Ekriti yo
Alma 51


Chapit 51

Moun wa yo vle chanje lalwa a e yo mete yon wa—Pèp la sipòte Paoran ak moun lib yo—Mowoni oblije moun wa yo defann peyi yo, otreman, l ap touye yo—Amalikya ak Lamanit yo sezi anpil vil fòtifye—Teyankòm pouse anvayisman Lamanit yo, epi li touye Amalikya nan tant li. Anviwon 67–66 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, nan kòmansman vennsenkyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a, yo te tabli lapè ant pèp Leyi ak pèp Moryanton an sou zafè tè yo, epi yo te kòmanse vennsenkyèm ane a nan lapè.

2 Men, yo pa t gen lapè nèt nan peyi a, paske te kòmanse gen chirepit nan pami pèp la konsènan Paoran, jij anchèf la; paske, te gen yon gwoup nan pèp la ki te vle pou kèk pwen nan lalwa a ta chanje.

3 Men gade, Paoran pa t vle chanje lalwa a, ni tou li pa t kite yo chanje lalwa a; se poutèt sa, li pa t koute moun ki te voye vot ak petisyon yo pou lalwa a kapab chanje a.

4 Se poutèt sa, moun yo ki te vle lalwa a chanje a, yo te fache kont li, epi yo pa t vle l kòm jij anchèf nan peyi a ankò; se poutèt sa, yon gwo diskisyon te leve nan peyi a sou bagay sa a, men sa pa t fè san koule.

5 Epi, se te konsa, moun ki te vle detwone Paoran sou fotèy jijman an, te rele: moun wa yo, paske yo te vle pou lalwa a chanje yon jan pou jete gouvènman lib la e pou tabli yon wa nan peyi a.

6 Epi moun ki te vle pou Paoran rete jij anchèf nan peyi a, te rele tèt yo, moun lib; se konsa divizyon an te ye nan pami yo, paske, moun lib yo te fè sèman oubyen yo te fè alyans pou yo pwoteje dwa yo, privilèj yo, ak relijyon yo nan yon gouvènman lib.

7 Epi, se te konsa, pèp la te regle zafè chirepit sa a avèk vòt. Epi, se te konsa, vòt pèp la te an favè moun lib yo, epi Paoran te konsève fotèy jijman an. Sa te lakòz anpil rejwisans nan pami frè Paoran yo ak anpil nan pèp lib yo ki te mete silans sou moun wa yo pou yo pa t pran chans opoze, men yo te oblije yo defann kòz libète a.

8 Kounyeya, moun sa yo ki te vle yon gwo wa, moun ki agwo zouzoun yo, e yo te vle wa; epi moun ki te vle pouvwa ak otorite sou pèp la te sipòte yo.

9 Men gade, se te yon move moman pou chirepit konsa nan pami pèp Nefi a; paske gade, Amalikya te soulve kè pèp Lamanit yo kont pèp Nefit yo ankò, epi li t ap rasanble sòlda nan tout pati peyi a, li t ap ba yo zam, li t ap prepare pou lagè avèk dilijans; paske li te asèmante pou l bwè san Mowoni.

10 Men gade, nou gen pou nou wè pwomès li te fè a te temerè; men, li te pare tèt li ak lame li yo pou vin goumen avèk Nefit yo.

11 Kounyeya, lame li yo pa t anpil tankou yo te ye anvan an, poutèt anpil milye ki te mouri anba men Nefit yo; men, malgre gwo defisi yo te fè, Amalikya te tèlman rasanble yon gwo lame, li pa t pè desann nan peyi Zarayemla a.

12 Wi, menm Amalikya pou tèt pa l li te desann alatèt Lamanit yo. Se te nan vennsenkyèm ane gouvènman jij yo; epi se te menm lè yo te kòmanse regle zafè chirepit yo konsènan jij anchèf la, Paoran.

13 Epi, se te konsa, lè moun ki te rele moun wa yo te tande Lamanit yo t ap desann vin goumen avèk yo, yo te kontan nan kè yo; yo te refize pran lèzam, paske yo te tèlman fache kont jij anchèf la epi kont apèp patizan libète a; konsa, yo pa t vle pran lèzam pou defann peyi yo a.

14 Epi, se te konsa, lè Mowoni te wè sa, epi tou li te wè Lamanit yo ap vini sou fwontyè peyi a, li te fache anpil poutèt tèt di pèp sa a, li te travay avèk anpil dilijans pou l pwoteje yo; wi, li te fache anpil; nanm li te plen kòlè kont yo.

15 Epi, se te konsa, li te voye yon petisyon avèk vòt pèp la bay gouvènè peyi a, pou gouvènè a li l, e pou l bay Mowoni pouvwa pou l kapab oblije moun ki te divize yo defann peyi yo, oubyen pou l touye yo.

16 Epi, se te konsa, se te premye desizyon li te pran pou l sispann chirepit ak disansyon nan pami pèp la; paske gade se sa ki te lakòz tout destriksyon sa yo. Epi li te jwenn pèmisyon daprè vòt pèp la.

