Ekriti yo
Alma 56


Chapit 56

Elaman voye yon lèt bay Mowoni pou l rakonte sitiyasyon lagè avèk Lamanit yo—Antipous ak Elaman gen gwo viktwa sou Lamanit yo—De mil jèn pitit gason Elaman yo goumen avèk yon pouvwa mirak, e youn ladan yo pa t mouri. Vèsè 1, anviwon 62 anvan Jezikri; vèsè 2–19, anviwon 66 anvan Jezikri; ak vèsè 20–57, anviwon 65–64 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, nan kòmansman trantyèm ane gouvènman jij yo, nan dezyèm jou premye mwa a, Mowoni te resevwa yon lèt nan men Elaman, ki te pale sou zafè pèp la nan zòn sa a.

2 Epi, men pawòl li te ekri, li te di: Frè byenneme m nan, Mowoni, nan Senyè a ak nan tribilasyon lagè nou yo; frè byenneme m nan, m gen kèk bagay pou m di w konsènan lagè nan zòn sa a.

3 Gade, ade mil nan pitit gason moun Amon te mennen sòti nan peyi Nefi a—ou konnen kounyeya moun sa yo se desandan Laman, ki te premye pitit Leyi, papa nou;

4 Kounyeya, m pa bezwen fè repetisyon sou tradisyon ak enkredilite yo, paske ou konnen tout bagay sa yo—

5 Men sèlman, m vle di w, de mil nan jèn gason sa yo te pran lèzam pou lagè; yo vle pou m dirije yo e nou vini pou nou defann peyi nou an.

6 Epi kounyeya, nou konnen tou, aalyans papa yo te fè, pou yo pa t pran lèzam pou lagè kont frè yo, pou fè san koule.

7 Men, nan vennsizyèm ane a, yo te wè afliksyon ak tribilasyon nou pase poutèt yo, yo ta pral avyole alyans yo te fè a, epi yo ta pral pran lèzam pou lagè pou yo defann nou.

8 Men, m pa t kite yo vyole alyans yo te fè a, m te konnen Bondye t ap ban nou kouraj pou nou te kapab pa soufri pi plis poutèt yo akonpli sèman yo te fè a.

9 Men gade, gen yon bagay ki dwe fè kè nou kontan anpil. Paske nan vennsizyèm ane a, mwen menm Elaman, m te dirije de mil jèn gason yo nan vil Jideya a, pou ede Antipous w te lonmen pou dirije moun nan pati tè sa yo.

10 Epi, m te melanje de mil pitit gason m yo (yo diy pou m rele yo pitit gason mwen), avèk lame Antipous a; fòs sa a te fè Antipous kontan anpil; paske fòs Lamanit yo te redui lame li a; anpil nan moun nou yo te mouri, sa te fè nou lapenn.

11 Men gade, nou kapab konsole tèt nou nan zòn sa a; yo te mouri pou peyi yo ak Bondye yo, wi, epi yo akontan.

12 Epi, Lamanit yo te kenbe anpil prizonye, yo tout se kaptèn anchèf, paske yo pa t kite okenn lòt vivan. Nou kwè yo kounyeya nan peyi Nefi a; si se pa t sa a, yo mouri.

13 Epi kounyeya, men vil Lamanit yo te sezi nan fè koule san anpil nan vanyan sòlda nou yo;

14 Peyi Manti oubyen vil Manti a, vil Zizwòm nan, vil Kimeni an, ak vil Antipara a.

15 Epi, se vil sa yo, yo te genyen lè m te rive nan vil Jideya a; epi m te jwenn Antipous ak moun li yo ap redi avèk fòs yo pou yo te kapab fòtifye vil la.

16 Wi, epi yo te fè depresyon ni nan kò, ak nan lespri, paske yo te rete vanyan nan goumen lajounen, epi nan nuit yo te redi fòs yo pou yo te kapab kenbe vil yo; konsa, yo te soufri tout kalite gwo afliksyon.

17 Epi kounyeya, yo te dispoze pou pran dominasyon sou kote sa a oubyen pou yo mouri; sa kapab fè nou konnen byen, ti fòs m te pote avèk mwen an, wi, pitit gason m yo, te ba yo gwo espwa ak anpil lajwa.

18 Epi kounyeya, se te konsa, lè Lamanit yo te wè Antipous te resevwa yon pi gwo fòs pou lame li a, daprè lòd Ammowon, yo te oblije pa t atake vil Jideya a, oubyen yo pa t vini sou nou pou yo goumen.

