Ekriti yo
Etè 10


Chapit 10

Yon wa ranplase yon lòt—Kèk nan wa yo te jis; lòt yo te mechan—Lè gen lajistis pèp la beni, epi Senyè a fè l pwospere.

1 Epi, se te konsa, Chèz ki te yon pitit Èt—Paske Èt te peri anba famin, ak tout moun lakay li, eksepte Chèz—Se poutèt sa, chèz te kòmanse bati nasyon kraze a ankò.

2 Epi, se te konsa, Chèz te sonje destriksyon zansèt li yo, epi l te konstwi yon wayòm ki te jis; paske l te sonje sa Senyè a te fè, jan l te fè Jarèd ak frè l la atravèse lanmè fon an; li te mache nan chemen Senyè a, epi li te fè pitit gason ak pitit fi.

3 Epi, premye pitit gason li a, ki te rele Chèz te revòlte kont li; men, Chèz te pase anba men yon vòlè poutèt pakèt richès li yo, epi sa te pote lapè ankò bay papa l.

4 Epi, se te konsa, Papa l te konstwi anpil vil nan peyi a, epi pèp la te kòmanse gaye ankò nan tout peyi a. Chèz te viv jistan l te granmoun anpil, epi li te fè Riplakich. Li te mouri, epi Riplakich te gouvène nan plas li.

5 Epi, se te konsa, Riplakich pa t fè sa ki te jis devan je Senyè a, paske, li te gen anpil madanm ak amanmzèl, epi li te mete chay la sou zèpòl lòt moun; sa te grav pou moun pote; wi, li te fè yo peye gwo taks, epi ak taks yo, li te konstwi anpil gwo kay.

6 Li te konstwi yon twòn ki te bèl anpil pou tèt pa l; li te konstwi anpil prizon, epi nenpòt moun ki pa t vle dakò ak zafè taks yo, li te jete yo nan prizon; epi tout moun ki pa t kapab peye taks, li te jete yo nan prizon; epi li te fè yo travay tout tan pou sipòte tèt yo, epi tout moun ki pa t vle travay, li te fè touye yo.

7 Se konsa, tout travay rafine l yo te fèt; wi, li te fè yo rafine bon lò li yo nan prizon, epi li te fè yo fè tout kalite chedèv nan prizon an. Epi, se te konsa, li te aflije pèp li a avèk abominasyon seksyèl, epi avèk abominasyon l yo.

8 Epi, lè l te fin gouvène pou karann-de zan, pèp la te leve nan rebelyon kont li; te tèlman kòmanse gen lagè nan peyi a ankò, yo te touye Riplakich, epi yo te chase desandan l yo nan peyi a.

9 Epi, se te konsa, apre anpil ane, Moryanton (ki te yon desandan Riplakich) li te rasanble yon lame nan pami rebèl yo, epi li t al goumen avèk pèp la; li te pran pouvwa sou anpil vil; lagè a te vin rèd anpil, epi li te dire pou anpil ane; Moryanton te pran pouvwa sou tout peyi a, epi li te tabli tèt li wa alatèt peyi a.

10 Lè l te fin tabli tèt li wa, li te soulaje chay pèp la; konsa pèp latè fè l favè, epi yo te konsakre l kòm wa yo.

11 Li te bay pèp la lajistis; men, li pa t bay tèt pa l lajistis poutèt anpil abominasyon seksyèl l yo; se poutèt sa, Senyè a te rejte l soti nan prezans li.

12 Epi, se te konsa, Moryanton te konstwi anpil vil; pèp la te vin rich anpil sou gouvènman li a, ni nan konstriksyon, ak nan lò ak lajan, nan machandiz, nan twoupo ak bèt, ak tout kalite bagay yo te vin retounen genyen.

13 Moryanton te viv lontan anpil, epi li te fè Kim; Kim te gouvène nan plas papa l; li te dirije pou ywit ane epi papa l te mouri. Epi, se te konsa, Kim pa t dirije nan lajistis, se poutèt sa, Senyè a pa t fè l favè.

14 Frè l la te leve nan rebelyon kont li; nan rebelyon an, frè l la te mennen l nan kaptivite; li te rete nan kaptivite tout lavi l, epi pandan l te granmoun, li te fè Levi; epi li te mouri.

