Ekriti yo
Mozya 16


Chapit 16

Bondye rachte lèzòm anba eta pèdisyon ak chit yo a—Moun ki chanèl yo rete kòm si pa t janm gen redanmsyon—Kris la reyalize yon rezirèksyon pou lavi pa janm fini oubyen pou kondanasyon pa janm fini. Anviwon 148 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, lè Abinadi te fin pale pawòl sa yo, li te ouvè men l e li di: Gen yon lè k ap vini tout moun pral wè asali Senyè a; lè sa a tout nasyon, fanmi, lang ak pèp ap wè je nan je, epi yo ap brann temwayaj devan Bondye, pou yo fè konnen jijman l lan jis.

2 Lè sa a, yo ap achase pechè, e yo ap gen rezon pou yo rele, pou yo bkriye, pou yo jemi, pou yo griyen dan yo, paske yo pa t koute vwa Senyè a, se poutèt sa, Senyè a p ap rachte yo.

3 Paske yo achanèl epi yo dyabolik, e bdyab la gen pouvwa sou yo; wi, vye sèpan ki te ctwonpe premye paran nou yo, sa ki te lakoz yo dtonbe a, ki te lakoz lèzòm te vin chanèl, sansyèl, dyabolik la, paske yo te vin ekonnen byen ak mal e yo te soumèt yo devan dyab la.

4 Se konsa tout moun te apèdi, e si Bondye pa t rachte pèp li a nan pèdisyon, yo ta p pèdi pou tout tan.

5 Men, sonje moun ki pèsiste nan pwòp eta achanèl yo, e ki kontinye nan chemen peche ak rebelyon kont Bondye, yo ap rete nan eta dechi l la, e dyab la ap gen tout pouvwa sou li. Se poutèt sa, se kòm si pa t gen bredanmsyon ki te fèt, li se ènmi Bondye, e dyab la se ènmi Bondye tou.

6 Epi kounyeya, si Kris la pa t vini nan mond lan—m ap pale de bagay ki gen apou fèt tankou yo te deja fèt, pa ta p kapab gen redanmsyon.

7 Epi, si Kris la pa t leve nan pami mò yo, oubyen si l pa t kase kòd lanmò pou tonm lan pa t gen viktwa, e pou yo pa t agiyounen moun, pa ta p kapab gen rezirèksyon.

8 Men, gen yon arezirèksyon; se poutèt sa, tonm lan pa gen viktwa e Kris la anglouti agoni blanmò a.

9 Li se alimyè ak lavi mond lan; wi, yon limyè ki p ap janm fini, ki p ap janm etenn; wi, e se yon lavi ki p ap janm fini pou pa janm gen lanmò ankò.

10 Menm mòtalite sa a ap vin antre nan aimòtalite e, koripsyon sa a ap vin tounen yon bagay enkoriptib, epi yo ap bkanpe devan tribinal Bondye, pou yo cjije daprè sa yo te fè kit zèv yo te bon kit yo te move—.

11 Si yo te bon, y ap resisite pou lavi ak bonè asan fen, men si yo pa t bon, y ap resisite pou bkondanasyon san fen, yo tonbe nan men dyab la, ki te soumèt yo a, ki vle di kondanasyon—

12 Yo mache daprè volonte ak dezi chanèl yo, yo pa janm rele Senyè a lè ponyèt amizèrikòd li te lonje ba yo; paske ponyèt mizèrikòd la te lonje ba yo, e yo pa t vle; moun te avèti yo nan inikite yo, e yo pa t vle abandone yo; yo te gen kòmandman pou yo repanti, e yo pa t vle repanti.

13 Epi kounyeya, èske nou pa dwe tranble epi repanti pou peche nou yo e sonje, se sèlman nan Kris la, pa mwayen Kris la nou kapab sove?

14 Se poutèt sa, si nou ansenye alwa Moyiz la, se pou nou ansenye tou li se resanblans bagay ki gen pou.

15 Anseye yo redanmsyon vini pa Kris, Senyè a, ki se aPapa Etènèl nou an menm. Amèn.