Ekriti yo
Jakòb 6


Chapit 6

Senyè a pral restore Izrayèl nan dènye jou yo—Mond lan pral boule ak dife—Lèzòm dwe suiv Kris la pou yo kapab evite lak dife ak souf la. Anviwon 544–421 anvan Jezikri.

1 Epi gade, frè m yo, kòm m te di nou m ta pral pwofetize, men pwofesi m nan—Bagay pwofèt aZenòs te pale konsènan kay Izrayèl la, lè l te konpare l avèk yon bon pye oliv la, bagay sa yo dwe rive sètènman.

2 Epi lejou li lonje men l yon dezyèm fwa pou l arestore pèp li a, se jou sa a, wi, menm dènye fwa bsèvitè Senyè a yo prale avèk cpouvwa li, pou yo dnouri e pou yo taye ejaden li a; e apre sa, flafen an pral rive talèkonsa.

3 Moun ki travay nan jaden li a avèk dilijans, yo beni anpil; e moun yo chase nan kote pa yo a, yo modi anpil! Epi mond lan pral aboule ak dife.

4 Epi, ala Bondye nou an gen anpil mizèrikòd pou nou, paske li sonje kay aIzrayèl la, ni rasin ak branch yo; li lonje bmen l ba yo tout la jounen; men se yon cpèp ki gen kou rèd epi ki kontradiktè; sepandan, tout moun ki pa fè kè yo di, yo pral sove nan wayòm Bondye a.

5 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, m priye nou avèk pawòl serye pou nou ta repanti, pou vini avèk yon kè ki sensè e pou nou akole ak Bondye, menm jan li kole ak nou an. Epi, pandan bbra mizèrikòd li louvri ba nou pandan li fè jou a, pa fè kè nou di.

6 Wi, jodi a, si nou tande vwa li, pa fè kè nou di; paske, poukisa pou nou amouri?

7 Paske gade, apre nou fin nouri ak bon pawòl Bondye a tout jounen an, èske nou vle bay move fwi, pou l kapab akoupe nou voye n jete nan dife?

8 Gade, èske nou rejte pawòl sa yo? Èske n ap rejte pawòl pwofèt yo; e èske n ap rejte tout pawòl ki te pale konsènan Kris la, apre tout moun sa yo te fin pale konsènan li; epi nye bon pawòl Kris la, ak pouvwa Bondye a, ak adon Sentespri a, èske n ap toufe Lespri Sen an, ak gwo plan redanmsyon ki te fèt pou nou an?

9 Èske nou pa konnen, si nou fè bagay sa yo, pouvwa redanmsyon ak rezirèksyon ki nan Kris la ap mennen nou kanpe ak lawont, epi ak aremò terib devan btribinal Bondye a?

10 Epi daprè pouvwa alajistis la, paske pèsonn pa kapab nye lajistis, ou dwe ale nan blak dife ak souf ki gen flanm ki p ap janm etenn yo, ak lafimen ki pral monte pou tout tan an; lak dife ak souf sa a, ki se ctouman san dfinisman an.

11 Kounyeya, frè byenneme m yo, repanti, epi antre nan apòt etwat la, e kontinye nan wout ki kwense a jistan nou gen lavi etènèl.

12 O, sa a se alasajès; kisa m kapab di anplis?

13 Finalman, m di nou orevwa jistan m rankontre nou devan bèl tribinal plezan Bondye a, tribinal sa a ki frape mechan yo avèk alaperèz epi avèk lakrent terib. Amèn.