Ekriti yo
Alma 60


Chapit 60

Mowoni pote plent bay Paoran poutèt gouvènman an neglije lame yo—Senyè a kite moun touye moun ki jis yo—Nefit yo dwe itilize tout pouvwa yo ak kapasite yo pou delivre tèt yo anba men ènmi yo—Mowoni menase pou l goumen kont gouvènman an, si lame li yo pa jwenn sipò. Anviwon 62 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, li te ekri Paoran, ki te gouvènè peyi a, yon lèt ankò, e men pawòl li te ekri: Gade, m voye lèt mwen an bay Paoran nan vil Zarayemla a, ki se jij aanchèf ak gouvènè nan peyi a, epi ak tout moun pèp sa a te chwazi pou gouvène, ak regle zafè lagè sa a.

2 Paske gade, m gen kèk bagay pou m di yo pou m kondane yo; paske gade, ou konnen nou te lonmen w pou w rasanble moun, pou w ba yo epe, ak kouto, ak tout kalite zam pou lagè, e pou w voye yo kont Lamanit yo, nenpòt kote yo ta antre sou tè nou an.

3 Epi kounyeya gade, m di w konsa, mwen menm ak sòlda m yo, ak Elaman ak sòlda li yo, nou te soufri anpil anpil soufrans; wi, menm grangou, swaf, fatig ak tout kalite afliksyon.

4 Men gade, si se sa sèlman nou te soufri, nou pa t ap plenyen ni babye.

5 Men gade, te gen anpil masak nan pami pèp nou an; wi, anpil milye moun te tonbe anba epe, alòske se t ap lekontrè si w te bay lame nou yo ase fòs ak sekou. Wi, ou te neglije nou anpil.

6 Epi kounyeya gade, nou vle konnen rezon gwo neglijans sa a; wi, nou vle konnen rezon ki fè w pa gen konsiderasyon an.

7 Èske w panse w kapab chita sou twòn ou, nan eta san konsiderasyon sa a, pandan ènmi w yo ap simen lanmò alantou w? Wi, pandan y ap touye anpil milye nan frè w yo—

8 Wi, menm moun ki te espere pwoteksyon nan men w yo, wi, ki mete w nan yon pozisyon pou w pote yo sekou a, wi, pou w te voye lame pou fòtifye yo a, epi pou w ta sove anpil milye ladan yo pou yo pa t tonbe anba epe a.

9 Men gade, sa se pa tout—ou tèlman pa t voye pwovizyon ba yo, anpil ladan yo te goumen e kò yo te blese pou anpil volonte yo te genyen pou byennèt pèp sa a; wi, e yo te fè sa pandan yo t ap prèske aperi anba grangou, poutèt jan w te neglije yo anpil la.

10 Epi kounyeya, frè byenneme m yo paske, nou se byenneme; wi, nou te dwe brannen kò nou avèk plis dilijans pou byennèt ak libète pèp sa a; men gade, nou te tèlman neglije yo, san anpil milye ap tonbe sou tèt nou pou kriye vanjans; wi, paske Bondye konnen tout kriye ak tout soufrans yo—

11 Gade, èske nou panse nou ta kapab chita sou twòn nou yo, e poutèt tout bonte Bondye genyen l ap delivre nou san n pa fè anyen? Si se sa nou panse, nou panse mal.

12 Èske nou asipoze paske anpil nan frè nou yo mouri, se poutèt mechanste pa yo? M ap di nou, si nou panse sa, nou panse mal; paske m di nou, gen anpil moun ki te tonbe anba epe, e se nou menm k ap pote kondanasyon an;

13 Paske, Senyè a kite amoun ki jis yo mouri pou lajistis ak jijman l kapab tonbe sou mechan yo; se poutèt sa, nou pa dwe panse moun ki jis yo pèdi paske yo mouri; men, yo antre nan repo Senyè Bondye yo a.

14 Epi kounyeya gade, m di nou, m pè anpil pou jijman Bondye pa desann sou pèp sa a poutèt tout parès yo, wi, parès gouvènman nou an menm, e gwo neglijans yo kont frè yo, wi, kont moun ki te mouri yo.

15 Paske si se pa t poutèt amechanste ki te kòmanse premyèman nan dirijan nou yo, nou ta kapab kanpe devan ènmi yo pou yo pa t gen okenn pouvwa sou nou.

16 Wi, si se pa t pou alagè ki te kòmanse nan pami nou; wi, si se pa t pou bmoun wa yo, ki te lakòz tout san sa yo koule nan pami nou; wi, pandan nou t ap goumen nan pami nou; si nou te rasanble fòs nou menm jan nou te fè anvan an; wi, si se pa t pouvwa ak otorite moun wa sa yo te vle gen sou nou; si yo te bay kòz libète nou an enpòtans, epi si yo te reyini avèk nou, pou n ale kont ènmi nou yo, tan pou yo ta pran epe kont nou, ki te lakòz pakèt san koule nan pami nou; wi, si nou t ale kont yo avèk fòs Senyè a, nou t ap dispèse ènmi nou yo, paske, sa t ap fèt pou akonplisman pawòl li.

17 Men gade, kounyeya Lamanit y ap rive sou nou, pran tè nou, e y ap touye pèp nou an avèk epe, wi, madanm nou, ak pitit nou yo, e y ap mennen yo nan kaptivite, pou yo fè yo soufri tout kalite afliksyon, poutèt gwo mechanste moun k ap chèche pouvwa ak otorite yo, wi, moun wa sa yo menm.

