Ekriti yo
Alma 47


Chapit 47

Amalikya fè koken, li touye moun epi li fè mètdam pou l kapab vin Wa Lamanit yo—Nefit separatis yo pi mechan, pi fewòs pase Lamanit yo. Anviwon 72 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, n ap retounen nan istwa Amalikya ak moun ki te asove al nan dezè a avèk li yo; paske, li te pran moun ki t ale avèk li yo, epi li t ale nan bpeyi Nefi a, nan pami Lamanit yo, epi li te fè Lamanit yo fache kont pèp Nefi a, tèlman, wa Lamanit yo te voye yon pwoklamasyon nan tout peyi l la, nan pami tout pèp li a, pou yo rasanble ansanm ankò, pou y al goumen avèk Nefit yo.

2 Epi, se te konsa, lè pwoklamasyon an t ale nan pami yo, yo te pè anpil; wi, yo te pè fè wa a fache, epi tou, yo te pè al goumen avèk Nefit yo pou yo pa t pèdi lavi yo. Epi, se te konsa, yo pa t vle oubyen plis ladan yo pa t vle obeyi kòmandman wa a yo.

3 Epi kounyeya, se te konsa, wa a te fache poutèt dezobeyisans yo; se poutèt sa, li te bay Amalikya kòmandman sou pati nan lame l yo ki te obeyi kòmandman l yo, epi li te kòmande l pou l al fòse yo pran lèzam.

4 Kounyeya gade, se sa Amalikya te vle; paske li te yon nonm ki maton anpil nan fè move bagay, se poutèt sa, li te fè plan nan kè l pou l detwone Wa Lamanit yo.

5 Li te kòmandan ala tèt Lamanit sa yo ki te an favè wa a; epi li te chèche atire moun ki pa t obeyisan yo sou li; se poutèt sa, li t ale kote yo rele aOnida a; paske, se la tout Lamanit yo te kouri ale; paske, yo te wè lame a ap vini, epi yo te panse li t ap vin detwi yo, se poutèt sa, yo te sove al Onida, kote ki te gen zam yo.

6 Epi, yo te nonmen yon nonm wa ak chèf alatèt yo, yo te pran yon rezolisyon fèm pou moun pa t fè y al goumen avèk Nefit yo.

7 Epi, se te konsa, yo te rasanble sou tèt mòn ki te rele Antipous la, pou yo prepare pou batay la.

8 Kounyeya, Amalikya pa t gen entansyon goumen avèk yo, daprè kòmandman wa a; men gade entansyon l sete pou l atire lame Lamanit yo pou l kapab vin sou tèt yo, pou l detwone wa a, pou l pran wayòm nan.

9 Epi gade, se te konsa, li te fè lame l la plante tant yo nan vale ki bò mòn Antipous la.

10 Epi, se te konsa, lè l te nan nuit, li te voye yon anbasadè sekrè sou mòn Antipous la, pou fè chèf sila yo ki te sou mòn nan, ki te rele Leyonti, pou fè l desann anba mòn nan, pou l kapab pale avèk li.

11 Epi, se te konsa, lè Leyonti te resevwa mesaj la, li pa t pran chans desann anba mòn nan. Epi, se te konsa, Amalikya te voye yon dezyèm fwa pou fè l vini. Epi, se te konsa, Leyonti pa t vle vini, epi li te voye yon twazyèm fwa.

12 Epi, se te konsa, lè Amalikya te wè li pa t kapab fè Leyonti desann mòn nan, li te monte sou mòn nan, toupre kan Leyonti a; epi li te voye mesaj li bay Leyonti yon katriyèm fwa pou l kapab desann, epi li te mèt desann avèk gad li yo.

13 Epi, se te konsa, lè Leyonti te desann avèk gad li yo kote Amalikya, Amalikya te vle pou l desann avèk lame li a nan nuit, pou l antoure moun wa a te ba l kòmande yo; li t ap livre yo nan men Leyonti, si Leyonti ta vle lonmen Amalikya dezyèm chèf alatèt tout lame a.

14 Epi, se te konsa, Leyonti te desann avèk moun li yo, epi li te antoure moun Amalikya yo, yon fason lè yo te leve nan bonè, lame Leyonti a te antoure yo.

15 Epi, se te konsa, lè yo wè yo te antoure, yo te sipliye Amalikya pou l kite yo tonbe nan men frè yo, pou yo pa t detwi. Se sa menm Amalikya te vle.

16 Epi, se te konsa, li te livre moun li yo, akont kòmandman wa a. Se bagay sa a Amalikya te vle pou l te kapab akonpli entansyon l, pou l detwone wa a.

