Ekriti yo
Mowoni 7


Chapit 7

Yon envitasyon lanse pou antre nan repo Senyè a—Priye avèk entansyon reyèl—Lespri Kris la fè lèzòm konnen byen ak mal—Satan pèsyade lèzòm pou yo nye Kris la ak fè mal—Pwofèt yo revele aparisyon Kris la—Avèk lafwa, mirak fèt e zanj yo vin preche—Lèzòm te dwe espere nan lavi etènèl epi yo te dwe gen charite. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 Epi kounyeya, mwen Mowoni, m ekri kèk pawòl konsènan Mòmon, papa m, pawòl li te pale konsènan alafwa, esperans ak charite yo; paske se nan fason sa a li te pale pèp la, pandan li t ap preche yo nan sinagòg yo te bati pou yo fè adorasyon an.

2 Epi kounyeya, mwen Mòmon, m ap pale avèk nou, frè byenneme m yo; e se avèk gras Papa Bondye, ak Senyè Jezikri nou an, e avèk volonte sen li, poutèt aapèl li te ban mwen, m gen pèmisyon pou m pale avèk nou kounyeya.

3 Se poutèt sa, m ap pale avèk noumenm ki nan legliz la, noumenm ki se disip pèzib Kris yo, ki te resevwa ase esperans pou nou kapab antre nan arepo Senyè a, depi kounyeya jistan nou pral repoze avèk li nan syèl la.

4 Epi kounyeya, frè m yo, m panse bagay sa yo konsènan nou, poutèt jan n ap amache pèzib avèk pitit lèzòm.

5 Paske m sonje pawòl Bondye a ki di, se zèv yo k ap fè nou akonnen yo; paske si zèv yo bon, yo bon tou.

6 Paske gade, Bondye te di konsa yon moun amechan pa kapab fè bagay ki bon; paske si l ofri yon don, oubyen si l bpriye Bondye, san l pa fè sa avèk senserite, sa p ap itil li anyen.

7 Paske gade, se pa sa k ap fè l konsidere tankou yon moun ki jis.

8 Paske gade, si yon moun amechan fè yon don, l ap fè l avèk bde kè; se poutèt sa, se kòmsi li pa t fè kado a; se poutèt sa, Bondye konsidere l tankou yon mechan.

9 Epi menm jan an tou, yon moun konsidere tankou yon mechan si l priye asan senserite; wi, e sa pa sèvi l anyen, paske Bondye pa aksepte moun konsa.

10 Se poutèt sa, yon moun ki mechan pa kapab fè sa ki bon; ni tou, li pa p bay yon bon kado.

11 Paske reyèlman, yon move asous pa kapab bay bon dlo; ni tou, yon bon sous pa kapab bay dlo anmè; se poutèt sa, yon moun ki se sèvitè dyab la, li pa kapab suiv Kris la; e si l bsuiv Kris la, li pa kapab sèvitè dyab la.

12 Se poutèt sa, tout abon bagay sòti nan Bondye; e sa ki move sòti nan bdyab la; paske dyab la se ènmi Bondye, e l ap goumen avèk li tout tan, li envite e pouse moun nan cpeche, epi pou yo fè sa ki mal tout tan.

13 Men gade, sa ki sòti nan men Bondye envite e pouse moun pou yo fè byen tout tan; se poutèt sa, tout bagay ki envite e apouse moun fè byen, ak renmen Bondye, ak sèvi l, se benspirasyon Bondye.

14 Se poutèt sa, fè atansyon, frè byenneme m yo, pou nou pa panse amove bagay sòti nan men Bondye, oubyen pou nou pa panse bon bagay ki sòti nan men Bondye, sòti nan men dyab la.

15 Paske reyèlman, frè m yo, nou gen kapasite pou nou ajije; e fason pou nou konnen an klè, pou nou kapab konnen avèk yon konesans pafè, menm jan limyè lajounen an konpare avèk fènwa nan nuit.

