Ekriti yo
Mozya 10


Chapit 10

Wa Laman mouri—Pèp li a sovaj, ak fewòs e yo kwè nan move tradisyon—Zenif ak pèp li a defann tèt yo kont li. Anviwon 187–160 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, nou te rekòmanse tabli wayòm nan ankò, nou te rekòmanse posede peyi a nan lapè. Epi, m te fè yo fè tout kalite zam pou lagè, pou m te kapab gen zam pou pèp mwen an pou lè Lamanit yo ta vin fè lagè avèk pèp mwen an.

2 Epi, m te mete gad tout alantou peyi a pou Lamanit yo pa t vin detwi nou san avèti; se konsa m te veye pèp mwen ak bèt mwen yo pou yo pa t tonbe nan men ènmi nou yo.

3 Epi, se te konsa, nou te eritye tè zansèt nou yo pandan anpil ane, wi, pandan vennde zan.

4 Epi, m te fè gason yo laboure tè a, e plante tout kalite agrenn ak tout kalite fwi.

5 Epi, m te fè fi yo trese, m te fè yo travay anpil, m te fè yo fè tout kalite twal, wi, ak tout kalite arad pou nou kapab kouvri touni nou; se konsa nou te pwospere nan peyi a—Se konsa nou te nan lapè tout tan pandan vennde ane.

6 Epi, se te konsa, wa aLaman te mouri, e pitit gason l lan te kòmanse gouvène nan plas li. Epi, li te kòmanse pouse pèp li a nan rebelyon kont pèp mwen an; se poutèt sa, yo te kòmanse prepare pou lagè, pou yo vin goumen avèk pèp mwen an.

7 Men, m te voye espyon nan lantouraj peyi aChèmlon an pou m te kapab dekouvri preparasyon yo pou m te kapab veye, pou yo pa t vin detwi pèp mwen an.

8 Epi, se te konsa, yo te monte nan nò peyi Chilòm nan ak tout kantite gason ki te aame avèk bflèch, ak epe, ak kouto ak wòch ak fistibal; e tèt yo te kale, san cheve, e te gen yon sentiwon kui nan ren yo.

9 Epi, se te konsa, m te fè fi ak timoun nan pèp mwen yo kache nan dezè a; epi tout granmoun ak tout jèn gason ki te kapab pote zam, m te fè yo rasanble ansanm pou goumen ak Lamanit yo, epi m te mete yo nan lòd; chak moun daprè laj yo.

10 Epi, se te konsa, nou te monte a l goumen ak Lamanit yo; e mwen menm, menm mwen ki fin granmoun, m te a l goumen ak Lamanit yo. Epi, se te konsa, nou te al goumen avèk afòs Senyè a.

11 Lamanit yo pat konn anyen nan zafè Senyè a ni yo pa t konn fòs Senyè a. Se poutèt sa, yo te konte sou fòs pa yo. Se te yon pèp fò, daprè fòs lèzòm.

12 Se te yon pèp asovaj, fewòs, sanginè, yo te kwè nan btradisyon zansèt yo; ki vle di—Yo te kwè moun te chase yo nan peyi Jerizalèm poutèt inikite zansèt yo, e frè yo te maltrete yo nan dezè a ak lè yo t ap travèse lanmè a;

13 Epi, ankò moun te maltrete yo nan apremye peyi yo te eritye a, apre yo te fin travèse lanmè a; tout bagay sa yo te pase paske Nefi te gen plis lafwa nan respekte kòmandman Senyè a yo—se poutèt sa, Senyè a te bfavorize l, paske Senyè a te tande priyè l, e li te reponn yo, e li te dirije vwayaj yo nan dezè a.

14 Epi, frè l yo te fache kont li paske yo pa t akonprann travay Senyè a; yo te bfache kont li sou lanmè a tou paske yo te fè kè di kont Senyè a.

15 Epi, ankò, yo te fache kont li lè yo te rive nan tè pwomiz la, paske yo te di li te pran adireksyon pèp la nan men yo; e yo te eseye touye l.

16 Epi, ankò, yo te fache kont li paske li te pati nan dezè a jan Senyè a te kòmande l la, e li te pran arejis ki te ekri sou plakderen yo paske yo te di li te bvòlè yo.

17 Se konsa, yo te ansenye pitit yo pou yo rayi yo, pou yo asasinen yo, pou yo vòlè ak dechèpiye yo, e pou yo fè tout sa yo kapab pou detwi l; se poutèt sa, yo gen yon rayiman etènèl pou desandan Nefi yo.

18 Se poutèt rezon sa a menm wa Laman avèk riz li, ak manti, mètdam li, ak bèl pwomès li, li te twonpe m pou m mennen pèp mwen an nan peyi sa a, pou l te kapab detwi yo; wi, e nou te soufri tout tan sa a nan peyi a.

19 E kounyeya, mwen menm, Zenif, lè m te fin di pèp mwen an tout bagay sa yo konsènan Lamanit yo, m te ankouraje yo pou y a l batay avèk pouvwa yo, pou yo mete konfyans yo nan Senyè a; se poutèt sa, nou goumen avèk yo fasafas.

20 Epi, se te konsa, nou te pouse yo deyò nan peyi nou an ankò; e nou te tèlman touye yo ak raj, nou pa t kapab konte yo.

21 Epi, se te konsa, nou te retounen nan peyi nou ankò, e pèp mwen an te rekòmanse okipe bèt yo ak jaden yo.

22 Epi, paske m vin granmoun, m pase wayòm nan bay youn nan pitit gason mwen yo; se poutèt sa, m p ap pale plis. M mande pou Senyè a beni pèp mwen an. Amèn.