19 Se konsa Senyè a te favorize nou; paske si yo te mache sou nou pandan nou te fèb la, petèt, yo ta kapab detwi ti lame nou an; men, konsa, nou te prezève.

20 Ammowon te kòmande yo pou yo kenbe vil yo te pran yo. Se konsa vennsizyèm ane a te fini. Epi, nan kòmansman vennsetyèm ane a, nou te pare defans vil nou an.

21 Kounyeya, nou te vle Lamanit yo mache sou nou; paske nou pa t vle atake yo nan kote yo te gen yo.

22 Epi, se te konsa, nou te mete espyon toupa tou pou veye mouvman Lamanit yo, anpeche yo vizite nou nan nuit, ni lajounen, pou yo pa t atake lòt vil nou yo ki te nan nò yo.

23 Paske, nou te konnen lòt vil sa yo pa t ase fò pou twokekòn ak yo; se poutèt sa, nou te vle pran yo nan do, si yo ta pase bò kote nou, pou nou fè yo vire tounen pandan nou pran yo devan tou; men, sa nou te vle a pa t fèt.

24 Yo pa t pran chans vizite nou avèk tout lame yo, ni avèk mòso nan lame yo, ak nan prekosyon, si yo pa fò ase pou yo pa t tonbe.

25 Yo pa t mache desann kont vil Zarayemla a, ni tou yo pa t pran chans travèse tèt Sidon an, pou y al nan vil Nefiya.

26 Epi konsa, avèk fòs yo, yo te dispoze kenbe vil yo te pran yo.

27 Epi kounyeya, se te konsa, nan dezyèm mwa nan ane sa a, papa de mil pitit gason m yo te pote anpil pwovizyon pou nou.

28 Epi tou yo te voye de mil moun sòti nan peyi Zarayemla a ban nou. Epi konsa, nou te pare avèk di mil sòlda, ak pwovizyon pou yo, e pwovizyon pou madanm yo ak pitit yo.

29 Epi, Lamanit yo te wè fòs nou ap vin plis chak jou, e pwovizyon ap vini pou sipòte nou konsa, yo te kòmanse pè, epi yo te kòmanse sòti pou yo kapab sispann pwovizyon ak ranfò nou yo si sa ta posib.

30 Kounyeya, lè nou te wè Lamanit yo sa te kòmanse ap nwi, nou te vle pran yo nan fent nan kote sa a; se poutèt sa, Antipous te kòmande pou m mache al nan yon vil nan zòn nan ak pitit gason m yo, tankou nou t ap pote pwovizyon nan yon vil nan zòn nan.

31 Epi, nou t ap mache prè vil Antipara a kòm si nou ta pral nan vil lòtbò rivaj lanmè a.

32 Epi, se te konsa, nou te mache kòm si nou te gen pwovizyon pou n al nan vil sa a.

33 Epi, se te konsa, Antipous te mache avèk yon gwoup nan lame li a, li te kite rès yo pou pwoteje vil la. Men, li pa t avanse jistan m te rive prè vil Antipara a avèk ti lame m nan.

34 Epi konyeya, pi gwo lame Lamanit yo te rete nan vil Antipara a; wi sa k te pi plis la.

35 Epi, se te konsa, lè espyon pa yo te fè yo konn sa, yo te mache sou nou avèk lame yo.

36 Epi, se te konsa, nou te kouri devan yo al nan nò. Epi konsa nou te detounen pi gwo lame Lamanit yo;

37 Wi, sou yon distans tèlman long, lè yo te wè lame Antipous a ap suiv yo ak tout fòs, yo pa t tounen ni a dwat ni agoch; men yo te kontinye mache dwat dèyè nou; epi nou te panse yo te vle touye nou anvan Antipous ta pran yo, e pou yo anpeche yo tonbe nan mitan nou.

38 Epi kounyeya, Antipous te wè malè nou li te fè lame li a mache pi vit. Men gade, li te nan nuit; se poutèt sa yo pa t pran nou, ni tou, Antipous pa t pran yo; se poutèt sa, nou te kanpe pou nuit la.

39 Epi, se te konsa, anvan l te fin jou, gade Lamanit yo t ap suiv nou. Kounyeya nou pa t ase fò pou nou goumen avèk yo; wi, m pa t ap kite ti pitit gason m yo tonbe anba men yo; se poutèt sa, nou te kontinye mache, epi nou te mache nan dezè a.

