Ekriti yo
Mowoni 1


Liv Mowoni an

Chapit 1

Mowoni ekri nan enterè Lamanit yo—Nefit ki pa vle nye Kris la yo, pase anba lanmò. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 Kounyeya, mwen menm aMowoni, lè m te fin fè rezime istwa pèp Jarèd la, m te panse m pa ta p ekri plis, men, m poko peri; e m pa kite Lamanit yo konnen m pou yo pa detwi m.

2 Paske gade, alagè yo feròs anpil nan pami yo; e poutèt rayiman yo, yo btouye tout Nefit ki pa t vle nye Kris la.

3 Epi mwen menm, Mowoni, m p ap anye Kris la; se poutèt sa, m ap pwomennen tout kote pou pwoteksyon lavi pa m.

4 Konsa, m ekri kèk lòt bagay, kontrèman avèk jan m te panse a; paske m pa t sipoze m t ap ekri plis; men, m ekri kèk bagay anplis, pou, petèt, yo kapab gen valè pou frè m yo, Lamanit yo, nan jou k ap vini yo, daprè volonte Senyè a.