Ekriti yo
Mowoni 6


Chapit 6

Moun repanti yo batize epi yo entegre—Manm legliz ki repanti yo resevwa padon—Reyinyon yo dirije pa Sentespri a. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, m ap pale konsènan abatèm. Gade ansyen yo, prèt yo, e enstriktè yo te batize; e yo pa t batize san yo pa t pote fwi ki pwouve bdiyite yo pou sa.

2 Ni tou yo pa t resevwa pèsonn nan batèm san yo pa t vini avèk yon kè abrize e yon lespri kontri, e san yo pa t temwaye bay legliz la pou fè konnen yo te repanti nan peche yo tout bon.

3 Epi pèsonn pa t kapab batize san yo pa t apote non Kris la sou tèt yo, avèk yon detèminasyon pou sèvi l jiska lafen.

4 Epi lè yo te fin batize, yo te jwenn akseptasyon, e pouvwa Sentespri a te alave yo, yo te konte nan pami pèp legliz Kris la; e bnon yo te enskri pou legliz la te kapab sonje yo, nouri yo avèk bon pawòl Bondye a, pou kenbe yo nan bon chemen an, pou kenbe yo sou cgad yo nan priyè pou yo ddepann sèlman sou merit Kris la, ki te ekòmansman ak finisman lafwa yo.

5 Epi alegliz la te reyini ansanm bsouvan, pou cjene ak priye e pou pale yonn ak lòt konsènan byennèt nanm yo.

6 Epi yo te reyini ansanm souvan pou pataje pen ak diven, an memwa Senyè Jezi.

7 Epi yo te pran prekosyon egzat pou apa t gen inikite nan pami yo; e nenpòt moun yo te kenbe nan inikite, e si btwa temwen nan legliz la te akize yo devan cansyen yo, e yo pa t repanti, dkonfese, non yo te eefase, epi yo pa t konte nan pami pèp Kris la.

8 Men, achak fwa yo te repanti, e yo te mande padon avèk senserite, yo te bpadone yo.

9 Epi legliz la te adirije reyinyon yo daprè direksyon Lespri a, e avèk pouvwa bSentespri a; paske, jan pouvwa Sentespri a te dirije yo pou yo preche, egzòte, priye, sipliye oubyen chante, se konsa yo te fè.