Ekriti yo
Mozya 11


Chapit 11

Wa Noye dirije ak mechanste—Li pran plezi nan viv avèk anpil madanm ak metrès—Abinadi pwofetize pèp la pral tonbe nan esklavaj—Wa Noye vle wete lavi l. Anviwon 160–150 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, Zenif te pase wayòm nan bay Noye, youn nan pitit gason li yo; se poutèt sa, Noye te kòmanse gouvène nan plas li, e li pa t mache sou tras papa l.

2 Paske gade li pa t respekte kòmandman Bondye yo, men li te mache daprè pwòp dezi kè l; li te gen anpil madanm ak amanmzèl, epi li te b pèp li a fè peche ak bagay ki abominab devan je Senyè a. Wi, e yo te fè cabominasyon seksyèl ak tout kalite mechanste.

3 Epi, li te fè yo peye taks, yon senkyèm nan tout sa yo te posede, yon senkyèm nan lò ak lajan yo, azif yo, ak kuiv yo, ak eren ak fè yo; yon senkyèm nan bèt yo ak jaden yo.

4 Li te pran tout bagay sa yo pou l sipòte tèt pa l, ak madanm, ak metrès li yo; ak prèt li yo tou, ak madanm yo, ak metrès yo; se konsa li te chanje zafè Wayòm nan.

5 Paske li te revoke tout prèt papa l te konsakre yo, epi li konsakre lòt nan plas yo, lòt ki te gonfle kè yo avèk lògèy.

6 Wi, e se konsa yo te jwenn sipò nan parès yo, ak idolatri yo, ak abominasyon seksyèl yo, avèk taks Wa Noye te mete sou tèt pèp li a; se konsa, pèp la t ap travay anpil pou yo sipòte inikite.

7 Wi, epi tou, yo te vin tounen idolat paske wa a ak prèt li yo te twonpe yo avèk pawòl manti pou flate yo; paske yo te di yo bagay pou flate yo.

8 Epi, se te konsa, wa Noye te bati anpil gwo kay men lajè; li te dekore yo avèk bèl travay bwa rafine, ak tout kalite bagay presye, ak lò, ak lajan, ak fè, ak eren, ak zif, ak kuiv.

9 Epi, li bati yon gwo palè ak yon twòn nan mitan l, tout bagay sa yo te fèt avèk bwa rafine e yo te dekore avèk lò, avèk lajan, epi avèk bagay ki chè.

10 Epi, li te fè travayè yo travay avèk tout kalite materyo rafine andedan tanp lan; avèk bwa rafine, ak kuiv, ak eren;

11 Epi, fotèy ki te fèt apa pou gran prèt yo, ki te depase tout lòt fotèy, li te fè dekore yo avèk bon lò; e li te fè mete sipò devan yo, pou prèt yo te kapab apiye kò yo, ak ponyèt yo lè y ap bay pèp li a pawòl san sans ak manti.

12 Epi, se te konsa, li te bati yon afòtrès bò tanp lan; wi, yon fotrès men wotè; li te tèlman wo, wa a te kapab kanpe nan tèt la pou l domine sou peyi Chilòm ak peyi Chèmlon ki te nan men Lamanit yo, e li te menm kapab domine tout peyi alantou yo.

13 Epi, se te konsa, li te fè bati anpil kay nan peyi Chilòm nan, e li te fè bati yon gwo fòtrès sou mòn ki nan kote nò peyi Chilòm nan, ki te sèvi kòm refij pou desandan Nefi yo lè yo te sove kite peyi a. Se konsa li te fè avèk richès li te pran kòm taks sou pèp li a.

14 Epi, se te konsa, li te mete lide l sou richès, e li te pase lavi l nan banbòch avèk madanm ak metrès li yo; se konsa prèt li yo te pase lavi yo avèk pwostitye tou.

15 Epi, se te konsa, li te plante pye rezen toupatou nan peyi a; ak gildiv pou l kapab fè diven nan gaspiyaj; se poutèt sa, ni li, ni pèp li a te vin adejwe nan bwè diven.

16 Epi, se te konsa, Lamanit yo te kòmanse vini sou pèp li a, kont ti gwoup pou yo touye yo nan jaden yo, e lè yo t ap bay bèt yo manje.

17 Epi, wa Noye te voye gad alantou pou mete yo deyò, men li pa t voye ase, e Lamanit yo te vini sou yo, touye yo, e sove avèk anpil nan bèt yo; se konsa Lamanit yo te kòmanse detwi yo, e montre rayiman pou yo.

18 Epi, se te konsa, wa Noye te voye lame li kont yo, lame a te pouse yo deyò, oubyen, li te pouse yo deyò pandan yon ti tan, se poutèt sa, li te retounen pran plèzi l avèk sa l te bwote apre batay la.

19 Epi kounyeya poutèt viktwa sa a, yo te chaje kè yo avèk lògèy, yo te a lwanj pou fòs yo, yo te di, senkantèn pa yo kanpe devan milye Lamanit; se konsa yo te fè lwanj; yo te pran plèzi nan san, nan koule san frè yo, e sa te rive akoz mechanste wa a ak prèt yo.

20 Epi, se te konsa, te gen yon nonm nan pami yo ki te rele aAbinadi. Li te ale nan pami yo, e li te kòmanse pwofetize, li di: Men sa Senyè a di, e men jan li te kòmande m: Ale, epi di pèp sa a, men sa Senyè a di—Malè pèp sa a, paske m te wè abominasyon yo, ak mechanste yo, ak abominasyon seksyèl yo; e si yo pa repanti, m ap vizite yo nan kòlè m.

21 Epi si yo pa repanti e tounen vin jwenn Senyè Bondye yo a, m ap livre yo nan men ènmi yo; wi, e y ap tonbe nan aesklavaj; e ènmi yo ap aflije yo.

22 Epi, se pral konsa, y ap konnen m se Senyè a, Bondye yo a, e m se yon aBondye jalou ki pini pèp mwen an pou inikite l.

23 Epi, se pral konsa, si pèp sa a pa repanti, e tounen vin jwenn Senyè a, Bondye yo a, y ap tonbe nan esklavaj, e pèsonn p ap delivre yo, eksepte Senyè a, Bondye Toupisan an.

24 Wi, epi se pral konsa, lè yo kriye ban mwen, m ap alan pou m koute kriye yo; wi, e m ap kite ènmi yo frape yo.

25 Si yo pa repanti sou sak ak sann, e si yo pa kriye fò devan Senyè a, Bondye yo a, am p ap tande priyè yo, ni m p ap delivre yo nan afliksyon. Se konsa Senyè a di, e se konsa Senyè a kòmande m.

26 Kounyeya lè Abinadi te fin pale yo pawòl sa yo, yo te fache kont li; yo te vle wete lavi l; men, Senyè a te delivre l anba men yo.

27 Lè wa Noye te tande pawòl Abinadi te pale pèp la, li te fache; e li di: Kisa Abinadi ye pou l ta jije pèp mwen an; oubyen, aki sa Senyè a ye pou l ta voye gwo afliksyon sa a sou pèp mwen an?

28 M kòmande ou pou mennen Abinadi ban mwen pou m kapab touye l, paske li di bagay sa yo pou l kapab soulve pèp mwen youn kont lòt, e pou l kapab pwovoke kontansyon nan pami pèp mwen an; se poutèt sa, m ap touye l.

29 Je pèp la te avegle se poutèt sa, yo te b kè di kont pawòl Abinadi yo, e depi lè sa a, yo te chèche mwayen pou yo pran l. Wa Noye te fè kè l di kont pawòl Senyè a yo, e li pa t repanti nan peche l yo.