, y ale blakay Bondye sa ki te ba yo lavi a.

12 Epi lè sa a, se pral konsa, lespri moun ki jis yo antre nan yon lavi abyennere ki rele bparadi, yon lavi crepo, yon lavi dlapè, pou yo repoze apre tout pwoblèm yo, epi apre tout sousi ak lapenn yo.

13 Epi lè sa a, se pral konsa, lespri mechan yo, wi, moun ki mechan yo—paske reyèlman, yo pa gen okenn pati ni pòsyon nan Lespri Senyè a; paske, yo te chwazi move zèv tan pou yo ta chwazi byen; se poutèt sa, lespri dyab la te antre nan yo, epi li pran posesyon lakay yo—epi moun sa yo pral adeyò nan fènwa; pral gen bkriye, rele ak sere dan, poutèt inikite pa yo, paske volonte dyab la te mennen yo kaptif.

14 Kounyeya, se sitiyasyon nanm amechan yo, wi, fènwa, epi yon eta terib, ak blakrent pou yo rete tann move endiyasyon ak kòlè Bondye tonbe sou yo; konsa, yo rete nan ceta sa a, menm jan moun ki jis yo rete nan paradi a jistan lè rezirèksyon yo a rive.

15 Kounyeya, gen moun ki te konprann sitiyasyon byennere ak sitiyasyon malere nanm yo rezirèksyon sa a, se premye rezirèksyon an. Wi, m dakò yo kapab rele l yon rezirèksyon, lè lespri a oubyen nanm nan monte epi yo twouve yo nan yon sitiyasyon byennere oubyen malere daprè pawòl ki te pale yo.

16 Epi ankò, reyèlman, pawòl la te pale, pou fè konnen pral gen yon apremye brezirèksyon, yon rezirèksyon tout moun ki te fèt oubyen ki te egziste oubyen ki gen pou yo fèt depi dat rezirèksyon Kris la nan pami mò yo.

17 Kounyeya, nou pa kapab panse premye rezirèksyon sa a, yo te pale konsa a, se pral rezirèksyon nanm yo ak atablisman yo nan bonè oubyen mizè. Ou pa kapab panse se sa sa vle di.

18 Reyèlman, m di w non; men, sa siyifi reyinyon lespri a avèk kò a, pou moun depi nan epòk Adan jouk nan arezirèksyon Kris la.

19 Kounyeya, m pa di si lespri ak kò moun nou t ap pale yo, ni moun mechan yo, ak moun ki jis yo pral reyini ansanm yon sèl kou; li ase pou m di konsa yo tout pral leve; oubyen, rezirèksyon yo pral reyalize aanvan rezirèksyon moun ki te mouri apre rezirèksyon Kris la.

20 Kounyeya, pitit gason m nan, m pa di konsa rezirèksyon moun sa yo pral fèt lè rezirèksyon Kris la; men, m bay opinyon m sou moun ki jis yo, pou m fè konnen, lespri yo ak kò yo pral reyini nan dat lè rezirèksyon Kris la ak nan dat l ap amonte nan syèl la.

21 Men, m pa di si se menm dat avèk rezirèksyon l nan oubyen apre; men, m sèlman konnen pral gen yon aespas tan ant lanmò avèk rezirèksyon kò yo, epi nanm yo pral nan yon lavi bbyennere oubyen cmalere dat jistan lè Bondye te tabli a rive pou mò yo leve, pou lespri yo ak kò yo reyini, epi pou y al dprezante devan Bondye epi pou yo sibi jijman daprè zèv yo.

22 Wi, bagay sa a reyalize restorasyon bagay sa yo bouch pwofèt yo te pale a.

23 aLespri a pral brestore avèk c a, epi kò a avèk lespri a; wi, epi chak manm ak jwenti pral restore nan kò pa l; wi, menm yon cheve nan tèt yo p ap pèdi; okontrè, tout bagay pral restore nan kò a pafètman.

24 Kounyeya, pitit gason m nan, se restorasyon bouch pwofèt yo te apale a—

25 Epi lè sa a, moun ki jis yo pral briye nan wayòm Bondye a.

26 Men, reyèlman, yon alanmò terib pral tonbe sou moun mechan yo; paske yo mouri daprè zafè lajistis; paske yo pa pwòp, epi okenn bagay ki bpa pwòp pa kapab eritye wayòm Bondye a; okontrè yo chase deyò, epi yo oblije manje fwi zèv yo, oubyen travay yo, ki te move; epi yo bwè ma anmè a.