Ekriti yo
Mowoni 5


Chapit 5

Fason pou administre diven sakreman an tabli. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 aFason pou administre diven an—gade, yo te pran vè a, e yo te di:

2 O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye adiven sa a pou nanm tout moun ki bwè ladan l, pou yo kapab fè sa nan bmemwa san Pitit Gason w lan, ki te koule pou yo; pou yo kapab rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo toujou sonje l, pou yo kapab gen Lespri l avèk yo. Amèn.