Ekriti yo
Alma 42


Chapit 42

Mòtalite se yon tan eprèv pou pèmèt lèzòm pou yo repanti epi pou yo sèvi Bondye—Chit Adan an mennen lanmò tanporèl ak lanmò espirityèl sou tout limanite—Redanmsyon vini pa mwayen repantans—Bondye pou tèt pa Li ekspye peche mond lan—Mizèrikòd se pou moun ki repanti—Tout lòt moun dwe soumèt yo anba lajistis Bondye—Mizèrikòd vini akoz Ekspyasyon an—Se sèl moun ki repanti toutbon ki sove. Anviwon 74 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, pitit gason m nan, m sispèk gen kèk bagay plis ki twouble panse w, kèk bagay ou pa kapab konprann—ki konsène alajistis Bondye nan pinisyon pechè yo; paske w eseye panse se lajistis si pechè yo ale nan yon eta mizerab.

2 Kounyeya, koute, pitit gason m nan, m ap esplike w bagay sa a. Reyèlman, apre Senyè Bondye a te fin fè premye paran nou yo asòti nan jaden bEdenn nan, pou yo kiltive tè a, kote yo te sòti a—wi, li te wete nonm nan, epi nan pwent lès jaden Edenn nan, li te mete kèk ccheriben ak yon epe toulimen ki t ap vire nan tout direksyon, pou pwoteje dpyebwa lavi a—

3 Kounyeya, nou wè lèzòm te vin tankou Bondye, yo te vin konnen byen ak mal; epi pou yo pa lonje men pran fwi pyebwa lavi a, Senyè Bondye a te mete kèk cheriben ak yon epe toulimen, pou yo te kapab pa manje nan fwi a—

4 Epi konsa, nou wè lèzòm te resevwa yon aperyòd tan pou yo repanti, wi, yon tan eprèv, yon tan pou yo repanti epi pou yo sèvi Bondye.

5 Paske, reyèlman, si Adan te lonje men l imedyatman, epi li te manje nan fwi lavi a, li t ap viv pou tout tan, daprè pawòl Bondye a, li pa t ap gen tan pou repantans; wi, epi tou, pawòl Bondye a t ap anile, epi gwo plan sali a t ap toufe.

6 Men, reyèlman, se te plan an pou lèzòm amouri—konsa, jan Bondye te rejte yo nan prezans pyebwa lavi a, se konsa li te dwe retranche yo sou sifas tè a—epi lèzòm te vin pèdi pou tout tan, wi, yo te vin tounen blòm pèdi.

7 Kounyeya, ou wè, nan kondisyon sa a, Bondye te arejte premye paran nou yo nan prezans Senyè a ni tanporèlman ak espirityèlman; epi konsa, nou wè yo te vin oblije suiv pwòp bvolonte pa yo.

8 Kounyeya, reyèlman, li te nesesè pou lèzòm te sòti anba lanmò tanporèl sa a, paske sa t ap detwi gwo aplan bonè a.

9 Se poutèt sa, kòm nanm lèzòm pa t ap janm kapab mouri, epi aChit Adan an te lage yon lanmò espirityèl ak yon lanmò tanporèl sou tout limanite, ki vle di, Senyè a te retranche yo nan prezans li, li te nesesè pou lèzòm te sòti anba lanmò espirityèl la.

10 Se poutèt sa yo te vin achanèl, sansyèl, bnatirèlman dyabolik, tan ceprèv sa a te vin tounen yon tan pou yo prepare; li vin tounen yon tan pou preparasyon.

11 Kounyeya, sonje, pitit gason m nan, si se pa t pou plan redanmsyon an, (mete l sou kote) sito yo mouri nanm yo t ap amizerab, paske yo t ap sòti nan prezans Senyè a.

12 Kounyeya, pa t gen okenn mwayen pou sove lèzòm anba eta dejenere sa a lèzòm te rale sou tèt pa yo a poutèt dezobeyisans pa yo.

13 Se poutèt sa, daprè lajistis, aplan redanmsyon an pa t ap kapab fèt, eksepte si lèzòm brepanti pandan tan eprèv sa a, wi, pandan tan pou preparasyon sa a; paske si se pa t pou kondisyon sa yo, mizèrikòd pa t ap kapab aplike san l pa detwi zèv lajistis la. Kounyeya, zèv lajistis la pa t ap kapab detwi; si se ta sa, Bondye t ap csispann Bondye.

14 Konsa, nou wè tout limanite te atonbe, epi yo te anba men blajistis; wi, lajistis Bondye a, ki konsiyen yo pou Senyè a rejte yo nan prezans li.