16 Paske gade tout moun gen aLespri Kris la pou yo kapab bkonnen sa ki byen ak sa ki mal; se poutèt sa, m montre nou kòman pou nou jije; paske tout bagay ki envite lèzòm pou yo fè byen, e ki pèsyade yo pou yo kwè nan Kris la, se pouvwa ak don Kris la ki voye l; se poutèt sa w kapab konnen avèk yon konesans pafè, se nan Bondye li soti.

17 Men, nenpòt bagay ki pèsyade lèzòm pou yo fè amal, e pou yo pa kwè nan Kris la, epi pou yo nye l, e pou yo pa sèvi Bondye, nou kapab konnen avèk yon konesans pafè se nan men dyab la li soti; paske se konsa dyab la travay, paske li pa pèsyade pèsonn fè byen, non, pa menm yon sèl moun; ni zanj li yo tou; ni moun ki soumèt tèt yo anba l.

18 Epi kounyeya, frè m yo, fè yon jan pou nou konnen avèk ki limyè pou nou jije, limyè sa a se alimyè Kris la, fè yon jan pou nou pa jije mal; paske menm jan nou fè bjijman an se konsa tou n ap jije.

19 Se poutèt sa, m priye nou, frè m yo, pou nou kapab chèche avèk dilijans nan alimyè Kris la pou nou kapab konnen byen ak mal; e si nou aksepte tout bagay ki bon, san nou pa kondane l, sètènman, n ap vin tounen bpitit Kris la.

20 Epi kounyeya, frè m yo, kòman n ap fè aksepte tout bon bagay?

21 Epi kounyeya, m vini sou zafè lafwa m te di m gen pou m pale a; e m pral di nou kòman pou nou kapab aksepte tout bon bagay.

22 Paske gade, poutèt Bondye akonnen tout bagay depi nan letènite jouk nan letènite, gade, li te voye bzanj li yo pou preche pitit lèzòm, pou pale konsènan aparisyon Kris la; e se nan Kris la tout bon bagay pral vini.

23 Epi tou, Bondye te deklare pwofèt yo, avèk bouch pa l, Kris la te gen pou l vini.

24 Epi gade, te gen anpil fason li te fè pitit lèzòm konnen bagay ki bon; e tout bagay ki bon sòti nan Kris la; san sa, lèzòm t ap atonbe, e yo pa t ap kapab resevwa onkenn bon bagay.

25 Se poutèt sa, avèk ministè azanj yo, e avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye, lèzòm te egzèse lafwa nan Kris la; epi konsa, avèk lafwa, yo te aksepte tout bon bagay; e se konsa sa te ye jistan Kris la te vini.

26 Epi apre li te vini tou, lèzòm te sove avèk lafwa nan non l; e avèk lafwa, yo te tounen pitit Bondye. Epi menm jan Kris la vivan toutbon an se konsa li te pale zansèt nou yo pawòl sa yo, li te di: anenpòt bagay ki bon, nou mande Papa a nan non m, avèk lafwa, si nou kwè n ap resevwa l, gade n ap resevwa l.

27 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, èske amirak yo sispann poutèt Kris la te monte nan syèl la, e li chita bò kote dwat Bondye, pou l breklame nan men Papa a, dwa mizèrikòd li genyen sou pitit lèzòm?

28 Paske, li te satisfè egzijans lalwa a, e li reklame tout moun ki gen lafwa nan li; e moun ki gen lafwa nan li ap aaksepte tout bon bagay; se poutèt sa, li bplede kòz pitit lèzòm; e li rete nan syèl la etènèlman.

29 Epi poutèt li te fè sa, frè byenneme m yo, èske mirak yo sispann? Gade, m di nou, non; ni tou zanj yo pa sispann travay pou pitit lèzòm.

30 Paske gade, zanj yo soumèt yo devan l, pou yo travay daprè pawòl kòmandman li, pou yo fè moun ki gen anpil lafwa ak panse fèm nan tout fòm sentete wè yo.

31 Epi wòl yo nan travay la, se pou yo rele tout moun nan repantans, e pou akonpli ak fè travay alyans Papa a te fè avèk lèzòm nan, pou deklare pawòl Kris la bay vèsèl Senyè a chwazi yo, pou yo kapab rann temwayaj konsènan l.

