Ekriti yo
Alma 44


Chapit 44

Mowoni kòmande Lamanit yo pou yo fè yon alyans lapè oubyen y ap detwi—Zarayemna refize kondisyon an, e batay la kontinye—Lame Mowoni yo bat Lamanit yo. Anviwon 74–73 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, yo te sispann epi yo te fè bak. Epi, Mowoni te di Zarayemna: Ou wè, Zarayemna, anou pa vle tounen sanginè. Ou konnen w nan men nou, men, nou pa vle touye w.

2 Gade, nou pa vin goumen avèk ou pou nou kapab koule san w pou pouvwa; ni tou, nou pa vle mete pèsonn anba mizè esklavaj. Men se poutèt kòz sa a menm ou vin goumen avèk nou; wi e ou fache kont nou poutèt relijyon nou an.

3 Men, kounyeya, ou wè Senyè a avèk nou, e w wè li lage w nan men nou. M vle w konprann, bagay sa a rive poutèt relijyon nou an ak lafwa nou nan Kris la. Kounyeya, ou wè w pa kapab detwi lafwa nou an.

4 Kounyeya, ou wè se vrè lafwa nan Bondye a; wi, ou wè Bondye ap sipòte nou, l ap kenbe nou, l ap prezève nou tout tan nou fè l konfyans e tout tan nou mete konfyans nan lafwa nou an, ak relijyon nou an; epi Senyè a p ap janm kite nou detwi, eksepte si nou tonbe nan transgresyon, e si nou nye lafwa nou an.

5 Epi kounyeya, Zarayemna, m kòmande w, nan non Bondye ki gen tout pouvwa a, ki te ranfòse ponyèt nou pou nou kapab gen pouvwa sou ou a, nan non lafwa nou an, ak relijyon nou an, ak aseremoni adorasyon nou yo, ak legliz nou an; e nan non sipò sakre nou dwe madanm nou ak pitit nou yo, nan non blibète ki lye nou avèk tè nou yo e avèk peyi nou an; wi, e nan non responsablite pawòl sakre Bondye a, li menm nou dwe pou tout bonè nou an; e nan non tout sa ki pi chè pou nou—

6 Wi, e sa se pa tout; m kòmande nan non tout anvi genyen pou w viv, pou w remèt zam pou lagè w yo nan men nou, e nou p ap chèche koule san w; men, n ap epaye lavi w, si w al fè wout ou, epi w pa vin fè lagè avèk nou ankò.

7 Epi kounyeya, si w pa fè sa, ou wè, ou nan men nou, m ap fè moun mwen yo tonbe sou ou, pou yo aflije kò w, pou yo blese w jistan ou mouri, jistan ou dedwi; lè sa a, n ap wè kiyès k ap gen pouvwa sou pèp sa a, wi, n ap wè kiyès k ap tonbe nan esklavaj.

8 Epi kounyeya, se te konsa, lè Zarayemna te tande bagay sa yo, li te vini e li te remèt epe l ak kouto l ak flèch li nan men Mowoni, epi li di l: Men zam lagè nou yo; n ap ba w yo, men, nou p ap aksepte pou nou fè yon asèman devan w, paske nou konnen n ap vyole l, pitit nou yo tou; men, pran zam pou lagè nou yo e kite n al nan dezè a, si se pa sa, n ap kenbe epe nou yo, pou nou peri oubyen pou nou gen viktwa.

9 Nou pa gen menm lafwa avèk ou; nou pa kwè se Bondye ki te lage nou nan men w; men, nou kwè se mètdam ou ki prezève w anba epe nou yo. Se akiras ak boukliye w yo ki te prezève w.

10 Epi kounyeya, lè Zarayemna te fin pale pawòl sa yo, Mowoni te remèt epe ak zam pou lagè li te resevwa nan men Zarayemna yo e l te di: Annou fini batay la.

11 Kounyeya, m pa kapab chanje pawòl m te pale yo, men, menm jan Senyè a vivan an, ou pa prale san fè sèman pou w pa retounen vin fè lagè avèk nou ankò. Kounyeya, kòm ou nan men nou, n ap koule san w atè a, oubyen w ap soumèt ou anba kondisyon m te pwopoze w yo.

12 Lè Mowoni te fin di bagay sa yo, Zarayemna te kenbe epe l la, li te fache kont Mowoni e li te avanse vit pou l kapab touye Mowoni; men, lè l te leve epe l la, youn nan sòlda Mowoni yo te frape epe a lage atè a, e li te kase manch la, epi tou li te frape Zarayemna, li te sote po tèt li lage atè, e Zarayemna te wete kò l nan pami sòlda l yo.

13 Epi, se te konsa, sòlda ki te koupe po tèt Zarayemna a te ranmase po tèt la nan branch cheve yo, li te koke l nan pwent epe li a, li te leve l anlè pou yo wè epi li te di yo byen fò:

14 Menm jan po tèt chèf nou an te tonbe atè a, se konsa n ap tonbe atè a si nou pa remèt zam pou lagè nou yo e pati avèk yon alyans lapè.

15 Kounyeya, gen yon pakèt ki te pè, lè yo te tande pawòl sa yo, e lè yo te wè po tèt ki te nan pwent epe a tonbe atè; anpil ladan yo te vin jete zam pou lagè yo nan pye Mowoni, e yo te fè alyans pou lapè. Epi, tout moun ki te fè aalyans pou lapè, yo te kite yo ale nan dezè a.

16 Kounyeya, Zarayemna te fache anpil, epi li te pouse rès sòlda yo nan kòlè pou yo kapab goumen avèk plis fòs kont Nefit yo.

17 Epi kounyeya, Mowoni te fache poutèt Lamanit yo ki te fè tèt di; poutèt sa, li te kòmande pèp li a pou yo tonbe sou Lamanit yo, pou yo touye yo. Epi, se te konsa, yo te kòmanse touye yo; wi, e Lamanit yo te goumen avèk epe avèk fòs.

18 Men gade, po toutouni ak tèt dekouvri yo te ekspoze anba epe file Nefit yo; wi, yo te pèse, yo te frape, wi, epi yo te tonbe vit anba epe Nefit yo, epi yo te kòmanse detwi jan sòlda Mowoni an te pwofetize a.

19 Kounyeya, lè Zarayemna te wè yo tout ta pral detwi, li te rele byen fò nan pye Mowoni, li te pwomèt pou l fè alyans, ak pèp li a tou, pou yo apa janm vin fè lagè avèk Nefit yo ankò si yo ba yo lavi.

20 Epi, se te konsa, Mowoni te fè sispann travay lanmò a nan pami pèp la ankò. Li te pran zam pou lagè yo nan men Lamanit yo; epi lè yo te fin fè aalyans pou lapè avèk li, li te kite yo pati nan dezè a.

21 Kounyeya, yo pa t konte kantite mò paske yo te tèlman anpil; wi, kantite mò yo te anpil ni nan kan Nefit yo, ni nan kan Lamanit yo.

22 Epi, se te konsa, yo te jete mò yo nan dlo Sidon yo, yo t ale, epi yo te antere yo nan pwofondè lanmè a.

23 Epi, lame Nefit yo oubyen lame Mowoni yo te retounen lakay yo, nan peyi yo.

24 Se konsa dizuityèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a te fini. Se konsa istwa Alma yo te fini, yo te ekri sou plak Nefi yo.