Ekriti yo
Elaman 8


Chapit 8

Jij kowonpi yo chèche leve pèp la kont Nefi, Abraram, Moyiz, Zenòs, Zenòk, Ezyas, Ezayi, Jeremi, Leyi ak Nefi, yo tout temwaye konsènan Kris la—Pa enspirasyon, Nefi anonse, yo gen pou yo asasinen jij anchèf la. Anviwon 23–21 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, lè Nefi te fin di pawòl sa yo, te gen jij ki te fè pa ti nan bann sekrè Gadyanton an, yo te fache e yo te pouse dife kont Nefi, e pèp la di: Poukisa nou pa mete men sou nonm sa a, pote l vini pou l kapab kondane daprè krim li te fè?

2 Poukisa n ap gade nonm sa a, e n ap koute l k ap fè revòlt kont pèp sa a ak lalwa nou yo?

3 Paske gade, Nefi te pale yo konsènan koripsyon lalwa yo a; wi, Nefi te pale yo konsènan anpil bagay ki pa t kapab ekri; e li pa t di anyen ki kontrè ak kòmandman Bondye yo.

4 Epi, jij sa yo te fache kont li paske li te apale yo klè konsènan zèv tenèb yo; men, yo pa t pran chans mete men sou li, yo te krenn pou pèp la pa rele kont yo.

5 Gade, se poutèt sa, yo rele bay pèp la, yo te di: Poukisa nou kite nonm sa a revòlte kont nou? Paske gade, li kondane tout pèp la pou destriksyon; wi, gwo vil nou yo ap sòti nan men nou pou nou pa gen plas ladan yo ankò.

6 Epi kounyeya, nou konnen bagay sa yo enposib paske nou gen pouvwa, e vil nou yo gran, se poutèt sa, ènmi yo pa kapab gen pouvwa sou nou.

7 Se te konsa, yo te soulve pèp la nan kòlè kont Nefi, e yo te kòmanse yon chirepit nan pami yo; paske te genyen nan pami yo ki te di: Kite nonm sa a anrepo, paske li se yon bon moun, epi bagay li di yo ap rive tout bon si nou pa repanti;

8 Wi gade, tout jijman li te temwaye yo ap vini sou nou; paske nou konnen li te temwaye nou verite konsènan inikite nou yo. Epi gade yo anpil, epi menm jan li akonnen tout bagay k ap tonbe sou nou, se konsa nou konnen inikite nou yo;

9 Wi, e gade si l pa t yon pwofèt, li pa t ap kapab temwaye kont bagay sa yo.

10 Epi, se te konsa, moun sa yo ki te vle detwi Nefi yo, te oblije pa t kapab leve men sou li poutèt yo te pè; se poutèt sa, li te kòmanse pale ak yo ankò, li te wè kèk ladan yo te tèlman an favè li, rès yo te pè.

11 Se poutèt sa, li te oblije pale plis avèk yo, li te di: Gade, frè m yo, èske nou pa t li kote Bondye bay yon nonm pouvwa, Moyiz menm, Li te ba li pouvwa pou l frape dlo aLanmè Wouj la, e yo te tèlman separe fè de, Izrayelit yo ki te zansèt nou yo te travèse sou tè sèch epi dlo a te fèmen, epi l te anglouti lame Ejipsyen yo?

12 Epi kounyeya gade, si Bondye te bay nonm sa a yon pouvwa konsa, poukisa n ap diskite youn ak lòt pou nou kapab di li pa ban m pouvwa pou m kapab konnen jijman k ap tonbe sou nou si nou pa repanti?

13 Men gade, non sèlman nou nye pawòl mwen yo, men tou, nou nye pawòl zansèt nou yo ak pawòl nonm sa a, Moyiz, ki te resevwa gwo pouvwa sa a; wi, pawòl li te pale konsènan Mesi a ki gen pou l vini an.