18 Men, poukisa pou m ta pale plis sou bagay sa a? Paske, nou pa konnen si nou menm nou p ap chèche otorite. Nou pa konnen si nou menm nou pa trèt kont peyi w la.

19 Oubyen, èske w neglije nou paske nou nan kè peyi nou an e nou antoure avèk sekirite, nou pa vle manje vin jwenn nou avèk moun pou ranfòse lame nou an?

20 Èske nou bliye kòmandman Senyè Bondye nou an? Wi, èske nou bliye zansèt nou yo ki te prizonye? Èske nou bliye tout tan nou te delivre anba men ènmi nou yo?

21 Oubyen, èske nou panse Senyè a ap delivre nou pandan nou chita sou twòn nou, epi nou pa itilize mwayen Senyè a ban nou yo?

22 Wi, èske n ap chita nan parès pandan nou antoure avèk anpil milye, wi, anpil milye ki chita nan parès, pandan gen anpil milye sou tout fwontyè peyi nou an k ap tonbe anba epe, wi, yo blese e san y ap koule?

23 Èske nou panse Bondye wè nou san peche pandan nou chita e n ap asiste bagay sa yo? M di nou, non. M vle pou nou ta sonje Bondye te di konsa, avèsèl ki andedan yo pral lave anvan, e apre sa, vèsèl ki deyò yo pral lave tou.

24 Epi kounyeya, si nou pa repanti pou sa nou te fè yo, e si nou pa kòmanse fè mouvman, pou nou voye manje ak moun ban nou, ak pou Elaman, pou l sipòte pati sa yo nan peyi nou an li te repran yo, e pou nou kapab fin pran rès tè nou yo nan zòn sa a, l ap nesesè pou nou pa goumen avèk Lamanit yo ankò jistan nou fin lave veso ki andedan yo, wi, gwo tèt gouvènman nou an.

25 Si nou pa reponn lèt mwen an, e si nou pa sòti pou nou montre m vrè alespri libète a, si nou pa fè sakrifis pou nou ranfòse, e pou nou fòtifye lame nou yo, si nou pa ba yo manje pou sipòte yo, m ap kite yon pa ti nan moun mwen yo pou kenbe pati tè sa a, m ap kite fòs ak benediksyon Bondye sou yo, pou okenn lòt pouvwa pa kapab dirije yo—

26 Epi, poutèt pakèt lafwa yo, ak pasyans yo nan tribilasyon yo—

27 Epi, m ap mache sou nou; e si gen nenpòt moun nan pami nou ki vle libète, wi, menm si gen yon etensèl libète ki rete, m ap leve opozisyon nan pami nou, jistan moun ki vle pran otorite ak pouvwa yo disparèt.

28 Wi, m pa pè pouvwa nou ni otorite nou; men, se pou aBondye m nan m gen lakrent; e se daprè kòmandman l yo m pran epe m pou m defann kòz peyi m nan, e se poutèt inikite nou yo nou te soufri tout pèt sa yo.

29 Gade, li lè, wi, lè a rive kounyeya, si nou pa brannen kò nou pou nou defann peyi nou an ak timoun piti nou yo, aepe lajistis la pandye sou tèt nou; wi l ap tonbe sou nou e l ap vizite nou jistan ou fin detwi nèt.

30 Gade, m ap tann asistans nan men nou, e si nou pa pote nou sekou, m ap mache sou nou nan peyi Zarayemla a menm, e m ap frape nou avèk kout epe, epi nou p ap gen pouvwa pou nou rete pwogrè pèp sa a nan kòz libète nou an.

31 Paske gade, Senyè a p ap kite nou viv, e pou nou pouri nan inikite nou yo pou nou detwi moun ki jis li yo.

32 Gade, èske nou kapab panse Senyè a ap pwoteje nou e l ap vin jije Lamanit yo, alòske se tradisyon zansèt yo ki fè yo rayi nou, wi, e moun ki te revòlte sòti nan pami nou yo t al double rayiman sa a, wi, pandan tan sa a, inikite nou yo se poutèt nou renmen louwanj ak bagay materyèl mond lan?

33 Nou konnen n ap transgrese lalwa Bondye yo, e nou konnen n ap pilonnen yo anba pye nou. Senyè a di m konsa: Si moun nou lonmen gouvènè yo pa repanti nan peche yo ak inikite yo, al goumen avèk yo.

34 Epi kounyeya gade, mwen menm Mowoni, m sou obligasyon, daprè alyans m te fè pou m respekte kòmandman Bondye m nan; se poutèt sa, m vle nou obeyi kòmandman Bondye a, epi voye nan pwovizyon nou yo ak nan moun nou yo vit ban mwen, e voye bay Elaman tou.

35 Si nou pa fè sa, m ap mache sou nou vit; paske Bondye p ap kite nou peri nan grangou; se poutèt sa, l ap ban nou manje nou yo, menm si se avèk epe. Kounyeya, degaje nou pou nou akonpli pawòl Bondye a.

36 Gade, m se Mowoni, kaptèn anchèf nou an. M ap ap chèche pran pouvwa, men, mete l ba. M p ap chèche onè nan men mond lan, men se pou laglwa Bondye m nan, se pou libète ak byennèt peyi m nan. Epi, konsa m fini lèt mwen an.