Ekriti yo
Mozya 14


Chapit 14

Ezayi pale konsènan Mesi a—Rapò konsènan imilyasyon ak soufrans Mesi a—Li ofri nanm Li kòm ofrann pou peche, epi Li plede pou transgresè yo—Konpare Ezayi 53. Anviwon 148 anvan Jezikri.

1 Wi, èske Ezayi menm pa t di: Ki moun ki te kwè rapò nou e ki moun Senyè a te lonje men bay?

2 Paske li pral grandi devan l tankou yon jèn pyebwa e tankou yon rasin pete sòti nan tè sèch; li pa gen fòm ni li pa bèl, e lè nou wè l, pa gen okenn bote nan li k ap fè nou renmen l.

3 Lèzòm rejte l, yo meprize l; se yon nonm ki nan lapenn, li nan soufrans; e se tankou nou kache figi nou pou li; li te meprize, e nou pa t respekte l.

4 Asireman, li te asipòte blapenn nou e li te pote tristès nou; poutan, nou te panse se te Bondye ki te frape l e ki te aflije l.

5 Men li te blese pou atransgresyon nou yo; yo te maltrete li pou inikite nou yo; chatiman ki pote lapè pou nou an te sou tèt li; e avèk mak li yo, nou bgeri.

6 Nou tout te pèdi tankou abrebi egare; nou chak te fè wout pa nou; e Senyè a te fè l pote inikite nou tout.

7 Li te oprime, li te aflije, men ali pa t ouvè bouch li; yo mennen l tankou yon bmouton nan labatwa, e tankou yon brebi bèbè devan moun k ap koupe plim li, li pa t ouvè bouch li.

8 Yo te rache l nan prizon ak nan jijman; kiyès ki pral rakonte desandan l yo? Paske yo te rejte l nan pami vivan yo, e yo te frape l pou transgresyon pèp mwen an.

9 Epi yo te mete tonm li nan pami pechè yo ak arich yo lè l te mouri a; malgre li pa t fè bmal, ni move pawòl pa t sòti nan bouch li.

10 Men, sa te fè Senyè a plèzi pou l maltrete l; li te mete l nan lapenn; lè ou bay nanm li kòm ofrann pou peche, lè sa a, li pral wè adesandan l yo, li pral viv lontan, e Senyè a pral vin pi kontan nan peyi li a.

11 Li pral wè afliksyon nanm li, e li pral satisfè; avèk konesans li, bon sèvitè m yo pral jistifye anpil moun, paske, li pral apote inikite yo.

12 Se poutèt sa, m pral ba li yon pòsyon avèk zotobre yo, e li pral separe avantaj la avèk zotobre yo paske li te bay nanm li pou l mouri; e li te konte nan pami transgresè yo; e li te pote peche anpil moun, e li te aplede pou transgresè yo.