14 Wi, èske li pa t temwaye Pitit Gason Bondye a gen pou l vini? Epi, menm jan li ate leve sèpan eren an nan dezè a, se konsa moun k ap vini an gen pou l leve.

15 Epi, menm jan tout moun ki te leve tèt gade sèpan an te aviv, se konsa tout moun ki gade Pitit Gason Bondye a ak lafwa, si yo gen yon lespri kontri, y ap bviv, menm nan lavi etènèl.

16 Epi kounyeya gade, non sèlman Moyiz te temwaye konsènan bagay sa yo, men tou, atout pwofèt ki sen nan tan li a jouk nan tan Abraram nan.

17 Wi, e gade aAbraram te wè li t ap vini e Abraram te chaje ak lajwa, li te rejwi.

18 Wi, e gade m ap di nou, se pa sèlman Abraram ki te konnen bagay sa yo, men, ate gen anpil moun anvan tan Abraram nan ki te gen apèl nan blòd Bondye a; wi, daprè lòd Pitit Gason li a; se pou pèp li a te kapab wè, anpil milye ane anvan l te vini, redanmsyon t ap vin jwenn yo.

19 Epi kounyeya, m vle nou konnen, menm depi epòk Abraram nan, te gen anpil pwofèt ki te temwaye bagay sa yo; wi, pwofèt aZenòs te temwaye byen klè, se poutèt sa yo te touye l.

20 Epi, aZenòk, Ezyas, bEzayi ak Jeremi tou, (cJeremi te menm pwofèt ki te temwaye destriksyon dJerizalèm nan) e kounyeya, nou konnen Jerizalèm te detwi daprè pawòl Jeremi yo. O kounyeya, poukisa Pitit Gason Bondye a pa ta vini daprè jan l te pwofetize a?

21 Epi kounyeya èske n ap demanti destriksyon aJerizalèm nan? Èske nou kapab di tout bpitit gason Sedesyas yo pa t mouri, eksepte cMelèk? Wi, èske nou pa wè desandan Sedesyas yo avèk nou epi moun te chase yo sòti nan peyi Jerizalèm nan? Men, sa se pa tout—

22 Yo te chase papa nou, Leyi sòti nan peyi Jerizalèm poutèt li te temwaye konsènan bagay sa yo. Nefi te temwaye konsènan bagay sa yo tou e tout zansèt nou yo tou, menm jouk kounyeya; wi, yo te temwaye konsènan Kris la k ap avini an, yo te espere e yo te rejwi nan jou li a k ap vini an.

23 Epi gade li se Bondye, li avèk yo e li te fè yo wè l, li te rachte yo; e yo te louwe non l poutèt sa ki gen pou fèt la.

24 Epi kounyeya, kòm nou konnen bagay sa yo, nou pa kapab nye yo san fè manti, se poutèt sa, nan bagay sa a, nou fè peche, paske nou rejte tout bagay sa yo, malgre tout prèv nou resevwa; wi, nou resevwa atout bagay, ni bagay nan syèl ak tout bagay sou tè a ki temwaye bagay sa yo se vre.

25 Men gade, nou rejte verite a, e nou fè arebèlyon kont Bondye nou an ki sen; menm kounyeya, tan pou nou ta ranmase btrezò nan syèl la, kote okenn bagay pa pouri, e kote okenn bagay sal pa kapab antre, n ap anpile kòlè sou tèt pa nou, pou jou cjijman an.

26 Wi, kounyeya menm, nou mi poutèt asasina, afònikasyon ak mechanste nou yo pou destriksyon etènèl la; wi, si nou pa repanti, l ap vini sou nou talè konsa.

27 Wi, gade kounyeya, li tou pre nou; wi, ale nan fotèy jijman an, e chèche; yo te masakre jij nou an, e li akouche nan san l; se bfrè l la ki touye l, li bezwen pran fotèy jijman an.

28 Epi gade, yo tou de fè pati nan bann sekrè Gadyanton te afonde ak malen k ap chèche detwi nanm lèzòm yo.