Ekriti yo
Elaman 1


Liv Elaman an

Istwa Nefit yo. Lagè yo, chirepit yo ak divizyon yo. Epi pwofesi anpil pwofèt ki sen tou, anvan Kris te vini, daprè istwa Elaman ki te pitit gason Elaman, epi tou, daprè istwa pitit gason li yo jouk nan lè Kris la te vini an. Epi anpil nan Lamanit yo konvèti tou. Istwa konvèsyon yo. Istwa lajistis Lamanit yo epi mechanste ak abominasyon Nefit yo, daprè istwa Elaman ak pitit gason li yo menm jouk nan lè Kris la te vini an, liv ki rele liv Elaman an, eksetera.

Chapit 1

Dezyèm Paoran an tounen jij anchèf, Kichkimèn touye l—Pakimeni pran fotèy jijman an—Koryantoumr dirije lame Lamanit yo, li pran Zarayemla e li touye Pakimeni—Mowoniya gen viktwa sou Lamanit yo, li repran Zarayemla e yo touye Koryantoumr. Anviwon 52–50 anvan Jezikri.

1 EPI kounyeya gade, se te konsa, kòmansman karantyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a, te kòmanse gen yon difikilte serye nan pami pèp Nefit yo.

2 Paske gade, aPaoran te mouri e li te fè menm wout avèk tout tè a; se poutèt sa, te kòmanse gen yon chirepit serye pou yo konnen kiyès nan pami frè ki te pitit Paoran yo ki te dwe chita sou fotèy jijman an.

3 Kounyeya, men non moun ki te goumen pou fotèy jijman an, epi tou, ki te fè pèp la goumen yo: Paoran, Paanki, ak Pakimeni.

4 Kounyeya, sa yo se pa tout pitit gason Paoran yo (paske li te gen anpil) men se sa yo ki te goumen pou fotèy jijman an; se poutèt sa, yo te lakòz twa divizyon nan pami pèp la.

5 Men, se te konsa, avwa pèp la te lonmen Paoran kòm jij anchèf ak gouvènè sou pèp Nefi a.

6 Epi, se te konsa, lè Pakimeni te wè l pa t kapab jwenn fotèy jijman an, li te dakò avèk vwa pèp la.

7 Men gade, Paanki ak pa ti nan pèp la ki te vle l kòm gouvènè yo a, te fache anpil; se poutèt sa, li te pare pou l flate moun sa yo, pou l fè yo revòlte kont frè li yo.

8 Epi, se te konsa, pandan li ta pral fè sa, yo te pran l e yo te jije l daprè vwa pèp la, e li te kondane pou l mouri; paske li te leve nan rebelyon e li te chèche pou l detwi alibète pèp la.

9 Kounyeya, lè moun ki te vle nonmen l gouvènè yo te wè li te kondane pou l mouri, yo te fache e yo voye yonn ki te rele Kichkimèn jis nan fotèy jijman Paoran an, e li te touye Paoran pandan Paoran te chita sou fotèy jijman an.

10 Epi, sèvitè Paoran yo te rapousuiv li, men, Kichkimèn te kouri tèlman vit, pèsonn pa t kapab pran l.

11 Li t al jwenn moun ki te voye l yo e yo tout te fè alyans, wi yo fè sèman sou tèt Kreyatè etènèl la pou yo pa di pèsonn Kichkimèn te touye Paoran.

12 Se poutèt sa, yo pa t konnen Kichkimèn nan pami pèp Nefi a, paske, li te degize lè l te touye Paoran, e Kichkimèn ak gwoup ki te fè alyans avèk li a te melanje kò yo nan pami pèp la yon fason, yo pa t kapab jwenn tout ladan yo; men, tout sa pèp la te jwenn, yo te kondane pou yo amouri.

13 Epi kounyeya gade, vwa pèp la te lonmen Pakimeni kòm jij anchèf ak gouvènè alatèt pèp la, nan plas Paoran, ki te frè li a, daprè dwa l. Tout bagay sa yo te fèt nan karantyèm ane gouvènman jij yo, epi sa te fini.

14 Epi, se te konsa, nan karanteyinyèm ane gouvènman jij yo, Lamanit yo te rasanble yon konkenn chenn lame chaje sòlda, e yo te ame yo avèk epe, kouto, flèch, kas, kiras, e avèk tout kalite zam.

15 Epi, yo te desann ankò pou yo goumen avèk Nefit yo. Epi nonm ki t ap dirije yo a te rele Koryantoumr, li te yon desandan Zarayemla, e li te yon disidan ki te sòti nan pami Nefit yo; e se te yon gwo nonm vanyan.

