Ekriti yo
Elaman 9


Chapit 9

Mesaje yo jwenn jij anchèf la mouri nan fotèy jijman an—Yo fèmen nan prizon, epi yo lage yo apre—Pa enspirasyon, Nefi idantifye Seyantòm ki se asasen an—kèk moun aksepte Nefi kòm pwofèt yo. Anviwon 23–21 anvan Jezikri.

1 Gade, kounyeya, se te konsa, lè Nefi te fin pale pawòl sa yo, kèk moun ki te nan pami yo te kouri al nan fotèy jijman an; wi, te menm gen senk ki t ale e pandan yo t ap prale, yo te di antre yo:

2 Gade kounyeya, nou pral konnen tout bon si nonm sa a se yon pwofèt epi si Bondye te kòmande l pou l pwofetize gwo bagay sa yo ban nou. Gade nou pa kwè Bondye te kòmande l; wi nou pa kwè li se yon pwofèt; men, si bagay li di konsènan jij anchèf la vre, si l mouri, lè sa a, n ap konnen li te di verite.

3 Epi, se te konsa, yo te kouri ak tout vitès, e yo t al nan fotèy jijman an; jij anchèf la te atè a e li te akouche nan san l.

4 Epi kounyeya gade, lè yo te wè sa, yo te tèlman sezi, yo te tonbe atè; paske yo pa t kwè bagay Nefi te di konsènan jij anchèf la.

5 Men kounyeya, lè yo te wè, yo te kwè e lakrent te anvayi yo, yo te pè pou jijman Nefi te pale yo a pa t tonbe sou pèp la; se poutèt sa, yo te tranble e yo tonbe atè.

6 Kounyeya, menm lè yo te fin asasinen jij la—frè l la te ponyade l an sekrè, li te sove, e sèvitè jij la te kouri al di pèp la, se sa ki fè pèp la te rele: bare asasen!

7 Epi gade, pèp la te rasanble ansanm bò fotèy jijman an—yo te etone lè yo te wè senk moun yo ki te tonbe atè a.

8 Epi kounyeya gade, pèp la pa t konnen anyen konsènan foul moun ki te nan ajaden Nefi a; se poutèt sa, yo te di poutèt pa yo: Se moun sa yo ki te asasinen jij la, e Bondye te frape yo pou yo pa kapab kouri devan nou.

9 Epi, se te konsa, yo te pran yo, yo te mare yo e yo te jete yo nan prizon. Epi yon pwoklamasyon te fè tout kote konnen moun ki te asasinen jij la, yo te pran asasen yo, e yo te jete yo nan prizon.

10 Epi, se te konsa, nan demen, pèp la te rasanble ansanm pou yo kriye, e pou yo ajene nan antèman jij anchèf la, moun yo te asasinen an.

11 Epi, jij yo ki te nan jaden Nefi a tou, e ki te tande pawòl li yo, te rasanble ansanm nan antèman an.

12 Epi, se te konsa, yo t ap mande pèp la enfòmasyon, yo te di: Kote senk moun yo ki t ale pou konnen si jij anchèf la te mouri a? Epi yo te reponn: Nou pa konnen zafè senk moun nou di nou te voye yo, men, gen senk moun ki se asasen, nou jete yo nan prizon.

13 Epi, se te konsa, jij yo te mande pou yo mennen yo vini, e yo te mennen yo vini; se te senk moun ki t ale yo; jij yo te poze yo kesyon konsènan bagay la, e senk moun yo te di jij yo tout sa yo te fè; yo te di:

14 Nou te kouri, nou t ale nan fotèy jijman an, e lè nou te wè tout bagay jan Nefi te temwaye a, nou te tèlman sezi, nou te tonbe atè; epi lè nou te gen konesans, nou te wè nou nan prizon.

15 Kounyeya, si se pou asasina nonm sa a, nou pa konnen kiyès ki te fè sa; sèlman nou konnen, nou te kouri ale jan nou te mande nou an, e li te mouri jan Nefi te di a.

16 Epi kounyeya, se te konsa, jij yo te esplike pèp la bagay la e yo te rele kont Nefi, yo te di: Nou konnen Nefi sa a te ranje avèk yon moun pou asasinen jij la, pou l kapab di nou sa, pou l kapab konvèti nou nan lafwa li a, pou l kapab leve tèt li tankou yon nonm fò Bondye te chwazi, tankou yon pwofèt.

