Ekriti yo
Alma 45


Istwa pèp Nefi a, lagè ak divizyon lè Elaman t ap viv, daprè rejis Elaman te kenbe lè l te vivan.

Depi nan chapit 45 jouk nan finisman chapit 62.

Chapit 45

Elaman kwè nan pawòl Alma yo—Alma pwofetize sou destriksyon Nefit yo—Li beni tè a e li modi tè a—Sanble Lespri a te anpòte Alma ale menm jan li te anpòte Moyiz ale a—Disansyon grandi nan Legliz la. Anviwon 73 anvan Jezikri.

1 Epi, kounyeya, se te konsa, pèp Nefi a te kontan anpil, paske Senyè a te delivre yo anba men ènmi yo; poutèt sa, yo te remèsye Senyè a, Bondye yo a; wi, yo te ajene anpil, yo te priye anpil, e yo te adore Bondye ak anpil lajwa.

2 Epi, se te konsa, nan diznevyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a, Alma t al jwenn pitit gason li a, Elaman, epi l te di l: Èske w kwè bagay m te di w konsènan arejis sa yo m te kenbe yo?

3 Elaman te di l: Wi, m kwè.

4 Epi Alma te di l ankò: Èske w kwè nan Jezikri ki pral vini an?

5 Epi li te di: Wi, m kwè tout pawòl ou te pale yo.

6 Epi Alma te di l: Èske w ap arespekte kòmandman m yo?

7 Epi li te di: Wi, m ap respekte kòmandman w yo avèk tout kè m.

8 Alma te di l: Ou beni e Senyè a ap fè w apwospere nan peyi a.

9 Men gade, m gen kèk bagay pou m apwofetize ba w; men, sa m ap pwofetize ba w yo, ou pa dwe pale yo; wi, sa m ap pwofetize ba w yo, moun pa dwe konnen yo jistan pwofesi a akonpli; poutèt sa, ekri pawòl m pral di w yo.

10 Epi, men pawòl yo: Gade, m apèsi, pèp Nefit yo menm, daprè lespri revelasyon ki nan mwen an, nan akatsan ane depi lè Jezikri pral fè yo wè l la, yo pral dejenere nan benkredilite.

11 Wi, lè sa a, yo pral wè lagè ak lapès, wi, famin ak san koule jistan pèp Nefi a adetwi

12 Wi, sa pral rive poutèt y ap dejenere nan enkredilite, nan zèv tenèb, aimoralite ak tout kalite inikite; wi, m di w, poutèt y ap peche kont yon tèlman gwo limyè ak yon konesans konsa, wi, m di w, depi jou sa a, menm katriyèm jenerasyon an p ap pase anvan gwo inikite sa a rive.

13 Epi, lè gwo jou sa a rive, lè a prèske rive pou moun ki nan epòk kounyeya yo, oubyen pou desandan moun ki fè pati nan pami pèp Nefi a, pou yo apa konte nan pami pèp Nefi a ankò.

14 Men, nenpòt moun ki rete, e ki pa detwi nan gran jou terib sa a, aap konte nan pami Lamanit yo, e y ap vin tankou Lamanit yo; yo tout, eksepte kèk moun ki pral rele disip Senyè a; e Lamanit yo pral pousuiv yo bjistan yo vin detwi. Epi, poutèt inikite yo, pwofesi sa a gen pou l akonpli.

15 Epi kounyeya, se te konsa, lè Alma te fin di Elaman bagay sa yo, li te beni l; li te beni lòt pitit li yo tou, li te beni tè a pou byen moun ki ajis yo.

16 Epi li te di: Senyè Bondye a di—Tè a pral amodi, wi, tè sa a, pou chak nasyon, fanmi, lang ak pèp, pou destriksyon moun ki fè mechanste, lè yo vin pouri nèt; e jan m di a, se konsa l ap fèt; paske se malediksyon ak bbenediksyon Bondye ki sou peyi a, paske Senyè a pa kapab gade peche avèk cokenn konsiderasyon.

17 Epi kounyeya, lè Alma te fin di pawòl sa yo, li te beni alegliz la, wi, tout moun ki kanpe solid nan lafwa a depi kounyeya jouk lè sa a.

18 Lè Alma te fin fè sa, li te kite peyi Zarayemla a, kòm si l t a pral nan peyi Melèk la. Epi, yo pa t janm tande pale konsènan l ankò; kanta lanmò ak antèman l, nou pa konnen.

19 Gade, sèlman nou konnen li te yon nonm ki te jis; e nouvèl la te gaye nan tout legliz la, pou fè konnen lespri a te pote l ale oubyen Senyè a te aantere l avèk men pa l, menm jan avèk Moyiz. Men, gade ekriti yo di konsa, Senyè a te pran Moyiz nan li menm; e nou sipoze li te resevwa Alma tou, nan lespri a, nan li menm; poutèt sa, nou pa konnen anyen konsènan lanmò l ak antèman l.

20 Epi kounyeya, se te konsa, nan kòmansman diznevyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a, Elaman t ale nan pami pèp la pou l deklare yo pawòl la.

21 Gade, poutèt lagè yo avèk Lamanit yo ak anpil ti divizyon ak twoub ki te pami pèp la, li te vin nesesè pou apawòl Bondye a ta deklare nan pami yo, wi e pou yon règleman ta tabli nan legliz la.

22 Poutèt sa, Elaman ak frè l yo t ale pou yo tabli legliz la ankò nan tout peyi a, wi, nan chak vil nan tout peyi pèp Nefi a te posede. Epi, se te konsa, yo te lonmen prèt ak enstriktè nan tout peyi a, sou tèt tout legliz yo.

23 Epi kounyeya, se te konsa, lè Elaman ak frè l yo te fin lonmen prèt ak enstriktè sou tèt legliz yo, yon adivizyon te leve nan pami yo, e yo pa t vle koute pawòl Elaman ak frè l yo;

24 Men, yo te vin gen lògèy, yo te gonfle kè yo poutèt pakèt arichès yo; konsa, yo te vin rich daprè btèt pa yo, epi yo pa t vle koute pawòl yo, pou yo mache dwat devan Bondye.