Ekriti yo
Mozya 20


Chapit 20

Prèt Noye yo vòlè kèk nan pitit fi Lamanit yo—Lamanit yo deklare Limi ak pèp li a lagè—Yo repouse lame Lamanit yo, e yo fè yo vin pèzib. Anviwon 145–123 anvan Jezikri.

1 Kounyeya, te gen yon kote nan Chèmlon, pitit fi Lamanit yo te konn reyini pou yo chante, pou yo danse, e pou yo fè kè yo kontan.

2 Epi, se te konsa, yon jou, te gen yon ti gwoup ki te reyini ansanm pou yo chante epi pou yo danse.

3 Prèt wa Noye yo te wont retounen nan vil Nefi a, wi, e yo te pè pou pèp la pa t touye yo, se poutèt sa, yo pa t vle tounen al jwenn madanm ak pitit yo.

4 Yo te rete nan dezè a; yo te dekouvri pitit fi Lamanit yo, e yo t ap siveye yo.

5 Epi, lè te gen yon ti gwoup reyini ansanm pou yo danse, prèt yo te sòti kote yo te kache a, yo te pran fi yo e yo pote yo nan dezè a. Wi, yo te bwote vennkat nan pitit fi Lamanit yo nan dezè a.

6 Epi, se te konsa, lè Lamanit yo pa t wè pitit fi yo, yo te fache kont pèp Limi a, paske yo te konprann se te yo.

7 Se poutèt sa, yo te voye lame a; wi, wa a poutèt pa l li te devan pèp li a; e yo te ale nan peyi Nefi a pou yo detwi pèp Limi a.

8 Epi kounyeya, Limi te wè yo pandan l te sou tèt tou a, e li te dekouvri tout preparasyon lagè yo; se poutèt sa, li te rasanble pèp li a ansanm, e li te pare pyèj pou Lamanit yo nan jaden ak forè yo.

9 Epi, se te konsa, lè Lamanit yo te vini, pèp Limi a te sòti kote l te kache a, li te tonbe sou yo, e li te kòmanse touye yo.

10 Epi, se te konsa, batay la te vin rèd anpil, paske yo te goumen tankou lyon k ap goumen pou manje.

11 Epi, se te konsa, pèp Limi an te kòmanse fè Lamanit yo kouri devan l, men yo pa t mwatye Lamanit yo. Men yo te agoumen pou lavi yo, ak madanm ak pitit yo; se poutèt sa, yo te ranmase tout fòs yo pou yo goumen tankou dragon.

12 Epi, se te konsa, yo te jwenn wa Lamanit yo nan pami moun mouri yo, men li pa t mouri, li te blese e yo te kite l atè a, tèlman pèp li a t ap kouri vit.

13 Yo te pran l; yo te panse blese l yo, e yo te mennen l devan Limi, e yo di: Men wa Lamanit yo; li te blese, li te tonbe nan pami moun mouri yo, e yo te kite l; nou mennen l ba ou. An nou touye l kounyeya.

14 Men, Limi te di yo: Pa touye l, men mennen l pou m kapab wè l. Epi yo te mennen l. E Limi te di l: Pou ki rezon ou vin goumen avèk pèp mwen an? Pèp mwen an pa vyole asèman m te fè w la; poukisa ou vyole sèman ou te fè pèp mwen an?

15 Epi wa a te di: M te vyole sèman an paske pèp ou a te pran pitit fi pèp mwen yo; se poutèt sa m te fè kòlè, e m te fè pèp mwen an vin goumen avèk pèp ou a.

16 Limi pa t tande pale pawòl sa a ditou; se poutèt sa, li di: M pral chèche konnen nan pami pèp mwen an, e nenpòt moun ki te fè l la, ap peri. Se poutèt sa, li te fè rechèch nan pami pèp li a.

17 aJedeon te tande bagay sa a, kòm se kaptèn wa a li te ye, li te avanse e li te di wa a: M priye w, pa chèche nan pami pèp sa a, e pa fè l pote chay sa a.

18 Paske, ou pa sonje prèt papa w yo pèp la te bezwen touye a? Èske yo pa nan dezè a? Èske se pa yo menm ki vòlè pitit fi Lamanit yo?

19 E kounyeya, gade, di wa Lamanit yo bagay sa yo pou l kapab fè lapè avèk pèp li a pou nou; paske, yo gen tan prepare pou yo vin goumen avèk nou, e nou pa anpil.

20 Epi gade, y ap vini avèk tout lame yo; e si wa a pa kalme yo, n ap peri.

21 Paske, èske pawòl Abinadi te pwofetize kont nou yo pa aakonpli—e tout sa rive paske nou pa t koute pawòl Senyè a, e nou pa t vire do bay inikite nou yo?

22 E kounyeya, an nou kalme wa a, e n ap respekte sèman nou te fè li a; paske li pi bon pou nou rete nan esklavaj pase pou nou pèdi lavi nou; se poutèt sa, an nou fè tout san sa yo sispann koule.

23 Epi kounyeya, Limi te di wa a tout bagay konsènan papa l, ak aprèt yo ki te ale nan dezè a, e li te di se yo menm ki te pran pitit fi Lamanit yo.

24 Epi, se te konsa, wa a te fè lapè avèk pèp li a; e li te di yo: An nou ale rankontre pèp mwen an, san zam; e m sèmante w pèp mwen an p ap touye pèp ou a.

25 Epi, se te konsa, yo te suiv wa a, e yo te al rankontre Lamanit yo san zam. E se te konsa, yo te rankontre Lamanit yo; e wa Lamanit la te bese tèt devan yo, e li te plede pou pèp Limi a.

26 Epi, lè Lamanit yo te wè pèp Limi a pa t gen zam, yo te gen akonpasyon pou yo, yo te vin dou devan yo, e yo te retounen nan peyi yo nan lapè avèk wa yo a.