17 Epi kounyeya gade, n ap detekte nonm sa a, l ap konfese fòt li a, e l ap fè nou konnen tout bon ki moun ki te asasinen jij sa a.

18 Epi, se te konsa, yo te libere senk moun jou antèman an. Men, yo te repwoche jij yo poutèt pawòl jij yo te pale kont Nefi yo, e yo te diskite avèk jij yo youn apre lòt jistan yo te konfonn jij yo.

19 Men, jij yo te fè pran Nefi, yo te mare l e yo te mennen l devan foul la. Yo te kòmanse poze l kesyon nan anpil fason pou yo ta kapab konfonn li, epi pou yo ta akize l kòm asasen—

20 Yo te di l: Ou se konplis; kiyès moun ki te fè asasina sa a? Kounyeya di nou, aksepte fòt ou; yo te di: gade men lajan; e n ap ba w lavi si w di nou, e si w aksepte aranjman ou te fè avèk li a.

21 Men, Nefi te di yo: O, bann aensanse, nou ki pa sikonsi nan kè nou, e ki sa yon pèp ki gen bkou rèd, èske nou konnen konbyen tan Senyè Bondye nou an ap kite nou kontinye nan chemen peche nou an?

22 Nou te dwe kòmanse rele, akriye pou gwo destriksyon k ap ret tann nou kounyeya, si nou pa repanti.

23 Gade, nou di, m te ranje avèk yon nonm pou l asasinen Sizoram, jij anchèf nou an. Men gade, m ap di nou, m te temwaye nou pou nou te kapab konnen bagay sa a; wi, se yon temwayaj m te rann nou, pou montre nou m konnen mechanste ak abominasyon ki nan pami nou.

24 Epi, poutèt m te fè sa, nou di m te ranje avèk yon nonm pou l kapab fè sa; wi, poutèt m te montre nou yon siy, nou vle detwi lavi m.

25 Epi kounyeya gade, m ap ba nou yon lòt siy pou m wè si n ap chèche detwi m ankò.

26 Gade, m ap di nou: Ale lakay Seyantòm, afrè Sizoram nan epi di l—

27 Èske Nefi, ki pretann li se pwofèt la, e ki pwofetize tout malè sa yo kont pèp la te ranje ak ou pou w te asasinen Sizoram, frè w la?

28 Epi gade, l ap di w non.

29 Epi, di l: Èske w te asasinen frè w la?

30 Epi, l ap kanpe ak lakrent, e li p ap konnen kisa pou l di. L ap nye bagay sa a devan nou, epi l ap fè tankou l sezi, e l ap di nou li inosan.

31 Men gade, n ap egzamine l, e n ap jwenn san nan pwent wòb li.

32 Epi, lè nou wè bagay sa a, di l: Kote san sa a soti? Èske nou pa konnen se san frè w la?

33 Epi, lè sa a, l ap tranble e figi l ap chanje, tankou lanmò te vini sou li.

34 Epi lè sa a, di: Poutèt ou pè, e poutèt figi w chanje, nou konnen w antò.

35 Epi, lè sa a l ap vin pi pè, e l ap di nou, li p ap plede ankò, l ap di se li ki te fè asasina sa a.

36 Epi, lè sa a, l ap di nou, mwen menm Nefi, m pa konnen anyen nan bagay sa a, eksepte si pouvwa Bondye fè m konnen l. Epi lè sa a, n ap konnen m se yon nonm onèt, e se Bondye ki voye m ba nou.

37 Epi, se te konsa, yo t ale e yo te fè jan Nefi te di yo a; epi gade pawòl li te di yo a te vre; paske, daprè pawòl li yo, Seyantòm te nye e daprè pawòl yo, li te konfese.

38 Epi, Seyantòm te vin konfime li te yon asasen tout bon an; senk moun yo te lage, e Nefi te lage tou.

39 Epi, te gen kèk nan Nefit yo ki te kwè nan pawòl Nefi yo; e te gen kèk tou, ki te kwè poutèt temwayaj senk moun yo, paske yo te konvèti nan prizon an.

40 Epi, kounyeya, te gen kèk moun nan pami pèp la, ki te di Nefi se yon pwofèt.

41 Epi tou, te gen lòt ki te di: Gade, li se yon bondye, paske si l pa t yon bondye li pa t ap kapab konnen tout bagay sa yo. Paske gade li te di nou panse ki nan kè nou, e li te di nou anpil bagay; epi li te menm fè nou konnen tout bon, asasen jij anchèf nou an.