17 Se te koutim Lamanit yo, si dirijan anchèf la mouri, pou yo lonmen dezyèm dirijan an kòm dirijan anchèf.

18 Epi, se te konsa, Amalikya te fè youn nan sèvitè l yo anpwazonen Leyonti tikal pa tikal; jistan li te mouri.

19 Kounyeya, lè Leyonti te mouri, Lamanit yo lonmen Amalikya dirijan ak dirijan anchèf.

20 Epi, se te konsa, Amalikya te mache avèk lame l yo, (paske volonte l te akonpli) pou l ale nan peyi Nefi a, nan vil Nefi a, ki te vil prensipal la.

21 Epi, Wa a te sòti pou l rankontre l avèk gad li yo, paske li te konprann Amalikya te akonpli kòmandman l yo, epi Amalikya te rasanble yon lame ki te tèlman gwo pou l al goumen avèk Nefit yo.

22 Men gade, lè wa a te sòti pou l rankontre Amalikya, Amalikya te voye sèvitè l yo rankontre wa a. Yo t ale, e yo te bese devan wa a kòm si yo t ap onore l poutèt grandè l.

23 Epi, se te konsa, wa a te lonje men l pou l leve yo daprè koutim Lamanit yo, kòm yon senbòl lapè. Yo te pran koutim sa a nan men Nefit yo.

24 Epi, se te konsa, lè l te leve an premye atè a, li te ponyade wa a nan kè; epi wa a te tonbe atè a.

25 Epi, sèvitè wa yo te kouri; e sèvitè Amalikya yo te rele fò, yo di:

26 Men sèvitè wa a ponyade l nan kè, li tonbe epi yo kouri; vin gade.

27 Epi, se te konsa, Amalikya te kòmande lame l yo pou y al wè sak pase wa a; lè yo te rive nan plas la epi yo te wè wa a kouche nan san l, Amalikya te fè kòm si l fache epi li te di: Nenpòt moun ki te renmen wa a, li mèt ale dèyè sèvitè yo pou l kapab touye yo.

28 Epi, se te konsa, tout moun ki te renmen wa a, lè yo te tande pawòl sa yo, yo t ale dèyè sèvitè wa yo.

29 Kounyeya, lè sèvitè wa yo te wè yon lame ap vini dèyè yo, yo te pè ankò, epi yo te kouri al nan dezè a, yo t al nan peyi Zarayemla a epi yo te jwenn avèk apèp Amon an.

30 Epi, lame ki te suiv yo a, te suiv yo pou granmèsi; se konsa Amalikya te pran kè pèp la nan koken.

31 Epi, se te konsa, nan demen, li te antre nan vil Nefi a avèk lame li yo epi li te pran vil la.

32 Epi kounyeya, se te konsa, lè rèn nan te tande wa a te mouri—paske Amalikya te voye yon anbasadè kote rèn nan pou fè l konnen sèvitè wa yo te touye l, epi li te suiv yo avèk lame l yo, men se te pou granmèsi paske, yo te gen tan chape poul yo.

33 Se poutèt sa, lè rèn nan te resevwa mesaj sa a, li te voye kote Amalikya, li te vle pou Amalikya ta epaye pèp ki nan vil la; epi li te vle pou Amalikya vin kote l; epi li te vle pou l vini avèk temwen pou temwaye konsènan lanmò wa a.

34 Epi, se te konsa, Amalikya te pran menm sèvitè ki te touye wa a ak tout moun ki te avèk li yo, epi li t al jwenn rèn nan, kote l te chita a. Yo tout te temwaye devan rèn nan, yo te di l se pwòp sèvitè wa a ki te touye l; epi tou, yo te di: Yo te kouri; èske sa pa temwaye kont yo? Konsa yo te satisfè rèn nan sou lanmò wa a.

35 Epi, se te konsa, Amalikya te jwenn favè nan men rèn nan, e li te pran rèn nan pou madanm; konsa, avèk kraponnay li epi avèk asistans sèvitè kòwonpi li yo, li te jwenn wayòm nan; wi, yo te rekonèt li kòm wa nan tout peyi a, nan pami tout pèp Lamanit la, ki te akonpoze avèk Lamanit, Lemyelit, Ismayelit ak tout Nefit separatis ki te nan pami yo, depi lè gouvènman Nefi a jouk kounyeya.

36 Kounyeya, aSeparatis sa yo te gen menm enstriksyon ak enfòmasyon Nefit yo te genyen an, wi, yo te enstwi nan menm bkonesans Senyè a, men, li dwòl pou nou wè, yon tikras tan apre divizyon yo, yo te vin pi di, cpi pa t gen repantans, pi sovaj, pi mechan, pi fewòs pase Lamanit yo—yo te vale tradisyon Lamanit yo; yo te adopte parès ak tout kalite imoralite; wi yo te bliye Senyè Bondye yo a nèt.