Ekriti yo
Elaman 4


Chapit 4

Nefit rebèl yo ak Lamanit yo mete fòs yo ansanm e yo pran peyi Zarayemla a—Nefit yo pèdi batay poutèt mechanste yo—Legliz la dejenere, e pèp la vin fèb tankou Lamanit yo. Anviwon 38–30 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, nan senkann-katriyèm ane a, te gen anpil divizyon nan legliz la, epi tou, te gen yon gwo achirepit nan pami pèp la ki te fè anpil san koule.

2 Epi, yo te touye rebèl yo, yo te chase yo pou yo te kite peyi a epi yo t al jwenn wa Lamanit yo.

3 Epi, se te konsa, rebèl yo te chèche eksite Lamanit yo kont Nefit yo, men Lamanit yo te pè anpil e yo pa t koute rebèl yo.

4 Men, se te konsa, nan senkann-sizyèm ane gouvènman jij yo, te gen arebèl Nefit ki t al jwenn Lamanit yo; yo t ale apre lòt Nefit rebèl ki te deja ale yo, e yo te pouse Lamanit yo nan kòlè kont Nefit yo, e yo tout te pare pou lagè nan ane sa a.

5 Epi, nan senkann-setyèm ane a yo te desann vin goumen avèk Nefit yo, epi yo te kòmanse travay lanmò a; wi, konsa, nan senkant-ywityèm ane gouvènman jij yo, yo te rive pran peyi Zarayemla a ak tout tè ki te menm bò vil Abondans la.

6 Epi, yo te pouse Nefit yo ak lame Mowoniya a al nan vil Abondans la;

7 Epi, se la yo te pati yo kont Lamanit yo, depi bò lanmè lwès la jouk nan lanmè lès la; liy fwontyè yo te fòtifye sou tout longè, kote yo te kanpe pou pwoteje zòn nò peyi a, te yon jounen mach pou yon Nefit.

8 Epi konsa, avèk èd anpil lame Lamanit, rebèl Nefit yo te pran tout pwopriyete Nefit yo ki te nan sid peyi a, e tout bagay sa yo te fèt nan senkann-ywityèm ak senkant-nevyèm ane gouvènman jij yo.

9 Epi, se te konsa, nan swasantyèm ane gouvènman jij yo Mowoniya te gen siksè avèk lame li yo, li te repran anpil pati nan peyi a; wi, yo te repran anpil vil ki te tonbe anba men Lamanit yo.

10 Epi, se te konsa, nan swasanteyinyèm ane gouvènman jij yo, yo te reyisi repran menm mwatye nan pwopriyete yo.

11 Kounyeya, gwo pèt ak gwo masak sa a pa t ap rive nan pami Nefit yo si se pa t pou mechanste ak abominasyon ki te gen nan pami yo; wi, e bagay sa yo te nan pami moun sa yo ki te deklare yo fè pati nan legliz Bondye a tou.

12 Epi, se te poutèt alògèy ki te nan kè yo paske yo te gen anpil brichès, wi, paske yo te oprese cpòv yo, yo pa t bay moun ki grangou yo manje, yo pa t bay moun ki toutouni yo rad, yo te souflete frè ki gen imilite yo nan figi, yo te moke bagay ki sakre, yo te nye lespri pwofesi ak lespri revelasyon, yo te fè asasina, yo te fè piyay, yo te bay manti, yo te vòlè, yo te fè adiltè, yo te leve gwo chirepit e yo te kite peyi Nefi a pou y al jwenn Lamanit yo—

13 Epi, poutèt gwo mechanste yo ak alwanj yo te fè pou fòs pa yo, yo te rete avèk fòs pa yo; se poutèt sa, yo pa t pwospere, men, yo te aflije, yo te frape e Lamanit yo te chase yo jistan yo te pèdi prèske tout tè yo.

14 Men gade, Mowoniya te preche pèp la anpil bagay poutèt inikite yo, epi tou, aNefi ak Leyi ki te pitit gason Elaman an te preche pèp la anpil bagay; wi, yo te pwofetize anpil bagay konsènan inikite pèp la ak sa ki gen pou rive yo si yo pa repanti nan peche yo.

15 Epi, se te konsa, yo te tèlman repanti, yo te kòmanse pwospere.

16 Lè Mowoniya te wè yo te repanti, li te mache mennen yo sòti nan yon kote al nan yon lòt soti, nan yon vil al nan yon lòt jistan yo te repran mwatye nan pwopriyete yo ak peyi yo a.

17 Se konsa swasanteyinyèm ane gouvènman jij yo te fini.

18 Epi, se te konsa, nan swasann-dezyèm ane gouvènman jij yo, Mowoniya pa t kapab pran okenn pye sou Lamanit yo ankò.

19 Se poutèt sa, yo te abandone plan yo te genyen pou yo te pran rès tè yo, paske Lamanit yo te tèlman anpil, li te vin enposib pou Nefit yo te gen plis pouvwa sou yo; se poutèt sa, Mowoniya te anplwaye tout lame li yo pou l te kapab kenbe pati li te pran yo.

20 Epi, se te konsa, poutèt Lamanit yo ki te anpil, Nefit yo te gen anpil laperèz pou Lamanit yo pa t pran pouvwa sou yo, pou yo pa t pilonnen yo anba pye, pou yo pa mouri epi pou yo pa detwi.

21 Wi, yo te kòmanse sonje pwofesi Alma yo ak pawòl Mozya yo; e yo te wè yo te yon pèp ki gen kou rèd, epi yo pa t pran kòmandman Bondye yo pou anyen;

22 Epi, yo te chanje alalwa Mozya yo e yo te pilonnen yo, oubyen, kòmandman Senyè a te bay pèp la; e yo te wè lalwa yo te vin kowonpi, epi yo te vin tounen yon pèp mechan tankou Lamanit yo.

23 Epi, poutèt inikite yo, legliz la te kòmanse adejenere, e yo te kòmanse pa kwè nan lespri pwofesi ak lespri revelasyon, e jijman Bondye t ap fikse gade yo nan je.

24 Epi, yo te wè yo te avin fèb tankou Lamanit yo, ki te frè yo, e Lespri Senyè a pa t prezève yo ankò; wi, li te sòti nan pami yo, paske bLespri Senyè a pa rete nan tanp ki pa csen

25 Se poutèt sa, Senyè a te sispann prezève yo avèk pouvwa mirak san parèy li a, paske yo te tonbe nan yon eta aenkredilite ak mechanste terib, yo te wè Lamanit yo te tèlman anpil pase yo, e si yo pa t bpanche sou Senyè a, Bondye yo a, yo t ap peri kanmèm.

26 Paske gade, yo te wè Lamanit yo te gen menm kantite fòs ak yo, menm lè yo ta mete chak Lamanit devan yon Nefit. Epi Konsa, yo te tonbe nan gwo transgresyon sa a; wi, konsa yo te vin fèb poutèt transgresyon yo te fè nan yon atikras tan.