Ekriti yo
Alma 57


Chapit 57

Elaman rakonte jan yo te pran Antipara, delivre e pita defann Kimeni—Jèn Amonit Elaman yo goumen avèk vanyans; yo tout blese, men yo youn pa t mouri—Jid fè rapò sou prizonye Lamanit ki mouri e sove yo. Anviwon 63 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, m te resevwa yon lèt nan men Ammowon, wa a, ki te di si nou lage prizonye lagè nou te pran yo, li t ap ban nou vil Antipara a.

2 Men, m te voye yon lèt bay wa a, m te di l nou konnen fòs nou ase pou nou pran vil Antipara a; e si nou remèt prizonye yo pou vil sa a, nou t ap konsidere nou pa t gen lasajès, nou ta vle remèt prizonye nou yo sèlman pou fè boukantaj.

3 Epi, Ammowon te refize lèt mwen an, paske li pa t vle fè boukantaj prizonye; se poutèt sa, nou te kòmanse fè preparasyon pou n al goumen avèk vil Antipara a.

4 Men, pèp Antipara a te kite vil la, yo te kouri al nan lòt vil yo te sezi yo pou yo kapab fòtifye yo; konsa, vil Antipara a te tonbe nan men nou.

5 Epi, konsa ventuityèm ane gouvènman jij yo te fini.

6 Epi, se te konsa, nan kòmansman ventnevyèm ane a, nou te resevwa enpe pwovizyon ak moun pou lame nou an ki te sòti nan peyi Zarayemla ak peyi alantou yo; te gen si mil moun, san konte swasant apitit gason Amonit yo ki te vin jwenn frè yo, ti gwoup de mil sòlda mwen an. Epi gade kounyeya, nou te fò, wi, e nou te gen anpil pwovizyon nou te resevwa.

7 Epi, se te konsa, nou te vle goumen kont lame ki te plase pou pwoteje vil Kimeni an.

8 Epi kounyeya gade, m pral montre nou, nou te akonpli sa nou te vle a nan yon ti kras tan; wi, avèk tout fòs nou, oubyen avèk yon pati nan tout fòs nou, nan nuit, nou te antoure vil Kimeni an, yon ti tan anvan yo te resevwa yon kantite pwovizyon.

9 Epi, se te konsa, nou te kanpe nan alantou vil la pandan anpil nuit; men, nou te dòmi sou epe nou yo, epi nou te veye pou Lamanit yo pa t vini sou nou nan nuit, pou yo touye nou jan yo te konn eseye fè sa anpil fwa; men, chak fwa yo te eseye fè sa, san yo te koule.

10 Alafen, pwovizyon yo te rive, e yo ta pral antre nan vil la nan nuit. Epi nou menm, tan pou nou ta Lamanit yo, nou te Nefit yo; nou te pran yo avèk pwovizyon yo.

11 Epi, malgre sipò Lamanit yo te koupe nan eta sa a, yo te dispoze kenbe vil la; se poutèt sa, li te vin nesesè pou nou pran pwovizyon sa yo, pou nou voye yo nan Jideya epi pou nou voye prizonye nou yo nan peyi Zarayemla a.

12 Epi, se te konsa, anpil jou pa t pase anvan Lamanit yo te kòmanse pèdi tout espwa pou sekou; se poutèt sa, yo te remèt vil la nan men nou; e konsa, nou te akonpli volonte nou, nan pran vil Kimeni an.

13 Men, se te konsa, prizonye nou yo te tèlman anpil, malgre nou te anpil, nou te oblije devlope tout fòs nou pou nou kenbe yo, oubyen pou nou touye yo.

14 Paske gade, yo te fè gwo gwoup epi yo te goumen avèk wòch, ak baton oubyen tout bagay ki te tonbe anba men yo; se poutèt sa, nou te touye de mil ladan yo apre yo te fin rann tèt yo kòm prizonye lagè.

15 Se poutèt sa, li te vin nesesè pou nou te detwi lavi yo oubyen kondi yo, epe nan men, nan peyi Zarayemla a; epi pwovizyon nou yo te apèn ase pou moun nou yo, malgre sa nou te pran nan men Lamanit yo.

16 Epi kounyeya, nan sikonstans kritik sa yo, li te vin yon bagay serye pou deside zafè prizonye lagè sa yo; men, nou te deside voye yo nan peyi Zarayemla a; se poutèt sa, nou te chwazi yon pati nan moun nou yo epi nou te bay yo chay pou yo mennen prizonye nou yo nan peyi Zarayemla a.

