Ekriti yo
Etè 5


Chapit 5

Twa temwen, epi travay la poutèt pa l pral sèvi kòm temwayaj konsènan verite liv Mòmon an.

1 Kounyeya, mwen menm Mowoni, m te ekri pawòl m te resevwa kòmandman pou m te ekri yo, daprè memwa m; epi m di w bagay m te asele yo; se poutèt sa, pa touche yo nan lide pou w chèche tradui yo; paske, bagay sa yo entèdi pou ou, eksepte apre yon tan lè se daprè lasajès Bondye a.

2 Epi, ou kapab gen privilèj pou w kapab montre plak yo bay amoun ki pral ede w yo nan piblikasyon travay sa a;

3 Epi, pouvwa Bondye a pral fè atwa moun wè yo; se poutèt sa, y ap bkonnen toutbon bagay sa yo se cverite.

4 Epi, bagay sa yo pral tabli nan bouch twa atemwen; pouvwa Bondye ak pawòl li pral parèt nan temwayaj twa moun ak travay sa a, Papa a, Pitit Gason an, ak Sentespri a pral rann temwayaj konsènan sa—epi tout sa pral sèvi kòm temwayaj kont mond lan nan dènye jou a.

5 Epi, si yo repanti, epi yo avin jwenn Papa a nan non Jezi, y ap resevwa yo nan wayòm Bondye a.

6 Si m pa gen otorite pou bagay sa yo, malè pou ou; paske w ap konnen m gen otorite lè w wè m, epi n ap kanpe devan Bondye nan dènye jou yo. Amèn.