Ekriti yo
Alma 6


Chapit 6

Legliz nan Zarayemla netwaye e li retounen nan lòd—Alma al preche nan Jedeon. Anviwon 83 anvan Jezikri.

1 Epi, kounyeya, se te konsa, lè Alma te fin pale avèk pèp legliz la ki te tabli nan vil Zarayemla a, li te aòdone prèt ak bansyen yo, li te poze cmen sou tèt yo daprè lòd Bondye, pou yo prezide ak, dvoye je sou legliz la.

2 Epi, se te konsa, tout moun ki pa t manm legliz la, ki te repanti nan peche yo, yo te resevwa abatèm pou repantans, e yo te aksepte yo nan legliz la.

3 Epi tou, se te konsa, tout moun ki te manm legliz la, ki pa t arepanti nan mechanste, e ki pa t gen imilite devan Bondye—M vle di, moun ki te gonfle kè yo avèk blògèy yo, yo te rejte yo, e non yo te cefase pou non yo pa t konte nan pami moun ki jis yo.

4 Se konsa, yo te kòmanse tabli lòd legliz la nan vil Zarayemla a.

5 Kounyeya m ta vle nou konprann, tout moun te gen dwa resevwa pawòl Bondye a, pa t gen moun ki te pèdi privilèj pou yo rasanble ansanm pou yo tande pawòl Bondye a.

6 Men, pitit Bondye yo te gen kòmandman pou yo reyini ansanm souvan, pou yo fè ajèn avèk anpil priyè pou byen moun ki pa t konnen Bondye yo.

7 Epi kounyeya, se te konsa, lè Alma te fin pase lòd sa yo, li te wete kò l nan pami yo; wi, li te kite legliz ki nan vil Zarayemla a, e li t ale nan kote lès rivyè Sidon an, nan avale Jedeon an, se la yo te bati yon vil ki te rele vil Jedeon, ki te nan vale yo te rele vale Jedeon an, yo te ba l pote non sa a akoz nonm Neyò te btouye avèk epe a.

8 Epi Alma t ale, e li te kòmanse deklare bay legliz ki te tabli nan vale Jedeon an pawòl Bondye a, daprè revelasyon verite ki nan pawòl zansèt li yo te pale a, e daprè lespri pwofesi ki te nan li, daprè atemwayaj Jezikri, Pitit Gason Bondye a ki gen pou l vini pou l rachte pèp li a anba peche yo, e daprè lòd sen ki te ba li apèl la, se konsa sa te ekri. Amèn.