32 Epi konsa, Senyè Bondye a prepare chemen an pou rès lèzòm yo kapab gen alafwa nan Kris la, pou Sentespri a kapab gen plas nan kè yo, daprè pouvwa l; e se konsa Papa a ap reyalize alyans li te fè avèk lèzòm nan.

33 Epi Kris la te di konsa: aSi nou gen lafwa nan mwen, n ap gen pouvwa pou nou fè nenpòt bagay m jije bnesesè.

34 Epi li te di konsa: aRepanti, nou menm tout kwen tè a, epi vin jwenn mwen, e batize nan non m, e gen lafwa nan mwen pou nou kapab sove.

35 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, si bagay m te pale nou yo se verite, e Bondye ap montre nou avèk apouvwa, e avèk gwo laglwa nan dènye bjou a, se verite yo ye, e si yo se verite, èske jou mirak yo fini?

36 Oubyen, èske zanj yo sispann fè pitit lèzòm wè yo? Oubyen, èske li awete pouvwa Sentespri a nan pami yo? Oubyen, èske l ap fè sa, tout tan lè a poko pase, oubyen tout tan tè a egziste, oubyen tout tan gen yon moun sou tè a pou sove?

37 Gade, m di nou, non; paske se lafwa ki mennen amirak; e se pa lafwa zanj yo parèt e fè travay pou preche lèzòm; se poutèt sa, si bagay sa yo sispann, malè lèzòm, paske se poutèt benkredilite, epi tout bagay anven.

38 Paske pèsonn moun pa kapab sove, daprè pawòl Kris la, si yo pa gen lafwa nan non l; se poutèt sa, si bagay sa yo sispann, lafwa sispann tou; e sitiyasyon lèzòm grav, paske se kòmsi okenn redanmsyon pa t fèt.

39 Men gade, frè byenneme m yo, m panse pi bon bagay konsènan nou, paske m panse nou gen lafwa nan Kris la poutèt nou dou; paske si nou pa gen lafwa nan li, nou pa akalifye pou nou fè pati nan pami pèp legliz li a.

40 Epi ankò, frè byenneme m yo, m ta vle pale avèk nou konsènan aesperans. Kòman nou kapab gen lafwa si nou pa gen esperans?

41 Epi, ki sa nou dwe aespere? Gade, m di nou, nou dwe gen besperans nan ekspyasyon Kris la ak pouvwa rezirèksyon li a, pou nou resisite nan clavi etènèl, e se poutèt lafwa nou nan li, daprè pwomès la.

42 Se poutèt sa, si yon moun gen alafwa, li bdwe gen esperans; paske san lafwa pa kapab gen okenn esperans.

43 Epi ankò, gade, m ap di nou, li pa kapab gen lafwa, si l pa adou epi si kè l pa bon.

44 Si se sa, alafwa l ak esperans li pa gen valè, paske pèsonn pa akseptab devan Bondye, eksepte si li dou e gen bon kè poze; e si yon moun dou e poze nan kè, e li bkonfese Jezi se Kris la avèk pouvwa Sentespri a, li dwe gen charite; paske si l pa gen charite, li pa anyen; se poutèt sa li dwe gen charite.

45 Epi acharite gen pasyans, li janti, li pa gen banvi, li pa chaje avèk lògèy, li pa chèche enterè pa l, li pa fache fasil, li pa panse mal, li pa pran plèzi nan inikite, men, li pran plèzi nan verite, li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire nan tout bagay.

46 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, si nou pa gen charite, nou pa anyen, paske charite pa janm peri. Se poutèt sa, apiye sou charite, ki se pi gwo don pase tout lòt, paske tout bagay gen pou peri.

47 Men, acharite se blanmou pi Kris la, e li dire pou tout tan; e nenpòt moun ki genyen l nan dènye jou a, l ap bon pou li.

48 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, apriye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè bdisip Pitit Gason li a, Jezikri; pou nou kapab vin tounen pitit Bondye; pou lè l parèt, pou nou kapab ctankou l, paske n ap wè l jan li ye a; pou nou kapab gen esperans sa a; pou nou dpirifye menm jan li pi a. Amèn.