40 Kounyeya, yo pa t pran chans tounen ni a dwat ni agoch pou nou pa t antoure yo; ni tou, m pa t ni vire a dwat ni a goch pou yo pa t pran m; nou pa t kapab kanpe devan yo pou yo pa touye nou, epi pou yo sove. Konsa, nou te kouri tout jou sa a nan dezè a jistan l te nan nuit.

41 Epi, se te konsa, lè l te fè jou, nou te wè Lamanit yo te rive sou nou e nou te pran kouri devan yo.

42 Men, se te konsa, yo pa t suiv n ale lwen anvan yo te kanpe; se te nan maten twazyèm jou nan setyèm mwa a.

43 Epi kounyeya, nou pa t konnen si Antipous te pran yo, men, m te di moun mwen yo: Gade nou pa konnen si yo kanpe pou nou kapab mache sou yo, pou yo kapab pran nou nan pyèj;

44 Sa nou di, pitit gason m yo, èske nou vle al goumen avèk yo?

45 Epi kounyeya, m di w, Mowoni, frè byenneme m nan, m pa t janm wè anpil akouraj konsa, non, menm nan pami tout Nefit yo.

46 Paske, menm jan m te toujou rele yo pitit gason m yo (yo tout te jèn anpil) se konsa yo te di m: Papa, gade Bondye nou an avèk nou epi li p ap kite nou tonbe; nou p ap touye frè nou yo si yo kite nou trankil; men, kite n ale pou yo pa kraze lame Antipous a.

47 Kounyeya, yo pa t janm goumen, men yo pa t pè lanmò; epi yo te reflechi sou alibète zansèt yo plis pase sou lavi pa yo; wi, bmanman yo te di yo si yo pa doute, Bondye ap delivre yo.

48 Epi, yo te repete pawòl manman yo ban mwen, yo te di: Nou pa doute; manman nou te konn sa.

49 Epi, se te konsa, m te retounen kont Lamanit ki te suiv nou yo avèk de mil solda mwen yo. Epi kounyeya, lame Antipous yo te jwenn yo, epi yon batay terib te kòmanse.

50 Lame Antipous la te fatige poutèt tout mache yo te fè nan yon ti kras tan, yo te prèske tonbe anba men Lamanit yo; e si m pa t tounen avèk demil solda mwen yo, Lamanit yo t ap fè sa yo te vle a.

51 Paske, Antipous te tonbe anba epe avèk anpil nan dirijan l yo, poutèt fatig yo nan mache vit anpil—konsa, moun Antipous yo te nan konfizyon poutèt dirijan yo te tonbe, yo te kòmanse bay Lamanit yo legen.

52 Epi, se te konsa, Lamanit yo te pran kouraj e yo te kòmanse suiv Nefit yo; se konsa Lamanit yo t ap suiv yo tout fòs lè Elaman te vin dèyè yo avèk de mil solda li yo, e li te kòmanse touye yo anpil, konsa, tout lame Lamanit yo te kanpe epi yo te vire sou Elaman.

53 Kounyeya, lè pèp Antipous la te wè Lamanit yo te fè demi tou, yo te rasanble sòlda yo ansanm e yo te vin nan do Lamanit yo ankò.

54 Epi kounyeya, se te konsa, nou menm pèp Nefi a, pèp Antipous la, e mwen menm avèk de mil solda mwen yo, nou te antoure Lamanit yo, e nou te touye yo; wi, si tèlman, yo te oblije remèt lèzam pou lagè yo, ak tèt pa yo kòm prizonye lagè.

55 Epi kounyeya, se te konsa, lè yo te livre tèt yo ban nou, m te konte jèn gason ki te goumen pou mwen yo, pou m wè si anpil ladan yo te mouri.

56 Men gade, m te gen anpil lajwa; pa t gen ayon sèl nanm ki te tonbe atè; wi, epi yo te goumen tankou se te avèk fòs Bondye a; wi, okenn moun pa t janm konn goumen avèk fòs mirak konsa; epi yo te tonbe ak tout fòs sa a sou Lamanit yo, yo te fè Lamanit yo pè; se poutèt sa, Lamanit yo te livre tèt yo kòm prizonye lagè.

57 Epi, Kòm nou pa t gen kote pou nou mete prizonye yo pou nou separe yo ak lame Lamanit yo, nou te voye yo nan peyi Zarayemla a avèk yon pa ti nan moun Antipous yo ki pa t mouri; m te pran rès yo, m te mete yo avèk jèn aAmonit mwen yo, epi nou t al nan vil Jideya a.