17 Epi, se te konsa, Mowoni te kòmande lame li a al dèyè moun wa yo, pou desann lògèy yo ak grandè yo, epi pou bese yo atè, oubyen pou yo pran lèzam epi pou yo sipòte kòz libète a.

18 Epi, se te konsa, lame yo te mache kont yo; yo te tèlman desann lògèy ak grandè yo, lè yo te leve zam pou lagè pou yo goumen avèk moun Mowoni yo, yo te chavire plat atè.

19 Epi, se te konsa, te gen kat mil nan arebèl yo ki te tonbe anba epe; e moun nan pami dirijan yo ki pa t mouri nan batay la, Nefit yo te arete yo mete yo nan prizon, paske pa t gen tan pou jije yo kounyeya.

20 Epi, rès rebèl yo, tan pou yo ta tonbe atè anba epe, yo te prefere aksepte modèl libète a, e yo te oblije monte adrapo libète a sou fòtrès yo, nan vil yo, epi pou yo pran lèzam pou yo defann peyi yo.

21 Epi konsa, Mowoni te tèlman mete fen nan zafè moun wa yo, pèsonn pa t pote non sa a ankò; epi konsa, li te mete fen nan tèt di ak lògèy moun ki te deklare se gwo kòlèt yo ye; men, yo te oblije vin gen imilite tankou frè yo te fè a, pou yo goumen avèk kouraj pou yo kapab gen libète sou esklavaj.

22 Gade, se te konsa, pandan aMowoni t ap fè lagè ak chirepit sispan nan pami pèp li a, pou l kapab soumèt yo nan lapè ak sivilizasyon, e li t ap fè preparasyon kont Lamanit yo, lè sa a, Lamanit yo te vin nan peyi Mowoni an, ki te sou fwontyè bò lanmè a.

23 Epi, se te konsa, Nefit yo pa t ase fò nan vil Mowoni an; se poutèt sa, Amalikya te pouse yo, li te touye anpil. Epi, se te konsa, Amalikya te sezi vil la, wi, li te sezi tout fò yo.

24 Epi moun ki te kouri sòti nan vil Mowoni yo pou al nan vil Nefiya a, ak pèp vil Leyi a tou te rasanble ansanm, e yo fè preparasyon, yo te pare pou goumen avèk Lamanit yo.

25 Men, se te konsa, Amalikya pa t vle Lamanit yo al goumen avèk vil Nefiya a, men li te kenbe yo bò rivaj lanmè a, li te kite sòlda nan tout vil yo pou fè defans.

26 Epi konsa, li te kontinye sezi anpil vil, vil Nefiya a, vil Leyi a, vil Moryanton an, vil Omnè a, ak vil Jid la, ak vil Melèk la tou; yo tout te nan lès bò rivaj lanmè a.

27 Epi konsa, avèk mètdam Amalikya, Lamanit yo te pran anpil vil, avèk anpil moun yo ki te rete nan vil sa yo; yo tout te byen fòtifye daprè kalite afòtifikasyon Mowoni yo; yo tout te bay Lamanit yo bon defans.

28 Epi, se te konsa, yo te mache nan fwontyè peyi abondans la, yo te chase Nefit yo epi tou, yo te touye anpil.

29 Men, se te konsa, yo te rankontre Teyankòm ki te atouye Moryanton e ki te pran devan pèp li a ki t ap kouri.

30 Epi, se te konsa, li te pran devan Amalikya tou, ki t ap mache avèk gwo lame l yo pou l al pran peyi abondans la ak tè nan nò yo.

31 Men gade, li te desi lè Teyankòm ak moun li yo te pouse l, paske yo te bon nan sòlda vanyan nan; chak moun Teyankòm yo te depase Lamanit yo nan fòs ak konesans nan zafè lagè, konsa yo te gen avantaj sou Lamanit yo.

32 Epi, se te konsa, yo te tèlman goumen avèk yo, yo te touye yo jistan l te fènwa. Epi, se te konsa, Teyankòm ak moun li yo te plante tant yo nan fwontyè peyi Abondans la; e Amalikya te plante tant li yo bò kote rivaj lanmè a; epi se konsa Teyankòm te chase yo.

33 Epi, se te konsa, lè l te nan nuit, Teyankòm ak sèvitè l yo te sove al nan kan Amalikya a, epi dòmi te pote y ale poutèt fatig ki te akable yo apre travay ak chalè jounen an.

34 Epi, se te konsa, Teyankòm te antre dousman nan tant wa a, li te foure yon ponya nan kè l; e li te touye wa imedyatman, san li pa t reveye sèvitè l yo.

35 Epi li te retounen tou dousman nan kan l la ankò, e moun li yo t ap dòmi, li te reveye yo epi li te di yo tout sa l te fè.

36 Epi, li te prepare lame l yo pou Lamanit yo pa t leve vin tonbe sou yo.

37 Epi, se konsa vennsenkyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a te fini, epi konsa lavi Amalikya te pase.