Ekriti yo
Jakòb 7


Chapit 7

Cherèm nye Kris la, li goumen ak Jakòb, li mande yon siy, epi Bondye chatye l—Tout pwofèt yo te pale konsènan Kris la ak Ekspyasyon Li a—Nefit yo viv tankou nomad, yo fèt nan tribilasyon, epi Lamanit yo rayi yo. Anviwon 544–421 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, apre kèk ane te fin pase, yon nonm ki rele Cherèm te vini nan pami pèp Nefi a.

2 Epi, se te konsa, li te kòmanse preche nan pami pèp la e li te deklare yo p ap gen okenn Kris. Epi li te preche anpil bagay pou flate pèp la; e li te fè sa pou l te kapab detwi doktrin Kris la.

3 Epi, li te travay avèk dilijans pou l te ka detounen kè pèp la, jiskaske l te detounen anpil kè; e paske li te konnen, mwen menm Jakòb, m te gen lafwa nan Kris ki gen pou l vini an, li te chèche anpil okazyon pou l kapab rankontre m.

4 Epi, li te save, li te gen yon konesans pafè nan lang pèp la; se poutèt sa, li te kapab itilize anpil flatri ak pouvwa pawòl konvenkan, daprè pouvwa dyab la.

5 Epi, li te espere ebranle m, malgre anpil arevelasyon ak anpil bagay m te wè konsènan bagay sa yo; paske gade, m te wè zanj yo, e yo te pale avèk mwen. Epi tanzantan, m te tande vwa Senyè a pale avèk mwen avèk pawòl ki reyèl; se poutèt sa, li pa t kapab ebranle m.

6 Epi, se te konsa, li te vin jwenn mwen, epi li te pale avèk mwen konsa, li te di: Frè Jakòb, m te chèche anpil okazyon pou m te kapab pale avè w; paske m tande e m konnen ou mache toupatou, pou w pou preche sa w rele levanjil oswa doktrin Kris la.

7 Epi ou egare anpil moun nan pami pèp la, ou fè yo kite bon chemen Bondye a, e yo apa respekte lalwa Moyiz la, ki se bon chemen an; e w vire lalwa Moyiz la pou w adore yon èt ou di ki pral vini nan plizyè santèn ane. Epi kounyeya gade, mwen menm Cherèm, m deklare w sa a se yon blasfèm; paske pa gen okenn moun ki konn bagay konsa; paske li bpa kapab pale konsènan bagay ki gen pou rive. Epi se konsa Cherèm te lite kont mwen.

8 Men gade, Senyè Bondye a te tèlman devèse aLespri l sou mwen, m te konfonn li nan tout pawòl li yo.

9 Epi, m te di l: Èske w nye Kris la ki pral vini an? Epi, li te di: Si ta gen yon Kris ki egziste, m pa t ap nye l; men, m konnen pa gen okenn Kris, pa t janm gen youn ni p ap janm gen youn.

10 Epi, m te di l: Èske w kwè ekriti yo? Epi, li di, Wi.

11 Epi, m di l: Enben, ou pa konprann yo; paske yo reyèlman temwaye konsènan Kris la. M di w, pa gen yon pwofèt ki ekri, ni apwofetize san yo pa t pale konsènan Kris sa a.

12 Epi, se pa sa sèlman—m te resevwa manifestasyon, paske m te tande, m te wè; e apouvwa Sentespri a te manifeste l ban mwen; se poutèt sa, m konnen, si okenn ekspyasyon pa t fèt, tout limanite t ap bpèdi.

13 Epi, se te konsa, li te di m: Montre m yon asiy pa pouvwa Sentespri a ou konnen tèlman an.

14 Epi, m te di l: Kisa m ye pou m ta tante Bondye, pou l ta ba w yon siy sou bagay ou konnen ki avre yo? Malgre sa, ou t ap nye l, paske se bdyab la ki voye w. Men, se pa volonte pa m; men si Bondye frape w, sa pral sèvi yon siy pou montre w li gen pouvwa, ni nan syèl ak sou tè a; epi tou Kris la pral vini. Epi, O Senyè, se pou volonte w fèt, non pa volonte pa m.