17 Men, se te konsa, nan demen, yo te retounen. Nou pa t mande yo sou zafè prizonye yo; paske Lamanit yo te sou nou, epi yo te retounen nan bon lè pou yo sove nou anba men Lamanit yo. Paske, Ammowon te voye yon nouvo kantite pwovizyon ak yon gwo lame pou yo.

18 Epi, se te konsa, moun nou te voye avèk prizonye yo te vini nan bon lè pou ede nou, paske, Lamanit yo t a pral kraze nou.

19 Men gade, ti gwoup demil-swasant moun mwen yo te goumen avèk tout fòs; wi, yo te kenbe fèm devan Lamanit yo e yo te pase anba lanmò tout moun ki te kare devan yo.

20 Epi, lè rès lame nou an ta pral bay Lamanit yo legen, de mil swasant moun nou yo te kanpe fèm, san yo pa t kraponnen.

21 Wi, yo te obeyi epi yo te eseye akonpli chak kòmandman yo te resevwa avèk presizyon; wi, e yo te jwenn sa yo te vle daprè lafwa yo; epi m te sonje pawòl yo te di m amanman yo te preche yo a.

22 Epi kounyeya gade, se te pitit gason m yo, gason sa yo m te chwazi pou mennen prizonye yo, se yo menm nou dwe gwo viktwa sa a; paske se yo ki te bat Lamanit yo; se poutèt sa, Lamanit yo te sove al nan vil Manti a.

23 Epi, nou te kenbe vil Kimeni nou an, e nou tout pa t detwi anba epe, men nou te pèdi anpil moun.

24 Epi, se te konsa, menm lè Lamanit yo te fin sove a, m te bay lòd pou yo wete tout moun blese m yo nan pami mò yo pou yo kapab panse yo.

25 Epi, se te konsa, te gen de san nan de mil sissan m yo, ki te tonbe poutèt yo te pèdi san; men, daprè bonte Bondye, nou te etone anpil e tout lame a te kontan, lè nou te wè apa t gen yon nanm nan pami yo ki te peri; wi, ni tou pa t gen yon nanm nan pami yo ki pa t blese anpil.

26 Epi kounyeya, tout lame a te etone pou jan yo te prezève, wi, yo te epaye, malgre mil nan frè nou yo te mouri. Nou kalifye bagay sa a avèk lajistis pou apouvwa mirak Bondye, poutèt anpil blafwa yo te aprann genyen nan kwayans yo—gen yon Bondye ki jis, nenpòt moun ki pa t doute, gran pouvwa li a, ap prezève yo.

27 Kounyeya, se lafwa moun m te pale nou yo; yo jèn, panse yo fèm epi yo fè Bondye konfyans tout tan.

28 Epi kounyeya, se te konsa, lè nou te fin pran swen moun blese yo, antere mò nou yo ak mò Lamanit yo, ki te anpil, gade nou te mande Jid sou zafè prizonye yo te kòmanse mennen nan peyi Zarayemla a.

29 Jid te kaptèn an chèf gwoup ki te plase pou kondi yo desann nan peyi a.

30 Epi kounyeya, se te konsa, men pawòl Jid te di m: Gade, nou te kòmanse al nan peyi Zarayemla a avèk prizonye nou yo nou te rankontre espyon lame nou yo, nou te voye pou espyone kan Lamanit yo.

31 Epi, yo te di nou—gade lame Lamanit yo ap mache sou vil Kimeni an; yo pral tonbe sou yo, e yo pral detwi pèp nou an.

32 Epi, se te konsa, prizonye nou yo te tande pawòl la, yo te pran kouraj, e yo te tonbe nan fè rebelyon kont nou.

33 Epi, se te konsa, poutèt rebelyon yo, nou te desann epe nou sou yo. Kòm yon sèl kò, yo te kouri sou epe nou yo, e pi fò ladan yo te mouri, e rès la te sove ale.

34 Epi gade, lè yo te kouri, nou pa t kapab pran yo, nou te mache vit al nan vil Kimeni an, e nou te rive nan bon lè pou nou te kapab ede frè nou yo pwoteje vil la.

35 Epi gade, nou te delivre tèt nou ankò anba men ènmi nou yo. Epi nou beni non Bondye, paske se li ki te delivre nou; wi, se li ki te fè gwo bagay sa a pou nou.

36 Epi kounyeya, se te konsa, lè mwen menm Elaman, m te fin tande bagay sa yo nan bouch Jid, m te ranpli avèk anpil lajwa poutèt bonte Bondye ki te prezève nou pou nou pa t peri; wi, epi m konnen nanm moun ki te mouri yo aantre nan repo Bondye yo a.