15 Epi, kounyeya, plan mizèrikòd la pa t ap kapab la si pa t gen yon ekspyasyon ki te fèt; se poutèt sa, Bondye limenm aekspye peche mond lan, pou l kapab vini avèk plan bmizèrikòd la, pou l satisfè egzijans clajistis la, pou Bondye kapab yon Bondye ki dpafè, epi yon Bondye ki gen mizèrikòd tou.

16 Kounyeya, pa t ap kapab gen repantans pou lèzòm si pa t gen yon pinisyon ki aetènèl menm jan avèk lavi nanm lèzòm, ki nan opozisyon avèk plan bonè a, ki etènèl tou menm jan avèk lavi nanm yo.

17 Kounyeya, kòman yon moun ta kapab repanti si li pa t kapab apeche? Kòman li ta kapab peche si pa t gen blalwa? Kòman ta fè gen lalwa si pa t gen pinisyon?

18 Kounyeya, yon pinisyon te fikse, epi yon lalwa ki jis te tabli, ki te pote remò nan akonsyans lèzòm.

19 Kounyeya, si pa t gen lalwa—si yon moun fè aasasina pou yo ta touye l—èske li t ap pè fè asasina?

20 Epi tou, si pa t gen lalwa kont peche, lèzòm pa t ap pè peche.

21 Si apa t gen lalwa, epi lèzòm ta peche, ki sa lajistis t ap kapab fè, oubyen mizèrikòd, paske yo pa t ap gen dwa sou kreyati a?

22 Men gen lalwa a ki tabli, epi yon pinisyon fikse, epi gen arepantans ki pare; repantans sa a mizèrikòd reklame a; san sa, lajistis reklame kreyati a epi li egzekite lalwa a, epi lalwa a bay pinisyon an; si se pa sa, zèv lajistis la t ap detwi epi Bondye t ap sispann Bondye.

23 Men, Bondye pa sispann Bondye, epi amizèrikòd reklame moun ki penitan, epi gen mizèrikòd poutèt bekspyasyon an; epi ekspyasyon an mennen crezirèksyon mò yo; epi rezirèksyon mò yo mennen lèzòm dretounen nan prezans Bondye; epi konsa, yo restore nan prezans li, pou yo sibi ejijman daprè zèv yo, daprè lalwa a ak lajistis.

24 Reyèlman, lajistis fè tout reklamasyon pa l, epi mizèrikòd reklame tout moun ki pou li; epi konsa, pèsonn pa sove eksepte moun ki reyèlman penitan.

25 Sa w konprann, ou sipoze mizèrikòd kapab vòlè alajistis? M di w konsa, Non; pa menm yon ti zing. Si se pou sa, Bondye t ap sispann Bondye.

26 Epi konsa, Bondye akonpli gwo aobjektif etènèl li yo, ki te prepare bdepi nan fondasyon mond lan. Epi konsa, sali avèk redanmsyon lèzòm akonpli, epi destriksyon yo ak mizè yo akonpli tou.

27 Se poutèt sa, O, pitit gason m nan, anenpòt moun ki vle vini, kapab bwè nan dlo lavi a gratis; epi nenpòt moun ki pa vle vini li pa oblije vini; men nan dènye jou a, l ap resevwa brestorasyon daprè czèv li yo.

28 Si li te vle fè mal, epi si li pa t repanti nan lavi l, reyèlman, l ap resevwa amal daprè restorasyon Bondye a.

29 Kounyeya, pitit gason m nan m vle pou w pa kite bagay sa yo annwiye w ankò, epi se pou peche w yo sèlman annwiye w, avèk anvi sa a k ap mennen w desann nan repantans.

30 O, pitit gason m nan, m vle pou w pa ta nye lajistis Bondye a ankò. Pa chèche eskize tèt ou menm yon tikras poutèt peche w yo lè w nye lajistis Bondye a; okontrè, kite lajistis Bondye a, ak mizèrikòd li, ak rezistans li enfliyanse kè; epi kite l rale w desann nan pousyè a anba aimilite.

31 Kounyeya, O, pitit gason m nan, Bondye rele w pou w preche pawòl la bay pèp sa a. Kounyeya, pitit gason m nan, ale, deklare pawòl la avèk verite epi avèk seryozite, pou w kapab mennen nanm nan repantans, pou gwo plan mizèrikòd la kapab reklame yo. Epi se pou Bondye akòde w menm daprè pawòl mwen yo. Amèn.