15 Epi, se te konsa, Levi te sèvi nan kaptivite apre papa l te fin mouri, pou karann-de zan. Epi li te fè lagè avèk wa peyi a; nan lagè a, li te pran wayòm nan pou tèt pa l.

16 Lè l te fin pran wayòm nan pou tèt pa l, li te fè sa ki te bon devan Senyè a; pèp la te pwospere nan peyi a, li te viv jistan l te byen granmoun, li te fè pitit gason ak pitit fi; li te fè Kowòm tou, epi li lonmen Kowòm wa nan plas li.

17 Epi, se te konsa, Kowòm te fè sa ki bon devan Senyè a pou tout lavi l; li te fè pitit gason ak pitit fi; epi lè l te fin wè anpil jou, li te mouri menm jan avèk tout moun sou tè a, epi Kich te gouvène nan plas li.

18 Epi, se te konsa, Kich te mouri tou, epi Lib te gouvène nan plas li.

19 Epi, se te konsa, tou, Lib te fè sa ki te bon devan Senyè a. Sou gouvènman Lib la, sèpan apwazonnen yo te detwi. Se poutèt sa, moun yo t ale nan sid pou yo fè lachas pou pèp peyi a, paske peyi a te chaje avèk bèt nan bwa. Epi, Lib poutèt pa l, li te vin tounen yon gwo chasè.

20 Yo te bati yon gwo vil tou pre bout tè fen kote lanmè a separe tè a.

21 Yo te prezève tè sid la kòm forè pou lachas. Epi, tout tè nò a te kouvri avèk moun.

22 Yo te travaye anpil; yo te vann, yo te achte, epi yo te fè komès yonn avèk lòt pou yo te kapab fè benefis.

23 Yo te travay nan tout kalite min; yo te fè lò, ak lajan, ak a, ak kwiv, ak tout kalite metal; epi yo te fouye tè a; se poutèt sa, yo te anpile gwo bit tè pou yo jwenn min lò, ak lajan, ak fè, ak eren. Epi yo te fè tout kalite travay.

24 Yo te gen faktori twal swa, twal fen; yo te fè tout kalite rad pou yo kapab pa rete toutouni.

25 Yo te fè tout kalite zouti pou yo kiltive tè a, ni pou yo laboure, ni pou yo simen, pou yo rekòlte, pou yo vannen, epi pou yo pile.

26 Epi yo te fè tout kalite zouti pou bèt yo te kapab travay.

27 Yo te fè tout kalite zam pou lagè. Epi yo te fè tout kalite bèl chedèv.

28 Pa t janm gen yon pèp ki te pi beni pase yo, epi ki te pi pwospere anba men Senyè a. Epi, yo te nan yon peyi ki te pi bon pase tout lòt paske Senyè a te di sa.

29 Epi, se te konsa, Lib te viv pou anpil ane, li te fè pitit gason ak pitit fi, epi li te fè Eyatòm.

30 Epi, se te konsa, Eyatòm gouvènen nan plas papa l. Lè Eyatòm te fin gouvènen pou vennkat ane yo pran wayòm nan nan men l. Epi li sèvi nan kaptivite pou anpil ane, wi, menm tout rès lavi l.

31 Li fè Èt; epi Èt pase tout lavi l nan kaptivite. Èt fè Aawon, epi Aawon pase tout lavi l nan kaptivite; epi li fè Amnigada epi tou Amnigada pase tout lavi l nan kaptivite epi li fè Koryantoum; Koryantoum pase tout lavi l nan kaptivite epi li fè Kòm.

32 Epi, se te konsa, Kòm te rale mwatye nan wayòm nan. Epi, li te gouvènen mwatye nan wayòm nan pou karant-de zan; li t al goumen avèk wa Amjid; yo te goumen pou anpil ane; pandan tan sa a, Kòm te pran pouvwa sou Amjid, epi li te pran pouvwa sou lòt rès wayòm nan.

33 Sou gouvènman Kòm nan, te kòmanse gen vòlè nan peyi a; yo te adopte plan ansyen yo, epi yo te administre asèman, menm jan avèk ansyen yo, epi yo te chèche pou yo detwi wayòm nan ankò.

34 Kòm te goumen avèk yo anpil; men, li pa t pran pye sou yo.