16 Se poutèt sa, wa Lamanit yo ki te rele Toubalòt, ki te pitit gason aAmmowon, li te konprann, paske Koryantoumr te yon nonm vanyan, li te kapab kanpe kont Nefit yo avèk fòs li, epi tou avèk gwo ladrès pa l, t ap ka ale pou l te kapab pran pouvwa alatèt Nefit yo—

17 Se poutèt sa, li te pouse yo fè kòlè, li te rasanble lame l yo ansanm, li te lonmen Koryantoumr pou dirije yo, e li te fè yo desann nan peyi Zarayemla a pou yo kapab goumen avèk Nefit yo.

18 Epi, se te konsa, poutèt pakèt chirepit ak pakèt difikilte nan gouvènman an, yo pa t kenbe ase gad nan peyi Zarayemla a paske yo te panse Lamanit yo pa t ap pran chans vin nan kè peyi yo a pou yo atake gran vil Zarayemla a.

19 Men, se te konsa, Koryantoumr te mache nan tèt gwo lame li a e li te tonbe sou abitan vil la, e yo te tèlman mache avèk vitès, pa t gen tan pou Nefit yo te rasanble lame yo.

20 Se poutèt sa, Koryantoumr te rache santinèl ki ta p veye antre vil la, e li te mache avèk tout lame li a nan vil la, yo te touye tout moun ki mete opozisyon e yo te pran vil la.

21 Epi, se te konsa, Pakimeni ki te jij anchèf la, te kouri devan Koryantoumr jouk bò miray vil la. Epi, se te konsa, Koryantoumr te frape l nan kloti a epi l te mouri. Se konsa jou Pakimeni yo te fini.

22 Epi kounyeya, lè Koryantoumr te wè vil Zarayemla a tonbe nan men l, e l te wè Nefit yo kouri devan l, yo te mouri, Lamanit yo te pran yo, jete yo nan prizon, epi li te pran vil ki pi fò nan peyi a, kè li te tèlman gonfle nan lògèy, li te pare pou l ale batay kont tout peyi a.

23 Epi kounyeya, li pa t rete nan peyi Zarayemla a, men, li te mache avèk yon gwo lame pou l al nan vil Abondans la; paske, se te detèminasyon l pou l mache fè wout li avèk epe pou l kapab pran pa ti nò peyi a.

24 Epi, li te konprann pi gwo fòs Nefit yo te nan mitan peyi a, se poutèt sa, li te mache, li pa t ba yo tan pou yo rasanble, eksepte kèk ti gwoup; e konsa, Lamanit yo te tonbe sou yo e Lamanit yo te lage yo atè.

25 Men gade, mach Koryantoumr te mache nan mitan peyi a te bay Mowoniya yon gwo avantaj sou yo, malgre anpil Nefit ki te mouri.

26 Men gade, Mowoniya te panse Lamanit yo pa t ap pran chans vini nan mitan peyi a, men yo t ap atake vil bò fwontyè yo jan yo te deja konn fè a; se poutèt sa, Mowoniya te fè gwo lame yo kenbe zòn bò fwontyè yo.

27 Men gade, Lamanit yo pa t atake jan l te vle a, men yo te vini nan mitan peyi a, epi yo te pran kapital la, ki se vil Zarayemla a; epi yo t ap mache sou pi gwo vil peyi a, yo te touye anpil moun, ni gason, ni fi, ak timoun, yo te pran anpil vil ak anpil pozisyon fò.

28 Men lè Mowoniya te dekouvri sa, li te voye Leyi avèk yon lame pou sènen yo anvan yo vini nan peyi Abondans la.

29 Se konsa li te fè; e li te sènen yo anvan yo te rive nan peyi Abondans la; li te goumen avèk yo tèlman, yo te kòmanse fè bak nan peyi Zarayemla a.

30 Epi, se te konsa, Mowoniya te sènen yo nan kachèt yo; li te goumen ak yo tèlman, batay la te vin tounen yon masak; wi, anpil moun te mouri, e yo te jwenn aKoryantoumr nan pami moun ki te mouri yo.

31 Epi kounyeya, gade, Lamanit yo pa t kapab fè okenn wout, ni nan nò, ni nan sid, ni nan lès, ni nan lwès, paske, Nefit yo te antoure yo tout kote.

32 Epi konsa, Koryantoumr te tèlman plonje Lamanit yo nan mitan Nefit yo, yo te anba pouvwa Nefit yo, e Koryantoumr limenm te mouri, epi Lamanit yo te lage kò yo nan men Nefit yo.

33 Epi, se te konsa, Mowoniya te repran vil Zarayemla a ankò e li te fè prizonye Lamanit yo kite peyi a nan lapè.

34 Se konsa karanteyinyèm ane gouvènman jij yo te fini.