15 Epi, se te konsa, lè mwen menm Jakòb, m te fin pale pawòl sa yo, pouvwa Senyè a te sitèlman desann sou li, ke l te tonbe atè a. Epi, se te konsa, yo te pran swen l pandan anpil jou.

16 Epi, se te konsa, li te di pèp la: Rasanble ansanm demen, paske m pral mouri; se poutèt sa, m vle pale avèk nou anvan m mouri.

17 Epi, se te konsa, nan demen, anpil moun te rasanble ansanm; e li te pale avèk yo klè, epi li te nye bagay li te preche yo, li te fè konfesyon konsènan Kris la, ak pouvwa Sentespri a, ak ministè zanj yo.

18 Epi, li te pale avèk yo klè pou l fè yo akonnen pouvwa bdyab la te twonpe l. Epi, li te pale konsènan lanfè, ak letènite, ak pinisyon etènèl.

19 Epi, li te di: M pè pou m pa t fè apeche enpadonab la, paske m te bay Bondye manti; paske m te nye Kris la, e m te di, m te kwè nan ekriti yo; e yo rann temwayaj konsènan li reyèlman. Epi paske m te bay Bondye manti konsa, m pè anpil pou ka m pa bgrav; men m konfese devan Bondye.

20 Epi, se te konsa, lè l te fin di pawòl sa yo, li pa t kapab pale plis, e li te arann souf li.

21 Epi, lè anpil anpil moun yo te wè l te pale pawòl sa yo, pandan li ta pral rann souf li a, yo te etone anpil; tèlman, pouvwa Bondye a te desann sou yo, yo te afebli, yo te tonbe atè a.

22 Kounyea bagay sa a te fè m plèzi, mwen menm Jakòb, paske m te mande Papa m ki nan syèl la; e li te tande siplikasyon m, epi li te reponn priyè m.

23 Epi, se te konsa, lapè ak lanmou Bondye te restore nan pami pèp la ankò; e yo te afouye ekriti yo, e yo pa t koute pawòl nonm mechan sa a ankò.

24 Epi, se te konsa, anpil mwayen te fèt pou arefòme e pou restore Lamanit yo nan konesans verite a; men, se te banven, paske yo te pran plezi nan clagè ak dmasak, e yo te gen yon erayiman etènèl kont noumenm, frè yo. Epi, avèk pouvwa zam yo genyen, yo te chèche tout tan pou detwi nou.

25 Se poutèt sa, pèp Nefi a te fòtifye l kont yo avèk zam pa yo, avèk tout pouvwa yo, yo te kwè nan Bondye ki se awòch sali yo a; se poutèt sa, yo te vin gen viktwa sou ènmi yo.

26 Epi, se te konsa, mwen menm Jakòb, m te kòmanse vyeyi; e rejis pèp sa a te sere sou alòt plak Nefi yo, se poutèt sa, m fini rejis sa a, m fè konnen m te ekri daprè konesans pa m, m vle di konsa, tan an te pase, e blavi nou te pase tankou yon rèv, nou menm ki izole, ki se yon pèp ki tris, yon pèp nomad, yo te chase nan Jerizalèm, ki fèt nan tribilasyon, nan yon dezè, e frè nou yo rayi nou, sa ki te lakòz lagè ak chirepit; se poutèt sa, nou te pase lavi nou nan tristès.

27 Epi, mwen menm Jakòb, m te wè m dwe desann nan tonm mwen talèkonsa; se poutèt sa, m te di aEnòs, pitit gason m nan: Pran plak sa yo. Epi m te di l bagay Nefi, frè m nan, te bkòmande m yo, e li te pwomèt obeyisans nan kòmandman yo. Epi, m sispann ekri sou plak sa yo, ekriti yo pa t anpil; m di moun k ap li yo orevwa, m swete anpil nan frè m yo li pawòl mwen yo. Frè m yo, orevwa.